REMAK: Enfòmasyon apati 23 me 2023. Lwa ak règleman imigrasyon Ameriken yo ka chanje byen vit, tanpri sonje enfòmasyon yo ka chanje depi dènye aktyalizasyon an. Nou fè tout sa nou kapab pou mete ajou lè gen chanjman enpòtan. Enfòmasyon ki sou sit sa se pa konsey jiridik ke yo ye. Men se selman pou yo edike nou.
Yon moun ki antre san yo pa enspekte li osinon san randevou epi ki di ofisye Ameriken yo li pè retounen nan peyi orijin li epi li vle aplike pou azil dwe pase yon entèvyou laperèz kredib. Pandan entèvyou laperèz kredib la, yo pral mande moun nan kisa li te viv epi li pè nan peyi orijin li. Aprè entèvyou a, ofisye azil ki te fè CFI a pral pran yon desizyon sou dosye moun nan.
- Yon desizyon pozitif vle di yo rive kwè moun, epi ofisye azil la panse moun nan reponn ak estanda legal pou montre gen posibilite pou li kalifye pou azil ansanm ak lòt pwoteksyon pou yo pa depòte li. Jeneralman, yo ap lage moun nan pou li soti nan detansyon aprè yon rezilta pozitif de entèvyou li a, men sa depann de anpil faktè. Yon moun avèk yon rezilta pozitif dwe toujou aplike pou azil li nan espas yon lane kòmanse depi lè li te rive Etazini an.
- Yon desizyon negatif vle di ofisye azil la pa panse moun sa a reponn ak estanda legal pou montre li gen posibilite pou li kalifye pou azil osinon lòt pwoteksyon pou yo pa depòte li.
Kisa Kap Pase Aprè Yon Desizyon Pozitif?
Jeneralman, yo ap lage moun nan pou li soti nan detansyon aprè yon rezilta pozitif de entèvyou li a, men sa depann de plizyè faktè. Yon moun avèk yon rezilta pozitif dwe toujou aplike pou azil li nan espas yon lane kòmanse depi lè li te rive Etazini an.
Poukisa Yon Moun Ka Resevwa Yon Repons Negatif Aprè Yon Entèvyou Laperèz Kredib?
Gen plizyè rezon ki eksplike poukisa yon moun ki ap chache azil ka resevwa yon repons negative aprè entèvyou li:
- Paske yo pa jwenn temwayaj li a kredib – ofisye a pa kwè li;
- Paske ofisye a kwè maltretans la pa sifi pou konsidere li kòm pèsekisyon
- Paske ofisye a kwè maltretans la pa fè pati motif ki pwoteje yo (“le poukwa”).
Kisa Kap Rive Aprè Yon Desizyon Negatif?
Si ofisye azil la bay yon desizyon negatif, yon moun toujou gen dwa pou li mande pou yon jij imigrasyon revize desizyon sa a. Yon moun ka fè yon jij imigrasyon revize desizyon an sèlman lè li mande sa dirèkteman. Tout moun gen dwa ak revizyon jij imigrasyon an: Si yon moun mande pou yon jij revize desizyon an, gouvènman ameriken an dwe bay revizyon an.
Kòm dabitib moun yo gen de jou ant lè yo resevwa desizyon negatif la avèk lè yo dwe mande revizyon jij imigrasyon an. Gouvènman ameriken an dwe bay moun ki nan prison yo yon lis avoka gratis ke yo ka rele pou mande konsèy yo ka menm mande reprezante yo pandan revizyon jij imigrasyon an. Si sa ta posib, moun yo dwe konekte ak yon avoka avan revizyon jij imigrasyon an.
Si yon moun pa mande revizyon jij imigrasyon an aprè yon repons negatif de entèvyon laperèz kredib la, yo ap depòte li rapid rapid.
Kisa Kap Pase Pandan Revizyon Jij Imigrasyon an pou CFI a?
Jij imigrasyon an revize desizyon negatif sou laperèz kredib la pou li pran yon nouvo desizyon sou si yon moun montre chans yo mande a pou li genyen azil la, sispansyon depòtasyon an osinon dosye CAT la. Jiska 16 Me 2023, revizyon jij imigrasyon an ap fèt nan telefòn. Revizyon jij imigrasyon an se yon ti odyans tou kout, mwens pase 30 minit kòm dabitid.
Moun yo gen dwa ak yon entèprèt nan Lang yo prefere a epi se yon moun yo konprann pandan revizyon jij imigrasyon an. Si yon jij pa gen yon entèprèt ki prezan ki pale Lang prefere a, moun yo dwe asire yo yo di jij imigrasyon an ke yo bezwen yon entèprèt epi ki pale lang yo prefere a. Jij la dwe tann jiskaske entèprèt la la avan li kòmanse odyans la.
Moun yo gen dwa genyen yon avoka pandan revizyon an. Gouvènman an pap peye yon avoka pou aplikan an, men si aplikan yo gen avoka yo gen dwa pou li prezan. Moun ki swete pale avèk yon avoka men ki pat jwenn chans fè sa avan revizyon jij imigrasyon an dwe di jij la ke yo vle pale ak yon avoka men yo pat jwenn posibilite fè sa.
Yon moun ki vle aplike pou azil oubyen pou soulajman dwe an mezi pou bay nouvo temwayaj devan jij la, eksplike enfòmasyon ki manke osinon erè ki genyen nan CFI a, epi/oswa bay agiman sou rezon ki fè dezisyon negative ofisye azil la pa kòrèk. Yon moun ka bay jij imigrasyon an nouvo prèv pandan revizyon an tou (tankou atik nan jounal oswa lèt zanmi oubyen fanmi yo voye ki te wè maltretans yo te sibi a). Yon moun ka bay temwayaj yo aloral (an palan), osinon yo ka ekri temwayaj yo si yo an mezi pou jwenn yon plim ak papye. Gen kèk moun ki santi yo mare lè yo devan jij la ki prefere ekri bagay yo pou yo asire yo yo pataje tout detay yo kapab kosènan maltretans yo te soufri a epi poukisa yo te soufri li. Sa ki plis enpòtan an se di jij imigrasyon an laverite. Epi tou li enpòtan pou eksplike nenpòt bagay ki te mal pase pandan entèvyon laperèz kredib la. Bagay tankou si ou pa te santi ou byen, ou pat konprann entèprèt la, ou pa te santi w alèz pou pataje enfòmasyon ki sansib ak ofisye a, ou pa te konprann kesyon ofisye a te poze yo, oubyen lòt bagay konsa.
Kisa Kap Pase Aprè Revizyon Jij Imigrasyon an?
- Aprè revizyon an, jij la pral swa:
- “anile” desizyon Biwo Azil la (pa anakò ak konklizyon negatif la).
- Si jij la pa dakò ak desizyon negatif ofisye azil la, sa vle di jij la panse moun nan reponn ak estanda legal pou montre li gen posibilite kalifye pou azil osinon pwoteksyon kont depòtasyon. Jeneralman, yo ap lage yon moun soti nan prizon aprè jij la fin anile premye desizyon negatif la, men sa depann de plizyè faktè. Yon moun ki gen yon desizyon pozitif jij imigrasyon an dwe toujou aplike pou azil avan yon lane pase kòmanse konte depi lè li te antre Etazini an.
- “anile” desizyon Biwo Azil la (pa anakò ak konklizyon negatif la).
osinon
- “afime” desizyon Biwo Azil la (anakò ak konklizyon negatif la).
- Si jij la dakò ak desizyon negatif la, kòm dabitid demandè azil la gen dwa pou li soumèt yon demand Rekonsiderasyon desizyon jij la nan espas 7 jou.
- Sepandan, moun ki pa soti Meksik, ki te antre Etazini nan dat 11 Me 2023 osinon aprè sa san yo pat aplike epi refize jwenn azil nan yon lòt peyi, epi ki pa te antre sou fwontyè a avèk yon randevou pap kapab soumèt RFR, sof si yo ta montre sèten sikonstans eksepsyonèl. Gen plis detay sou eksepsyon egzijans yo pou yon randevou ki disponib sou paj sa a.
- Si jij la dakò ak desizyon negatif la, kòm dabitid demandè azil la gen dwa pou li soumèt yon demand Rekonsiderasyon desizyon jij la nan espas 7 jou.
Kisa Kap Pase Si Yon Moun Pa Kalifye Pou Azil?
Menmsi yon moun pa kalifye pou azil, li ka toujou kalifye pou yon lòt avantaj imigrasyon ki rele “Sispansyon Depòtasyon.” Pou yon moun kalifye pou sispanseyon an, moun sa a dwe pwouve menm bagay li ap bezwen montre pou kalifye pou azil la. Yo dwe montre tou ke yo genyen plis chans pase pou yo pa soufri pèsekisyon si yo depòte yo. Sa vle di, montre pou pi piti 51% chans soufri pèsekisyon. Sa a diferan de kalifikasyon pou azil la, ki sèlman egzije yon moun pou li montre 10% chans pèsekisyon.
Sispansyon depòtasyon an se pou moun ki elijib pou azil. Li vle di menmsi yon moun pa kalifye pou azil, gouvènman ameriken an pap depòte li. Yon moun ki genyen sispansyon depòtasyon an ka rete Etazini epi travay legalman, men li pap ka vwayaje andeyò peyi Etazini osinon jwenn rezidans pèmanan. Avantaj sa a se sèlman yon jij imigrasyon ki ka bay li.
Yon moun ki pa elijib pou azil ka aplike tou pou soulajman sou baz Konvansyon Kont Soufrans (CAT). Pou elijib, yon moun dwe montre li plis posib pase pa viv maltretans ki serye ase pou reponn ak definisyon soufrans si yo depòte li. Epi tou yo dwe montre gouvènman nan peyi orijin yo ap maspinen yo oubyen ap inyore entansyonèlman ke gen yon pati prive ki ap maspinen yo. Kontrèman avèk azil la ansanm ak sispansyon an, pou soulajman CAT la moun yo pa bezwen montre soufrans la fè pati 5 motif nou konnen yo ki aplike nan desizyon azil ansanm ak sispansyon an: ras, relijyon, opinión patikilye, nasyonalite, ansanm ak gwoup sosyal patikilye.
Si yon moun pa elijib pou azil, sispansyon, osinon CAT, yo ap depòte li rapi rapid.
REMAK: Enfòmasyon apati 23 me 2023. Lwa ak règleman imigrasyon Ameriken yo ka chanje byen vit, tanpri sonje enfòmasyon yo ka chanje depi dènye aktyalizasyon an. Nou fè tout sa nou kapab pou mete ajou lè gen chanjman enpòtan. Enfòmasyon ki sou sit sa se pa konsey jiridik ke yo ye. Men se selman pou yo edike nou.