Pwojè Asistans Entènasyonal pou Refijye yo (IRAP) bay èd legal gratis pou kèk refijye ak moun deplase.
- IRAP ede kèk moun jwenn sèvis epi prepare aplikasyon pou refijye oswa viza.
- IRAP pa fè pati okenn gouvènman, OIM, oswa UNHCR.
- IRAP pa ka bay estati refijye oswa viza, epi li pa ka akselere pwosesis yo.
- IRAP pa ka bay èd finansye, jwenn oswa peye pou lojman, oswa jwenn travay.
- Tout èd IRAP yo gratis. Pesonn ki afilye ak IRAP pa gen dwa mande ou lajan oswa okenn lòt sèvis.
IRAP deside ede moun ki baze sou bezwen yo ak kalifikasyon yo pou estati imigrasyon. IRAP pa deside ede moun ki baze sou okenn lòt kritè sosyal, politik, oswa relijye.
Sit entènèt sa a bay enfòmasyon jeneral sou pwosesis legal ki disponib pou kèk refijye. Li pa fèt kòm konsèy legal pou aplikasyon endividyèl yo.
Egzijans yo ka chanje. Toujou tcheke egzijans aktyèl yo ak gouvènman an oswa ajans ki deside sou demann ou an.
NÒT: Enfòmasyon sa yo soti nan 7 JEN 2024. Enfòmasyon sa yo afekte pa nouvo politik apati 20 JANVYE 2025 epi yo pral mete ajou byento.
Ki sa atik sa a genyen ladan l?
- Kisa mo “Azil” vle di
- Kiyes ki ka kalifye pou azil
- Poukisa yo ta ka refizew pou azil
- Kilè pouw aplike pou azil
Ki sa ki azil?
Azil se yon fòm pwoteksyon ki pèmèt yon moun rete Etazini olye pou yo deplase li (depòte) nan yon peyi kote ke ou pè kew ka fè fas ak pèsekisyon. Pèsekisyon vle di yon mal trè serye. Si ou vle plike pou azil nan Etazini ou dwe :
- Etazini lèw ap aplike, oubyen
- Eseye rantre nan yon pò antre Etazini
Pouw gen azil, ou dwe montre poukisa ou pè retounen nan peyi lakay w.
- Si w aplike pou azil epi aplikasyon w te annatant (ap tann) pou omwen sis mwa, ou ka aplike pou pèmisyon pou w travay.
- Si w resevwa azil, ou ka aplike pita pou yon kat vèt (rezidans pèmanan legal). Ou ka resevwa yon kat vèt apre ou fin gen azil pou yon ane.
Kiyès ki ka aplike pou Azil?
Sèlman kèk moun ka aplike pou azil. Ou dwe sèlman aplike pou azil si TOUT nan bagay sa yo vrè. Yon moun ki kalifye pou azil Etazini si li ranpli tout kondisyon sa yo:
- Ou pa soti Etazini, men ou Etazini oswa nan yon pò antre Etazini.
- Ou te fè fas ak pèsekisyon, oubyen yon atak trè serye, nan peyi ou oubyen w gen yon trè bon rezon pou w panse ou pral fè fas ak atak siw retounen. Pèsekisyon sa a ka vle di mal fizik ke te fè fas nan tan pase, yon mal seksyèl, emosyonèl, ak/oswa domaj sikolojik ak menas grav nan mal nan lavni,
- Yo te pèsekite w (atak serye) oswa ou pè pou yo pa al pèsekite (atak serye) akòz de youn oswa plizyè nan bagay sa yo:
- Ras
- Relijyon
- Opinyon politik
- Nasyonalite
- Manm nan yon gwoup sosyal patikilye (tankou sèks yo, oryantasyon seksyèl yo, oswa gwoup fanmi yo).
- Ou te pesekite (atak grav) oswa ou te pè fè fas a pèsekisyon (atak grav) gouvènman an oswa yon moun ke gouvènman an pa kapab oswa pa pral pwoteje w fas ak li.
- Ou pa gen okenn kote nan peyi ou kote ou ta ka an sekirite.
Ou dwe montre ke rezon ki fè pèsekisyon (atak grav) an te rive oswa ka rive a gen pou wè ak yon bagay konsènan ou kòm yon moun. Lis ki pi wo a (a. jiska e.) se senk bagay konsènan ou ki pral konte sou aplikasyon an. Pou egzanp, ou ta ka an risk akòz de ki moun ou gen rapò ak yo. Ou ta ka an risk tou akòz sa ou kwè (pa egzanp, ke fanm yo egal ak gason) oswa pou yon bagay ou te fè (tankou ale nan yon manifestasyon).
Se pa sèlman bagay sa yo ki ta ka kalifye pou fè w an risk; yo se jis egzanp. Li enpòtan pou w konnen ke ou pa ka resevwa azil akòz yon sitiyasyon jeneralman move oswa danjere ke prèske tout moun nan peyi ou fè fas a. Ou dwe montre ou gen yon risk patikilye espesyalman akoz de moun ou ye a. Difikilte finansye poukont li se pa yon baz pou yon demann azil.
Poukisa ou ta ka jwenn refize azil
Menmsi TOUT bagay ki anwo yo se vre pou ou, Etazini ka toujou refize aplikasyon w pou azil. Etazini ka fè sa pou kèk rezon, e rezon sa yo yo rele limit pou azil.
Men de egzanp:
- Si w gen estati pèmanan nan yon peyi ki pa pwòp ou a (estati pèmanan vle di pèmisyon legal pou w viv yon kote). Ou ta ka toujou jwenn azil si ou montre ke ou pa an sekirite nan peyi kote ou gen pèmisyon legal pou viv la.
- Si w te deja aplike pou azil Ozetazini epi yon jij imigrasyon ameriken te rejte w anvan oswa ou gen yon lòd depòtatasyon akselere.
Gen yon règ 2023 ki rann li pi difisil pou w jwenn azil si w soti nan yon lòt peyi ki pa Meksik epi w vin Ozetazini swa pa lanmè oswa sou fwontyè Etazini ak Meksik ant 11 me 2023 ak 4 jen 2024 epi ou pa t kwaze ak yon randevou CBP. Pifò moun ki antre Ozetazini nan fwontyè Etazini ak Meksik san yon randevou apre 5 jen 2024 pa gen dwa aplike pou azil. Gen kèk eksepsyon nan tou de règ yo. Menmsi ou pa gen dwa aplike pou azil, ou ka toujou kapab aplike pou lòt estati. Pou plis enfòmasyon, gade atik sa a.
Lè pou aplike pou azil
Ou bezwen aplike pou azil anvan yon ane pase depi ou antre Ozetazini.
Si w aplike twò ta, yo ka refize aplikasyon azil ou a. Gen kèk eksepsyon nan dat limit la, men li trè enpòtan pou aplike anvan yon ane pase depi dènye antre ou nan Etazini. Dat limit sa a se menm si ou nan detansyon imigrasyon.