Tab kontni
Dènye fwa atik sa a te mete ajou se te nan dat 26 mas 2025.
Rezime
Atik sa a dekri kisa ekspilsyon akselere e ki moun li ta ka afekte. Li pataje enfòmasyon sou efò Gouvènman mmeriken an pou elaji ekspilsyon akselere nan mwa janvye 2025. Atik sa a gen ladan l:
- Enfòmasyon sou pwosesis ekspilsyon akselere a,
- Ki moun yo ka mete nan pwosesis la,
- Kisa k ap pase lè ou nan pwosesis la, e
- Kilè yon moun ka soti nan pwosesis la pou eseye rete Ozetazini.
Kisa ki ekspilsyon akselere an?
Ekspilsyon akselere se yon pwosesis ki pèmèt gouvènman ameriken an depòte kèk moun trè vit. Pa egzanp, yo ap itilize ekspilsyon akselere depi lontan pou depòte byen vit moun ki te antre Ozetazini san otorizasyon epi ki te antre an kontak ak ofisye imigrasyon Etazini toupre oswa nan fwontyè a.
Nan ekspilsyon akselere, ou pa gen dwa pou wè yon jij. Olye sa, yon lòt otorite gouvènman an ka bay lòd pou yo depòte w san w pa janm gen chans prezante dosye w lan nan tribinal. Yon fwa yo pase òdonans la, yo ka ekspilse ou nan peyi sitwayènte ou. Pafwa, yo kapab ekspilse w tou nan yon lòt peyi.
Mwen tande pwosesis sa a chanje sou Trump. Kisa nouvo règleman yo ye konsènan ekspilsyon akselere? Kijan pou mwen konnen si yo afekte mwen?
Jiska 23 janvye 2025, gouvènman an di anpil moun ki pa t antre Ozetazini ak viza epi ki moun ki pa ka pwouve yo te Ozetazini pou plis pase dezan ka plase nan pwosesis ekspilsyon akselere a. Moun ki ale nan pò antre otorize yo epi ki mande pou yo antre Ozetazini ka toujou plase nan ekspilsyon akselere.
Si ou te antre Ozetazini san yon viza oswa lòt otorizasyon legal nan de dènye ane yo, yo ta ka mete w nan ekspilsyon akselere. Apati 23 janvye 2025, gouvènman ameriken an te di li pral eseye mete moun nan ekspilsyon akselere menm si yo te antre nan peyi Etazini ak admisyon kondisyonèl. Dapre jan nou konprann li, kounye a gouvènman an te di otorite imigrasyon ameriken yo pou yo revize admisyon kondisyonèl moun ki te antre nan kad sèten pwogram admisyon kondisyonèl epi deside si yo ka mete yo nan ekspilsyon akselere.
Gouvènman an di sa aplikab ak moun ki te antre nan randevou CBP One, ansanm ak moun ki te resevwa admisyon kondisyonèl kòm yon sitwayen Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen oswa Venezyelyen. Li gendwa aplike ak lòt moun tou.
Pou moun ki nan sitiyasyon sa a ki gen yon dosye azil deja devan yon tribinal imigrasyon, gouvènman ameriken an gendwa eseye mete fen nan dosye yo nan tribinal la epi mete yo nan ekspilsyon akselere pito. Gouvènman an di yo vle sèvi ak politik sa a pi plis kont moun ki te antre ak admisyon kondisyonèl sa gen yon lane oswa plis epi ki poko aplike pou azil.
Nan mwa mas 2025, gouvènman an te pibliye kèk detay anplis. Presizeman, yon nouvo politik di otorite imigrasyon yo lè yo fè randevou anrejistreman ICE, yo ka mete gwoup moun sa yo nan ekspilsyon akselere oswa nan yon dosye ekspilsyon nan tribinal imigrasyon, si yo pa te depoze yon aplikasyon pou azil:
- Moun ki te antre Ozetazini san otorizasyon men Otorite imigrasyon yo te libere nan fwontyè a pou yo te antre Ozetazini, kèlkeswa dire tan yo te antre Ozetazini.
- Moun ki te antre Ozetazini epi yo te ba yo "admisyon sou kondisyon" oswa "altènativ ak detansyon"
- Moun ki te resevwa yon "avi pou rapòte" nan men otorite imigrasyon nan fwontyè a.
Si yo mete w nan ekspilsyon akselere oswa yon dosye louvri nan tribinal imigrasyon, admisyon kondisyonèl ou an ap fini otomatikman.
Kisa ki chanje? Poukisa chanjman sa yo enpòtan?
Anvan chanjman sa yo, yo te kapab sèlman mete moun ki te deja andedan Etazini nan ekspilsyon akselere si gouvènman ameriken an te kenbe yo nan distans 100 mil parapò ak yon fwontyè Etazaini e nan espas 14 jou apre yo te antre nan peyi a.
Kounye a, si w te ntre Ozetazini san yon viza oswa yon lòt otorizasyon legal nan de dènye ane ki sot pase yo oswa si w tonbe nan youn nan gwoup nou diskite pi wo a, yo ka mete w nan ekspilsyon akselere. Kèlkeswa distans ou ye parapò ak fwontyè a. Sa vle di anpil lòt moun nan peyi Etazini kapab plase kounye a nan ekspilsyon akselere.
Kesyon komen sou ekspilsyon akselere
Si yo mete m nan ekspilsyon akselere, èske m ka toujou mande azil oswa yon lòt kalite otorizasyon pou m rete Ozetazini?
Nan ekspilsyon akselere, ou kapab sèlman demare yon pwosesis pou wè si ou gen dwa aplike pou azil oswa lòt otorizasyon pou rete Ozetazini. Si w gen yon ekspilsyon akselere, ou pa ka aplike pou azil pa avan gouvènman ameriken an deside ou gen dwa fè sa.
Kijan mwen ka mande gouvènman ameriken an kite m aplike pou azil?
Si w pè retounen nan peyi w, epi ou di yon otorite gouvènman ameriken ou pè, ou ta dwe jwenn yon entèvyou. Sa w di nan entèvyou sa a pral ede gouvènman ameriken an deside si w ta dwe gen dwa aplike pou azil oswa yon lòt kalite otorizasyon pou w rete Ozetazini.
Sepandan, li vrèman enpòtan pou w sonje otorite imigrasyon yo pa oblije mande w si w pè oswa si w vle aplike pou azil. Sa vle di yo pwobableman pa pral mande w sa. Pou rezon sa a, si ou pè tounen, ou dwe esplike sa bay otorite ameriken yo pi bonè sa posib. Ou ka di plis pase yon moun, epi ou ka rakonte yo plis pase yon fwa.
Li enpòtan tou pou w konnen si w ak fanmi w, ou ta ka separe. Kidonk, si w pè tounen nan peyi w, ou ta dwe asire w chak moun nan fanmi w konnen kijan sa fonksyone, epi konnen yo ta dwe di otorite imigrasyon ameriken yo poukisa yo pè osito yo kapab e otan yo kapab fè sa. Sa a menm vre pou timoun yo.
Kijan pwosesis entèvyou la fonksyone?
Si w di yon otorite imigrasyon ameriken ou pè retounen lakay ou, yo ta dwe ba w yon entèvyou. Toudepan sikonstans ou yo, yo ta ka rele sa yon "entèvyou sou laperèz kredib" oswa yon "entèvyou sou laperèz rezonab." Sa ki enpòtan pou w konnen sou entèvyou sa a se dèske otorite imigrasyon an ap eseye konprann poukisa ou pè ale lakay ou epi si sa vle di ou ta dwe gen dwa aplike pou rete Ozetazini. Li enpòtan anpil pou w di laverite nan nenpòt entèvyou ak yon otorite imigrasyon ameriken.
Sonje entèvyou sa a pa ba ou azil. Si ou pase li, li sèlman ba ou chans pou w aplike pou azil.
Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou entèvyou sa yo la.
Yo gendwa ba w yon entèvyou tou ki rele yon depistaj "Konvansyon Kont Maspinaj". Entèvyou sa a kesyone sou maspinaj ou gendwa te viv oswa ou pè pou w viv si w retounen nan yon peyi presi.
Èske mwen ka gen yon avoka nan pwosedi ekspilsyon akselere?
Wi, yo ka arete w, epi li posib yo ap fè l. Yo arete pifò moun yo mete nan ekspilsyon akselere yo pandan otorite ameriken yo kòmanse pwosesis depòtasyon an e/oswa pandan tout pwosesis entèvyou yo an. Arete w vle di yo kenbe w nan prizon.
Èske mwen ka gen yon avoka nan pwosedi ekspilsyon akselere?
Wi, ou gen dwa gen yon avoka. Ekspilsyon akselere rive rapid, kidonk li enpòtan pou kontakte yon avoka touswit.
Si yo arete w, ou gen dwa pou mande yon avoka ak dwa pou w fè yon apèl nan telefòn pou eseye jwenn yon avoka. (Sa vle di otorite yo pa ka anpeche w mande yon avoka epi yo pa ka anpeche w fè yon apèl nan telefòn pou eseye jwenn youn.)
Li enpòtan pou pa siyen dokiman ou pa konprann. Si ou se yon moun ki ta ka gen risk pou yo mete w nan pwosesis ekspilsyon akselere a, li ta ka itil pou ou pale ak yon avoka anvan ou gen nenpòt rankont ak lapolis.
Kijan pou mwen soti nan ekspilsyon akselere? Èske mwen ka wè yon jij?
Si w pase swa yon entèvyou kredib oswa ki rezonab, y ap mete w nan pwosedi tribinal imigrasyon. Sa vle di w ap gen chans prezante dosye w la bay yon jij imigrasyon. Si ou pa enfòme otorite imigrasyon ameriken yo sou krentif ou pou retounen nan peyi ou, oswa si ou pa resevwa yon desizyon pozitif sou entèvyou pou laperèz kredib oswa rezonab, otorite imigrasyon ameriken yo ka depòte ou trè vit san ou pa wè yon jij. Si w soti nan ekspilsyon akselere nan tribinal imigrasyon, ou ta ka toujou oblije rete nan detansyon pou rès dosye w la.
Si mwen enkyete apwopo ekspilsyon akselere, kisa mwen ka fè?
Nenpòt moun ki pa gen estati legal pèmanan Ozetazini, epi ki te antre nan mwens pase dezan, ta dwe konsilte ak yon avoka imigrasyon sou sitiyasyon endividyèl yo si sa posib. Yon avoka imigrasyon ka ede w deside si aplike pou azil oswa lòt opsyon pou mande rete Ozetazini ak otorizasyon fè sans pou sitiyasyon w lan. Nou pa konnen egzakteman kijan otorite imigrasyon ameriken yo pral aplike nouvo politik sa yo.
Si w enkyete w apwopo ekspilsyon akselere, gen kèk bagay ou ta ka vle kenbe sou ou tout tan nan ka lapolis kanpe ou. Sa gen ladan yo:
-
Si ou gen estati legal nan peyi Etazini:
- Prèv estati legal ou, tankou dokiman ki montre estati imigrasyon ou oswa sitwayènte ou
-
Si w gen yon dosye oswa yon aplikasyon nan tribinal:
- Dokiman oswa lòt prèv ou gen yon dosye oswa yon aplikasyon ouvè, sitou si ou te aplike pou azil. Malerezman, gouvènman an ta ka toujou eseye mete ou nan ekspilsyon akselere.
-
Si ou te antre nan peyi a plis sa gen plis pase dezan:
- Dokiman ki montre konbyen tan ou ap viv Ozetazini. Sa yo ka gen ladan yo tikè avyon, kat idantifikasyon Eta a, kat bibliyotèk, kourye ki so lapòs ki gen non w ak adrès lakay ou, dosye lekòl, kontra lokasyon, ak lòt dokiman menm jan ki montre w ap viv Ozetazini pou plis pase dezan.
Sonje ou pa oblije reponn kesyon sou sitiyasyon imigrasyon ou – gade la pou plis enfòmasyon sou dwa w si imigrasyon poze w kesyon.
Lòt enfòmasyon ak resous
Ekstansyon Pwogram Ekspilsyon Akselere NILC an, "Konnen Dwa Ou yo"
Sant Nasyonal pou Jistis Anfavè Imigran: Konnen dwa w si w rankontre ak ICE
Pwojè Asistans Entènasyonal pou Refijye yo (IRAP) bay èd legal gratis pou kèk refijye ak moun deplase.
IRAP deside ede moun ki baze sou bezwen yo ak kalifikasyon yo pou estati imigrasyon. IRAP pa deside ede moun ki baze sou okenn lòt kritè sosyal, politik, oswa relijye. Sit entènèt sa a bay enfòmasyon jeneral sou pwosesis legal ki disponib pou kèk refijye. Li pa fèt kòm konsèy legal pou aplikasyon endividyèl yo. Egzijans yo ka chanje. Toujou tcheke egzijans aktyèl yo ak gouvènman an oswa ajans ki deside sou demann ou an. Si w nan yon ijans ki gen rapò ak refijye, nou rekòmande pou w kontakte biwo UNHCR nan peyi kote w ap viv la. |
Commentaires
0 commentaire
Vous devez vous connecter pour laisser un commentaire.