REMAK: Enfòmasyon apati 23 me 2023. Lwa ak règleman imigrasyon Ameriken yo ka chanje byen vit, tanpri sonje enfòmasyon yo ka chanje depi dènye aktyalizasyon an. Nou fè tout sa nou kapab pou mete ajou lè gen chanjman enpòtan. Enfòmasyon ki sou sit sa se pa konsey jiridik ke yo ye. Men se selman pou yo edike nou.
Avètisman: Tout Bagay Chanje Rapidman
La lwa nan peyi Etazini kontinye chanje, epi chak prizon ka gen pwòp politik ak pwotokòl endividyèl pa li. Enfòmasyon anba yo baze sou pratik estanda nan prizon CBP ansanm ak ICE yo nan dat 15 Me 2023.
Ki Ajans Ameriken Ki Ka Mete Moun Nan Prizon Sou Baz Lwa Imigrasyon?
Ni CBP ni ICE fè pati Depatman Sekirite Enteryè Etazini epi yo ka mete moun nan detansyon sou baz lwa imigrasyon nan peyi Etazini:
- Pwoteksyon Ladwann ak Fwontyè Etzini (CBP) reponsab pou bay moun antre Etazini nan pòt antre yo epi aplike lalwa ameriken sou fwontyè yo. CBP ka mete nenpòt moun ki ap chache antre Etazini nan yon pòt antre nan prizon. Etablisman CBP yo, la hielera ansanm ak la perrera enkli, men tou genyen lòt etablisman kote yo ka mete migran yo nan prizon pou plis tan.
- Ranfòsman Imigrasyon ak Ladwann Etazini (ICE) responsab aplikasyon la lwa imigrasyon Etazini atravè tout peyi a. ICE ka arete epi mete nan prizon moun ki andan Etazini ki pa genyen estati imigrasyon oswa ki fè vyolasyon imigrasyon.
Èske Yo Ap Mete Mwen Nan Detansyon?
Toujou genyen ris detansyon lè yon moun apwoche fwontyè Etazini an, menmsi se pou prezante nan yon pòt antre oswa travèse fwontyè a san sipèvizyon.
Ris detansyon an ogmante pou moun:
- Etazini te depòte deja ;
- ki gen pase kriminèl nan nenpòt peyi a;
- ki ap eseye antre san sipèvizyon; epi/oswa
- ki granmoun ki ap vwayaje pou kont yo.
Ris la ogmante tou pou moun ki prezante yo sou fwontyè a san randevou. Poutan, menm si yon moun gen yon randevou pou prezante sou fwontyè a sa pa garanti pwoteksyon konplè kont detansyon, malgre li ka diminye posibilite detansyon an.
Si Yo Anprizone m, Pou Konbyen Tan Mwen Ap nan Prizon?
Li difisil pou predi pandan konbyen tan yon moun ap nan prizone, paske sa depann de plizyè faktè, ki enkli si yo nan detansyon ICE oubyen nan detansyon CBP, si yo elijib pou pwoteksyon imigrasyon ou non, ansanm ak nenpòt istwa imigrasyon oubyen kriminèl Etazini.
Lè yon moun nan prizon tou prè fwontyè a, yo ap mete li nan prizon CBP avan. CBP ka depòte moun ki nan prizon yo a, li ka kenbe moun ki ap chache azil yo pandan yo ap swiv entèvyou laperèz kredib yo, oubyen li ka voye moun yo nan yon sant detansyon ICE. CBP ka mete yon moun nan prizon pou anviron de (2) semèn avan yo voye li retounen nan peyi orijin li – oubyen Meksik pou kèk migran ki soti Ayiti, Kiba, Nikaragwa osinon Venezwela. Yo ka transfere moun yo nan yon lòt etablisman tou kote Ranfòsman Imigrasyon ak Ladwann (ICE) ap dirije aprè yo fin mete yo nan prizon CBP. Moun yo kenbe nan ICE yo souvan nan pwosedi depòtasyon, sa ki ka pran plizyè mwa oswa ane konpare ak pwosedi depòtasyon akselere a ki li menm pi rapid.
ICE gen otorite pou li lage moun oubyen kenbe moun nan prizon pandan yo nan pwosedi imigrasyon devan yon jij imigrasyon jiskaske gen yon desizyon final sou dosye imigrasyon yo a, sa ki ka pran plizyè mwa. Pifò tribinal imigrasyon revize dosye yo pou moun ki nan prizon yo pi rapid pase dosye moun ki pa nan prizon yo, men yon moun ka toujou nan prizon pou plizyè mwa, tou depan si yo elijib pou ICE lage yo, ak ki rapidite odyans imigrasyon yo pwograme, epi si yo genyen nenpòt apèl toutfwa yo ta nye aplikasyon yo a.
Kisa Kap Pase Nan Prizon Imigrasyon an?
Yo pral plase pifò moun ki nan prizon imigrasyon nan pwosesis depòtasyon ki rele depòtasyon aksele. Yon pati nan pwosesis sa a, si yo vle rete Etazini, yo ap gen pou pase entèvyou sou demand azil yo a nan yon bagay ki rele entèvyou laperèz kredib. Depòtasyon akselere a souvan fèt nan etablisman prizon CBP yo.
Kondisyon ni nan sant detansyon CBP yo ni nan sant detansyon ICE yo ka difisil anpil. Si yon moun nan prizon imigrasyon, li ap gen aksè ki trè limite ak medikaman, douch, ansan ak vi prive, nan mitan lòt bagay. Sa ki nan prizon CBP yo ka pa menm gen aksè ak kabann epi yo ka dòmi atè a.
Li komen pou ofisye nan prizon imigrasyon yo konfiske afè moun yo lè yo ap antre nan peyi a, tankou telefòn ak dokiman. Moun ki ap travèse pou antre Etazini dwe toujou ekri epi memorize nimewo telefòn yo ta ka bezwen kontakte pandan yo nan prizon an. Pandan yo nan prizon imigrasyon an, moun yo dwe toujou an mezi pou yo prepare aplikasyon pou pwoteksyon imigrasyon, pale avèk yon avoka ansanm ak fanmiy yo, epi, si yo elijib, mande pou lage yo.
Ki Dwa Moun Yo Genyen Si Yo Nan Prizon?
Tout moun gen dwa pale avèk yon avoka an prive pandan yo nan prizon an, menmsi gouvènman ameriken an pap peye avoka pou moun ki nan prizon yo. Si yon moun nan yon etablisman CBP, li ap sèlman ka kontakte yon avoka nan telefòn. Nan yon etablisman ICE, yon moun ki genyen yon avoka dwe an mezi pou pale avèk li nan telefòn epi fas-a-fas lè li vizite prizon an.
Li ka difisil pou yon moun jwenn yon avoka pandan yo nan prizon CBP akoz aksèJ limite pou kominike ansanm ak fanmi yo epi jan yo ka genyen yon entèvyon byen rapid avèk yon ofisye imigrasyon. Fanmi yo ka al gade lis founisè sèvis jiridik gratis ki gen dwa ka ede yon moun CBP mete nan prizon nan https://www.justice.gov/eoir/page/file/1582586/download.
Si yon moun nan etablisman ICE, li ka pale ak founisè sèvis gratis yo ki vin vizite prizon an pou bay enfòmasyon ak asistans gratis ti cheri ak moun ki nan prizon yo. Òganizasyon sa yo souvan bay resous ak oryantasyon sou kòman pou mande ICE lage yon moun. Menm si kalite founisè sa yo pa kapab bay moun sa yo ki nan prizon yo pwòp avoka pa yo pou reprezante yo endividyèlman, men dèfwa yo ka refere moun bay òganizasyon ansanm ak avoka pou reprezante yo. Pale ak yon avoka se pi bon fason pou yon moun konprann mwayen ki genyen pou li soti nan prizon.
Si yon moun nan prizon nan yon Etablisman ICE, yo ka chache avoka lokal atravè resous sa yo:
- Lis Founisè Sèvis jiridik Grastis EOIR la, li separe pa eta epi pa tribinal imigrasyon, li disponib nan: https://www.justice.gov/eoir/list-pro-bono-legal-service-providers. Epi tou lis sa a montre ki òganizasyon gratis lokal ki ap dirige Pwogram Oryantasyon Jiridik la (LOP) nan chak prizon yo. Nan pifò prizon yo, nou ka rele LOP nan 2150# depi andan prizon an. Tanpri note, LOP pa souvan ka bay reprezantasyon individyèl men li ka bay enfòmasyon jiridik, resous, ansanm ak konsiltasyon limite.
- Repètwa Sèvis Jiridik Imigrasyon Nasyonal, ki gen ladan li òganizasyon gratis ka bay sèvis jiridik imirasyon gratis oubyen pou ti kras lajan, disponib nan https://www.immigrationadvocates.org/nonprofit/legaldirectory/.
- Lis avoka imigrasyon prive Pwojè Defans Demandè Azil la disponib nan https://help.asylumadvocacy.org/private-attorneys/. Avoka imigrasyon prive mande yon frè kòm dabitid.
Endividi ki nan detansyon dwe toujou an mezi rele fanmi yo ansanm ak moun yo renmen lè yo vle fè sa. Se sèlman apèl sòtan ki ka rive fèt nan sant detansyon yo epi yo kontwole epi anrejistre apèl sa yo. Gen plis enfòmasyon sou jan pou kite mesaj pou endividi ki nan prizon yo la https://www.ice.gov/detention-facilities.
Apèl ak nenpòt moun ki pa yon avoka, swa pa telefòn oswa pa konferans, fèt sou yon liy ki pa sekirize epi yo ka anrejistre sa kap di yo.
Kòman Pou Jwenn Si Yon Fanmi / Zanmi Nan Prizon Imigrason?
Si nou ap eseye lokalize yon moun ICE te mete nan prizon oswa yo te transfere nan prizon ICE, silvouplè ale sou Sistèm Lokalizatè Detni ICE la nan https://locator.ice.gov/odls/#/index epi chache ak A-Number endividi a (numero idantifikasyon imigrasyon a 9 chif li a) ansanm ak peyi kote li fèt. Si yon A-Number genyen 8 chif, ajoute zero nan komansman li.
Yon moun ka chache ak enfòmasyon biyografik endividi ki nan prizon an tou: plis espesifikman, non ap prenon jan yo parèt nan dokiman imigrasyon li, ansanm ak peyi kote li te fèt. Si rechèch la pa bay rezilta, esye ekri non li yon lòt fason, piske gouvènman an ka te mal eple non an nan done li yo.
Si nou jwenn done yon endividi nan sistèm nan, li dwe genyen non ansanm ak adrès prizon kote moun sa a ye a.
Si yon moun pa an mezi jwenn done fanmi oswa zanmi li, li ka kontakte Rapò Detansyon ak Liy Enfòmasyon ICE ERO nan 1-888-351-4024.
REMAK: Enfòmasyon apati 23 me 2023. Lwa ak règleman imigrasyon Ameriken yo ka chanje byen vit, tanpri sonje enfòmasyon yo ka chanje depi dènye aktyalizasyon an. Nou fè tout sa nou kapab pou mete ajou lè gen chanjman enpòtan. Enfòmasyon ki sou sit sa se pa konsey jiridik ke yo ye. Men se selman pou yo edike nou.