Eske sèvis IRAP yo Gratis?
Gid sa a bay enfòmasyon sou kominikasyon ak yon moun ki fè konnen li ap travay pou IRAP, oswa ki fè konnen li reprezante IRAP.
Tout Ed IRAP yo Gratis.
- IRAP pa janm mande lajan, sèvis oswa lòt avantaj pou li ba ou èd legal. IRAP pap janm mande lajan dirèkteman oswa endirèkteman. IRAP pap janm mande yon frè pou yon gouvènman oswa pou yon lòt antite.
- Pyès moun ki afilye ak IRAP pa gen dwa pou mande ou lajan, sèvis oswa lòt avantaj.
- IRAP pa janm mande lajan pou kite ou aplike pou yon djòb.
- IRAP pa janm òganize lotri, ofri pri oswa lajan.
- IRAP pap janm mande ou non itilizatè ak modpas ou.
Ou pa dwe peye pèsonn:
- Pou mete ou an kontak ak IRAP.
- Pou jwenn nenpòt ki fòm èd la nan men IRAP.
- Pou jwenn nenpòt ki fòm èd la nan men UNHCR.
- Pou aplike pou nenpòt ki djòb la nan IRAP.
- Si pwosesis jiridik ou bezwen èd pou li a egzije pèman yon frè, IRAP ap mande ou pou peye frè sa a dirèkteman nan biwo gouvènman an oswa founisè ki responsab pou trete aplikasyon ou a. Pa gen pyès moun nan IRAP ki ap janm mande ou lajan pou aplikasyon ou a. Kalite frè ou ka gen pou peye dirèkteman nan biwo gouvènman an enkli:
o Pou aplike pou yon viza oswa pou soumèt fòmilè ki egzije yon frè.
o Pou jwenn yon dokiman ofisyèl tankou yon sètifika lapolis.
o Pou yon egzamen medical.
IRAP pap janm kominike atravè chanèl ofisyèl yo.
- Anplwaye IRAP yo pral kominike avèk ou sou dosye w la nan apèl vokal oswa videyo. Yo pap mande detay pèsonèl sou dosye ou a nan mesaj tèks. Si ou ap echanje mesaj ekri ansanm ak yon moun ki di li se anplwaye IRAP, yo pa anplwaye IRAP sof si yo ba ou nimewo dosye ou a.
- Estaf IRAP la ap antre an kontak avèk ou sèlman si ou mande èd IRAP oswa yon lòt ONG klèman gen konsantman ou pou li refere ou bay IRAP. Lè IRAP rele ou li toujou di ou non òganizasyon sa ansanm ak endividi ki refere ou a. Si ou pa sonje ou te klèman bay konsantman ou pou referans la, ou pa dwe kwè moun ki rele a.
- Nou ap toujou voye imèl ba ou ak adrès imèl ki fini pa @refugeerights.org oswa @refugeerights.zendesk.com.
- IRAP ap opere de sit entènèt. Sa yo se inik sit entènèt IRAP ap opera.
o iraplegalinfo.org
o refugeerights.org
- Kont ofisyèl media sosyal IRAP yo se:
o Facebook: facebook.com/RefugeeAssist
o Twitter: @IRAP, twitter.com/IRAP
o IRAP’s official instagram: @RefugeeAssistance, https://www.instagram.com/refugeeassistance
Ou Ka Denonse Fwod
Si ou kwè yon moun ki kontakte ou ki di li se yon estaf I
RAP pa yon estaf IRAP, voye yon imèl bay fraudalert@refugeerights.org. Adrès imèl sa a sèlman pou li resevwa denonsyasyon fwod. IRAP pap itilize adrès imèl sa a pou konsidere demand èd jiridik.