Pwojè Asistans Entènasyonal pou Refijye yo (IRAP) bay èd legal gratis pou kèk refijye ak moun deplase.
- IRAP ede kèk moun jwenn sèvis epi prepare aplikasyon pou refijye oswa viza.
- IRAP pa fè pati okenn gouvènman, OIM, oswa UNHCR.
- IRAP pa ka bay estati refijye oswa viza, epi li pa ka akselere pwosesis yo.
- IRAP pa ka bay èd finansye, jwenn oswa peye pou lojman, oswa jwenn travay.
- Tout èd IRAP yo gratis. Pesonn ki afilye ak IRAP pa gen dwa mande ou lajan oswa okenn lòt sèvis.
IRAP deside ede moun ki baze sou bezwen yo ak kalifikasyon yo pou estati imigrasyon. IRAP pa deside ede moun ki baze sou okenn lòt kritè sosyal, politik, oswa relijye.
Sit entènèt sa a bay enfòmasyon jeneral sou pwosesis legal ki disponib pou kèk refijye. Li pa fèt kòm konsèy legal pou aplikasyon endividyèl yo.
Egzijans yo ka chanje. Toujou tcheke egzijans aktyèl yo ak gouvènman an oswa ajans ki deside sou demann ou an.
Kisa ki chanje? Poukisa chanjman sila yo enpòtan?
Kesyon yo poze souvan sou Depòtasyon Rapid
Kijan m ka mande gouvènman Ameriken an kite m aplike pou azil?
Kijan pwosedi entèvyou a fonksyone?
Èske yo pral arete m (mete m nan gadavi/prizon) si m nan pwosedi depòtasyon rapid la?
Èske m ap ka pran yon avoka si m nan pwosedi depòtasyon rapid?
Kijan pou m soti nan pwosedi depòtasyon rapid la? M ap pase devan jij?
Si m pè depòtasyon rapid, kisa m ka fè?
Rezime
Atik sa a esplike kisa depòtasyon rapid la ye ak kiyès li ka konsène. Li pataje enfòmasyon sou jefò Trump fè pou l elaji kad depòtasyon rapid la nan mwa Janvye 2025. Atik sa a gen enfòmasyon enpòtan tankou:
- Enfòmasyon sou pwosedi depòtasyon rapid,
- Ki moun ki ka sibi pwosedi a,
- Kisa ki rive lè w nan pwosedi a, ak
- Kilè yon moun ka soti nan pwosedi a epi eseye rete nan peyi Etazini.
Kisa depòtasyon rapid la ye?
Depòtasyon rapid la se yon pwosedi ki pèmèt gouvènman Ameriken an depòte kèk moun prese prese. Kòm egzanp, gen lontan depi y ap itilize pwosedi depòtasyon rapid la pou yo depòte byen vit moun ki rantre Etazini san otorizasyon epi ki rantre an kontak ak ajan imigrasyon ameriken ki tou pre fwontyè yo.
Nan kad yon pwosedi depòtasyon rapid, ou pa gen dwa pase devan yon jij. Olye de sa, yon lòt ofisye gouvènman an gen dwa òdone depòtasyon w san w pa janm jwenn chans prezante dosye w la devan yon tribinal. Depi yo fin bay lòd la, yo ka voye w tounen nan peyi kote w fèt la. Pou kèk nasyonalite, yo ka voye w nan yon lòt peyi, tankou Meksik.
Mwen aprann pwosedi sila a chanje sou gouvènman Trump lan. Kisa nouvo politik sou depòtasyon rapid yo ye ? Kijan m ka konnen si sa konsène m?
Depi 23 Janvye 2025, gouvènman an fè konnen, tout moun ki pa t gen otorizasyon pou rantre nan peyi Etazini sou pwogram "parole" oswa gras ak yon viza epi ki pa ka pwouve yo nan peyi a depi plis pase 2 lane ka tonbe nan pwosedi depòtasyon rapid la. Moun ki ale sou fwontyè ofisyèl yo epi ki mande rantre nan peyi Etazini ka toujou tonbe nan pwosedi depòtasyon rapid la tou.
Si w te rantre Etazini san yon viza oswa yon lòt otorizasyon jiridik pandan 2 lane ki sot pase yo, ou ka tonbe nan pwosedi depòtasyon rapid la. Depi 23 Janvye 2025, gouvènman Ameriken an deklare menmsi moun lan te rantre Etazini sou pwogram "parole", y ap eseye mete l nan pwosedi depòtasyon rapid la. Si nou byen konprann, gouvènman an mande ajan imigrasyon ameriken yo pou yo revize pèmisyon kondisyonèl moun ki rantre nan kèk pwogram "parole" epi gade si yo ka mete yo nan pwosedi depòtasyon rapid. Gouvènman an deklare sa a valab pou moun ki te rantre gras ak yon randevou CBP One, menm jan ak moun ki te benefisye de pwogram “parole” la tankou resòtisan Kiben (Cuban), Ayisyen (Haitian), Nikaragweyen (Nicaraguan), oswa Venezyelyen (Venezuelan). Li ka aplike pou lòt moun tou.
Pou moun ki nan sitiyasyon sa epi ki gen yon dosye azil devan tribinal imigrasyon, gouvènman Ameriken an ka eseye fèmen dosye yo a devan tribinal la epi mete yo nan pwosedi depòtasyon rapid pito. Gouvènman an deklare li vle aplike politik sa a plis kont moun ki te rantre sou pwogram "parole" depi yon (1) lane oswa plis epi ki poko aplike pou azil.
Kisa ki chanje? Poukisa chanjman sila yo enpòtan?
Anvan chanjman sa yo, yo te ka mete yon moun ki deja rantre Etazini nan depòtasyon rapid si sèlman gouvènman Ameriken an arete l a mwens pase 100 kilomèt de youn nan fwontyè l yo ak nan yon espas tan ki pa depase 14 jou depi l rantre nan peyi a.
Pou kounye a, si w te rantre Etazini san yon viza oswa lòt otorizasyon legal nan 2 dènye lane ki sot pase yo, yo ka mete w nan depòtasyon rapid. Distans ki separe w de fwontyè yo pa enpòtan. Sa vle di pi plis moun ki twouve yo nan peyi Etazini ka tonbe nan pwosedi depòtasyon rapid.
Kesyon yo poze souvan sou Depòtasyon Rapid
Si yo mete m nan depòtasyon rapid, èske m ka toujou mande azil oswa lòt fòm otorizasyon pou m ka rete nan peyi Etazini?
Nan kad yon pwosedi depòtasyon rapid, ou ka sèlman kòmanse yon pwosedi pou wè si yo otorize w aplike pou azil oswa lòt fòm otorizasyon pou w ka rete nan peyi Etazini. Si w nan depòtasyon rapid, ou pa ka aplike pou azil toutotan gouvènman Ameriken an pa deside ou gen otorizasyon pou sa.
Kijan m ka mande gouvènman Ameriken an kite m aplike pou azil?
Si w pè retounen nan peyi w, epi ou di yon reprezantan gouvènman Ameriken an sa, yo ta dwe fè w pase yon entèvyou. Sa w di nan entèvyou sa a pral ede gouvènman Ameriken an deside si w elijib pou w aplike pou azil oswa lòt fòm otorizasyon pou w ka rete nan peyi Etazini.
Sepandan, li enpòtan anpil pou w sonje ajan imigrasyon yo pa oblije mande w si w pè oswa si w vle aplike pou azil. Sa vle di yo gendwa pa mande w. Pou rezon sila a, si w pè retounen nan peyi w, ou dwe esplike reprezantan gouvènman Ameriken yo sa byen bonè, toutotan w jwenn okazyon pou w fè sa. Ou ka di plizyè moun sa, epi w ka di yo sa plizyè fwa.
Li enpòtan pou w konnen tou si w ak fanmi w, sa ka rive yo separe nou. Se poutèt sa, si w pè retounen nan peyi w, ou dwe asire w chak moun nan fanmi w konnen kijan sa fonksyone, epi pou yo di reprezantan imigrasyon Ameriken yo poukisa yo pè byen bonè, toutotan yo kapab, depi yo jwenn okazyon pou fè sa. Sa valab tou menm pou timoun yo.
Kijan pwosedi entèvyou a fonksyone?
Si w di yon reprezantan gouvènman Ameriken an ou pè retounen nan peyi w, yo ta dwe fè w pase yon entèvyou. Selon sitiyasyon w, yo ka rele entèvyou a yon “entèvyou krentif kredib” oswa yon “entèvyou krentif rezonab”. Sa k enpòtan pou w konnen sou entèvyou sa a, se ajan imigrasyon an ap chèche konprann pou ki rezon ou pè retounen nan peyi w epi si sa vle di yo ta dwe pèmèt ou aplike pou w rete nan peyi Etazini.
Sonje byen entèvyou sila a pa ba w azil. Si w pase l, w ap jis jwenn chans aplike pou azil.
Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou entèvyou yo nan lyen sila a (klike sou “here”) here.
Èske yo pral arete m (mete m nan gadavi/prizon) si m nan pwosedi depòtasyon rapid la?
Wi, yo ka arete w epi gen anpil chans pou sa rive. Anpil moun ki nan depòtasyon rapid ale nan prizon pandan reprezantan Ameriken yo ap kòmanse pwosedi depòtasyon an ak/oswa pandan tout pwosedi entèvyou a. Si yo arete w sa vle di y ap kenbe w nan gadavi/prizon.
Èske m ap ka pran yon avoka si m nan pwosedi depòtasyon rapid?
Wi, w ap gen dwa ak yon avoka. Depòtasyon rapid la fèt vit, poutèt sa li enpòtan pou w kontakte yon avoka menm moman an.
Si yo arete w, ou gen dwa pou w mande yon avoka, ou gen dwa tou pou w fè yon apèl nan telefòn pou w eseye jwenn yon avoka. (Sa vle di otorite yo pa ka anpeche w mande yon avoka ni tou yo pa ka anpeche w fè yon apèl pou w eseye jwenn yon avoka.)
Li enpòtan pou w pa siyen okenn dokiman si w pa konprann li. Si w se yon moun yo ka mete nan pwosedi depòtasyon rapid la, li t ap bon pou w pale ak yon avoka anvan w annafè ak fòs lòd yo.
Kijan pou m soti nan pwosedi depòtasyon rapid la? M ap pase devan jij?
Si w pase swa yon entèvyou krent kredib oswa yon entèvyou krent rezonab, w ap gen pou w pase devan yon tribinal imigrasyon. Sa vle di w ap ka prezante dosye w la devan yon jij imigrasyon. Si w pa di reprezantan imigrasyon Ameriken yo ou pè tounen nan peyi w, oswa si w pa jwenn yon repons pozitif sou entèvyou krent rezonab oswa krent kredib ou a, reprezantan imigrasyon Ameriken yo ka depòte w byen vit san w pa pase devan jij. Si w soti nan depòtasyon rapid la pou w pase devan tribinal imigrasyon, li posib pou w toujou rete nan prizon pandan tout pwosedi a.
Si m pè depòtasyon rapid, kisa m ka fè?
Tout moun ki pa gen yon estati legal pèmanan nan peyi Etazini, epi ki nan peyi a depi mwens pase 2 lane, ta dwe konsilte yon avoka imigrasyon sou sitiyasyon pèsonèl li. Nou pa konnen kijan reprezantan imigrasyon Ameriken yo pral aplike nouvo politik sa yo egzakteman.
Si w pè depòtasyon rapid, gen kèk bagay ou ta dwe toujou gen sou ou sizoka fòs lòd yo ta kanpe w. Bagay sa yo se:
-
Si w gen yon estati legal nan peyi Etazini:
- Prèv estati legal ou, tankou dokiman ki montre estati imigrasyon w oswa sitwayènte w
-
Si w gen yon dosye lajistis oswa yon demann y ap trete:
- Dokiman oswa lòt prèv ou gen yon dosye y ap trete oswa yon aplikasyon. Malerezman, gouvènman an ka toujou eseye mete w nan depòtasyon rapid.
-
Si w rantre nan peyi a depi plis pase 2 lane:
- Dokiman ki montre depi kilè w ap viv nan peyi Etazini. Tankou biyè avyon, kat idantifikasyon nasyonal, kat bibliyotèk, kourye ki make non w ak adrès lakay ou, dosye lekòl, kontra lokasyon, ak lòt dokiman menm jan an ki montre w t ap viv nan peyi Etazini depi plis pase 2 lane.
Sonje ou pa oblije reponn kesyon sou estati imigrasyon w – klike sou (here) here pou plis enfòmasyon sou dwa w si yo poze w kesyon sou estati imigrasyon w.
Lòt enfòmasyon ak resous
NILC Know Your Rights Expedited Removal Expansion
National Immigrant Justice Center: Know Your Rights if You Encounter ICE