Tab kontni
Dènye fwa yo te fè mizajou nan atik sa a se te nan dat 28 Septanm 2026
Rezime
Atik sa a eksplike sa k ap pase nan moman an avèk ranfòsman imigrasyon pou moun ki te antre nan Etazini sou libète kondisyonèl (“parole”) nan yon randevou avèk CBP One nan fwontyè Meksik-Etazini.
Enfòmasyon ki la yo se sèlman pou moun ki te resevwa libète kondisyonèl nan randevou nan fwontyè Meksik-Etazini avèk yon aplikasyon CBP One. Kèk lòt pwogram libète kondisyonèl te itilize aplikasyon mobil CBP One tou, men atik sa as enpòtan pou moun ki te antre nan peyi a avèk pwogram lòt pwogram sa yo.
Si ou te jwenn libète kondisyonèl pou antre nan Etazini, nou rekòmande ou pou pale avèk yon avoka imigrasyon. Gen yon lis founisè sèvis legal nan afè imigrasyon nan Etazini ki disponib la a. Avoka sa yo pa afilye avèk IRAP.
Gen yon lis avoka prive nan afè imigrasyon nan Etazini ki disponib la a. Tanpri sonje avoka prive yo nan afè imigrasyon ka reklame yon frè pou peye pou sèvis yo. Avoka sa yo pa afilye avèk IRAP.
Kisa libète kondisyonèl (parole) avèk CBP One ye?
Ant mwa Me 2023 ak Janvye 2025, anpil moun te itilize aplikasyon “CBP One” pou pran randevou nan sèten pò antre nan fwontyè Meksik-Etazini. Yon “pò antre” (POE) se yon pozisyon kwazman fwontyè ofisyèl.
Pifò moun ki te antre nan peyi a avèk yon randevou CBP On te jwenn libète pou antre nan Etazini avèk yon kondisyon ki rele “libète kondisyonèl” epi avèk yon avi ki endike yo bezwen prezante nan pwosedi tribinal imigrasyon.
Aplikasyon mobil CBP One pa disponib ankò pou pran randevou nan fwontyè a. Gouvènman Etazini te anile tout randevou yo, epi pa gen nouvo randevou ki disponib. Pou kounye a, pa gen lòt fason pou pran randevou pou prezante tèt ou nan fwontyè a.
Kisa sa vle di pou gen libète kondisyonèl?
Libète kondisyonèl kite moun ki pa sitwayen Etazini viv nan Etazini pou yon sèten tan, yon limit tan fiks (men pa pou toutan).
Men, li enpòtan anpil pou konnen libète kondisyonèl p ap ba ou kondisyon pèmanan nan Etazini. Kondisyon pèmanan vle di ou gen pèmisyon pou viv legalman nan Etazini pou toutan. Sa vle di si ou te gen libète kondisyonèl men ou vle rete nan Etazini pou anpil tan ou bezwen chèche yon fason diferan pou rete nan Etazini yon fason pèmanan. Gen kèk lòt fason pou fè sa, tankou aplike pou azil politik.
Men kèk enfòmasyon enpòtan pou konnen sou libète kondisyonèl:
- Si ou te jwenn libète kondisyonèl, ou kapab aplike pou yon pèmi travay. Yon pèmi travay ap kite ou travay legalman nan Etazini. Pèmi travay ou ap ekspire lè libète kondisyonèl ou fini. Fòm pou aplike pou pèmi sa a rele “I-765”, epi ou kapab ranpli li sou entènèt (avèk fòm sa a) oswa pa-lapòs.
- Anvan libète kondisyonèl ou fini – epi imedyatman li posib – anjeneral li kapab bon pou ou pou pale avèk yon avoka. Li kapab bon pou eseye aplike byen vit pou yon kalite kondisyon pèmanan si ou kalifye.
- Pafwa ou kapab jwenn yon nouvo peryòd libète kondisyonèl lè premye a fini, men anjeneral sa pa posib pou moun ki te resevwa libète kondisyonèl nan yon CBP.
Èske moun yo toujou kapab jwenn randevou CBP One pou antre nan peyi a?
Non. Nan mwa Janvye 2025, gouvènman Etazini te sispann pèmèt moun yo itilize aplikasyon CBP One nan fason sa a epi li te anile tout randevou ki te la deja.
Nan mwa Mas 2025, gouvènman an te ranplase aplikasyon CBP One avèk yon nouvo aplikasyon ki rele “CBP Home.” Menmsi li gen kèk nan menm fonksyon yo avèk aplikasyon orijinal CBP One, se pa menm bagay. Aplikasyon CBP Home gen ladan yon posiblite pou moun fè gouvènman an konnen y ap viv nan Etazini. Gouvènman an te ankouraje piblikman moun ki pa gen kondisyon pou yo itilize nouvo fonksyon sa a pou yo “depòte tèt yo”
Ansyen aplikasyon CBP One te gen mo “One” apre “CBP.” Nouvo aplikasyon an, CBP Home, sanble anpil , men li di “Home” alaplas “One.”
Kisa k ap vini apre yon moun jwenn libète kondisyonèl pou antre nan Etazini?
Lè ou jwenn libète kondisyonèl sa pa vle di dosye ou fini. Sa sèlman vle di ou gen pèmisyon pou rete nan Etazini pou yon sèten tan. Pou ou kapab rete legalman nan Etazini, ou dwe jwenn yon lòt kalite kondisyon pèmanan, tankou azil politik.
Si mwen te gen yon “entèvyou konsènan laperèz kredib” nan fwontyè a, èske sa vle di mwen gen azil politik?
Non. Entèvyou sa a se sèlman premye tès pou wè si ou te gen pèmisyon pou aplike pou azil politik. Si ou pase tès la sa PA vle di ou gen azil politik la deja. Sa pa vle di nonplis ou te aplike pou azil politik.
Si ou te pase entèvyou konsènan laperèz kredib, ou kapab aplike pou azil politik. Men ou toujou gen pou voye aplikasyon an, pou swiv dosye a, epi pou genyen li alafen pou resevwa azil politik.
Si ou pa t pase yon entèvyou konsènan laperèz kredib, ou kapab toujou aplike pou azil politik. Si ou gen laperèz pou retounen nan peyi ou, ou ka toujou aplike pou azil politik nan yon ane apre ou antre nan Etazini. Si ou pase yon ane almannak, tanpri pale avèk yon avoka imigrasyon pou revize posiblite ou yo.
Pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou aplike pou azil politik, gade resous kominotè Asylum Seeker Advocacy (ASAP) sou sijè sa a la a.
Mwen te resevwa “yon Avi pou Konparèt.” Kisa sa vle di?
Si ou te resevwa libète kondisyonèl nan CBP One nan fwontyè Meksik-Etazini, ou te ka resevwa sa ki rele yon “Avi pou Konparèt”(NTA) epi yo mete li nan pwosedi tribinal imigrasyon. Sa vle di gouvènman Etazini ap eseye depòte ou pou retire ou nan Etazini. Yon Avi pou Konparèt se yon dokiman ki kòmanse pwosesis de bagay:
- Gouvènman an k ap eseye depòte ou dapre pwosedi nan tribinal imigrasyon epi
- W ap eseye pwouve ou gen dwa pou rete nan Etazini.
Li posib pou evite depòtasyon si ou kalifye pou yon lòt kondisyon imigrasyon nan Etazini. Pwosesis sa a kapab konplike anpil, konsa li bon pou jwenn yon avoka imigrasyon san pèdi tan apre ou te resevwa libète kondisyonèl.
Fòm NTA gen anpil enfòmasyon enpòtan ladan. Men enfòmasyon sa yo kapab chanje trè vit tou. Men kèk nan enfòmasyon sa yo:
- Yon nimewo nèf chif ki rele “Nimewo Dosye” oswa “Nimewo A.” Nimewo sa a ap rete avèk ou nan tout aplikasyon ak pwosedi ou yo nan Etazini epitou li se yon fason pou idantifye ou. Pou rezon sa a, li enpòtan anpil pou sonje nimewo sa a pakè epi pou mete li yon ki pwoteje, paske l ap ede ou swiv dosye imigrasyon ou.
- Yon avi ki endike kilè ak ki kote ou gen premye dat ou nan tribinal. Anjeneral, dat sa a toupre nan anba paj la. Si gen yon dat tribinal ki endike, li enpòtan pou ale nan tribinal nan jou a ak lè a. Pafwa, p ap gen yon dat, men sa PA vle di ou pa gen dat tribinal. W ap toujou gen yon dat tribinal.
Si ou te resevwa yon NTA, ou kapab chèche konnen lè ou gen yon odyans depi ou rele nimewo 1-800-898-7180 oswa depi ou ale sou sitwèb tribinal imigrasyon. Yon machin otomatik kote ou gen pou antre “Nimewo A” ou pral reponn nimewo telefòn nan. Li pral fè ou konnen lè ou gen dat tribinal (si gen yon dat tribinal ki pwograme).
- Se yon bon lide pou rele nimewo sa a apeprè yon fwa chak semèn sizoka enfòmasyon yo chanje. Pafwa pa gen endikasyon nan dosye ou. Sa vle di gouvènman an poko depoze dosye ou. Malerezman, ou toujou bezwen pou prezante nan dat ak lè ki endike nan NTA ou, paske gouvènman kapab depoze avi a nan dènye minit.
- Pou jwenn sitwèb tribinal imigrasyon, chèche sou entènèt pou jwenn “enfòmasyon sou dosye otomatik EOIR” oswa klike sou lyen sa a.
Pou jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis tribinal imigrasyon, gade resous kominotè Asylum Seeker Advocacy (ASAP) sou sijè sa a la a.
Kilè libète kondisyonèl mwen avèk CBP One ap ekspire?
Libète kondisyonèl la pa la pou toutan. Li gen yon dat ekspirasyon. Yo kapab ba ou libète kondisyonèl pou apeprè twazan. Pifò moun ki te antre avèk libète kondisyonèl nan CBP One nan fwontyè Meksik-Etazini te resevwa peryòd libète kondisyonèl pou dezan.
Ou kapab tcheke kantite tan libète kondisyonèl ou nan fòm I-94 ou. Ou kapab wè I-94 ou sou entènèt la a. Gouvènman an te ka chanje dat final libète kondisyonèl ou lè yo chanje dat ki nan sistèm sou entènèt la.
Mwen te tande gouvènman an mete yon pwen final nan libète kondisyonèl pou tout moun ki gen libète kondisyonèl avèk CBP One. Kisa sa vle di?
Nan kòmansman mwa Avril 2025, gouvènman Etazini te kòmanse imèl avi ba kèk moun avèk liy sijè “Avi konsènan Finisman Libète Kondisyonèl.” Imèl sa yo te endike Depatman Sekirite Teritwa mete yon pwen final nan libète kondisyonèl endividyèl moun nan epi yo ankouraje moun nan pou kite peyi a. Kèk moun te resevwa yon vèsyon avi a ki te endike libète kondisyonèl yo pral fini nan sèt jou. Kèk lòt moun te resevwa yon vèsyon avi a ki te endike libète kondisyonèl yo fini imedyatman.
Nan mwa Mas 2026, yon tribinal federal te deside yo te voye kèk nan avi sa yo yon fason ilegal. Pou kèk moun, sa vle di yo te mete libète kondisyonèl yo anplas ankò. Ou kapab tcheke kantite tan libète kondisyonèl ou nan fòm I-94 ou. Ou kapab wè I-94 ou sou entènèt la a.
Kèlkeswa si libète kondisyonèl ou te fini oswa pa t fini bonè, li enpòtan pou konprann gouvènman Etazini te fè mouvman pou fini libète kondisyonèl pou yon gwo kantite moun. Si ou nan peyi a sou libète kondisyonèl nan CBP One epi libète kondisyonèl ou toujou valab, ou ta dwe chita pale avèk yon avoka imedyatman ki posib pou ou kapab konprann posiblite ou yo si libète kondisyonèl ou fini anvan ou te espere.
Libète kondisyonèl mwen te ekspire oswa gouvènman an te mete yon pwen final nan libète kondisyonèl mwen. Kisa mwen ta dwe konnen?
Anvan ou pran nenpòt desizyon, ou ta dwe chita pale avèk yon avoka imigrasyon pou resevwa konsèy ki asosye avèk sitiyasyon patikilye ou. Posiblite ou yo pou pwochen etap yo pral depannde si ou te jwenn kondisyon legal pou rete nan peyi a, si ou gen nenpòt aplikasyon ki annatant, ak si w ap tann yon sèten dat tribinal.
Li enpòtan anpil pou konprann si ou gen yon dat tribinal ki pwograme pou yon odyans devan yon jij imigrasyon epi ou pa disponib pou prezante pou odyans lan, jij la ap bay lòd pa-kontimas pou retire ou nan peyi a.” Sa vle di si ou pa patisipe nan odyans ou, jij imigrasyon an ap bay lòd pou yo depòte ou imedyatman. Li difisil anpil pou re-louvri dosye tribinal ou lè sa te rive ou.
Ki lòt fason mwen kapab rete nan Etazini?
Sa pa menm pou chak moun, konsa pi bon fason pou jwenn yon repons pou sitiyasyon patikilye ou se pale avèk yon avoka imigrasyon san pèdi tan. Ou ka gen lòt posiblite pou rete legalman nan Etazini, men sa pral depannde eleman sitiyasyon patikilye ou.
Kisa ki ta pase mwen si mwen rankontre otorite imigrasyon yo?
Moun ki jwenn libète kondisyonèl ki te antre nan peyi a nan de dènye ane yo ka arisk pou yo mete yo nan pwosedi “depòtasyon ekspeditif.” Depòtasyon ekspeditif se yon pwosesis ki pèmèt gouvènman Etazini depòte moun yo vit anpil.
Nan depòtasyon ekspeditif la, ou pa gen dwa pou wè yon jij. Olye sa, yon lòt ofisyèl gouvènman an kapab bay lòd pou yo depòte ou sa ou pa janm jwenn yon chans pou prezante dosye ou nan tribinal.
Depi yo antre lòd la, yo kapab depòte ou pou mennen ou nan peyi kote ou se sitwayen. Pafwa, yo kapab depòte ou pou mennen ou nan yon lòt peyi. Nou gen plis enfòmasyon sou depòtasyon ekspeditif la a.
Mwen prale nan randevou verifikasyon avèk ICE nan moman an. Èske gen nenpòt enfòmasyon mwen ta dwe konnen?
Yon nouvo règleman nan mwa Mas 2025 mande ofisye imigrasyon yo lè y ap fè verifikasyon avèk ICE, yo ta dwe konsidere mete gwoup moun sa yo nan depòtasyon ekspeditif oswa nan yon dosye depòtasyon nan tribinal imigrasyon, si moun yo pa t ranpli yon fòm aplikasyon pou azil politik.
- Moun ki te antre nan Etazini san pèmisyon men ofisyèl imigrasyon te libere yo nan fwontyè a pou yo antre nan Etazini, kèlkeswa depi kantite tan yo antre.
- Moun ki te antre nan Etazini epi ki te resevwa “libète kondisyonèl”oswa “libète kondisyonèl + lòt posiblite parapò avèk detansyon.” Si sa se sitiyasyon ou, ofisye imigrasyon yo te ka fè ou konnen lè ou te antre nan peyi a ou dwe sou kontwòl ICE pou evite yo mete ou an gadavi – kontwòl sa ka gen ladan yon monitè nan jwenti pye ou, ale nan randevou verifikasyon ICE, oswa voye foto ou ba yon ofisye. Yo te ka fè ou konnen tou ou pa kapab vwayaje pou depase yon sèten distans, oswa ou pa ka kite lakay ou apre yon sèten èdtan lannwit. Ou te dwe resevwa dokiman ICE ki eksplike ou egzijans sa yo. Si ou pa byen konnen si ou nan kategori sa a, ou ta dwe chita pale avèk yon avoka imigrasyon.
- Moun ki te resevwa yon “avi pou prezante” ofisye imigrasyon nan fwontyè a. Yon avi pou prezante se yon dokiman k ap mande ou pou prezante nan yon biwo ICE, anjeneral nan 60 jou. Avi sa a pa menm avèk yon “avi pou konparèt o,” k ap fè ou konnen gouvènman an ap planifye pou kòmanse yon dosye kont ou nan tribinal imigrasyon.
Pou jwenn enfòmasyon ki pi detaye sou pwosesis depòtasyon ekspeditif, gade la a.
Kisa mwen kapab fè si mwen gen enkyetid konsènan dènye chanjman sa yo nan politik la?
Ou ka kòmanse tande bwi-kouri sou chanjman nan politik imigrasyon nan medya sosyal oswa nan pwòp kominote ou yo. Lè gen gwo chanjman tankou sa yo, li komen anpil pou move enfòmasyon simaye vit . Pa pè chèche anpil sous enfòmasyon, epitou eseye jwenn resous avoka ameriken yo te ekri oswa revize. Ou kapab retounen nan atik sa a tou pou jwenn nenpòt enfòmasyon ki ajou.
Si yon moun gen laperèz pou chanjman sa yo nan politik la gen konsekans sou dosye endividyèl li moun sa a yo ta dwe diskite sou sitiyasyon li avèk yon avoka imigrasyon. Dosye chak moun apa se yon dosye diferan. Yon avoka imigrasyon kapab ede ou konprann pou ki fòm soulajman ou kapab pètèt kalifye pou aplike, tankou azil politik. Gen yon lis founisè sèvis legal nan afè imigrasyon nan Etazini ki disponib la a.
Si ou gen yon aplikasyon ki annatant avèk USCIS oswa yon dosye devan yon tribinal imigrasyon, se yon bon lide pou konsève prèv aplikasyon annatant sa yo nan dosye ou. Si ou te prezan nan Etazini pandan plis pase 2 ane, men kèk dokiman k ap montre kantite tan ou te viv nan Etazini ou ka vle konsève toutan sizoka lapolis kanpe ou.
- dokiman libète kondisyonèl
- tikè avyon
- kat idantifikasyon leta
- kat bibliyotèk
- kourye ki gen tenm lapòs epi ki gen non ak adrès lakay ou
- dosye lekòl
- kontra lwaye ak lòt dokiman ki montre ou t ap viv nan Etazini pandan plis pase dezan
Kèlkeswa kantite tan ou te nan Etazini, ou ka vle pote prèv libète kondisyonèl ou nan moman an, fòm I-94 ou, ak otorizasyon travay ou.
Kijan mwen kapab jwenn yon avoka imigrasyon nan Etazini?
Gen yon lis founisè sèvis legal nan afè imigrasyon nan Etazini ki disponib la a. Avoka sa yo pa afilye avèk IRAP.
Gen yon lis avoka prive nan afè imigrasyon nan Etazini ki disponib la a. Tanpri sonje avoka prive yo nan afè imigrasyon ka reklame yon frè pou peye pou sèvis yo. Avoka sa yo pa afilye avèk IRAP.
Lòt enfòmasyon ak resous:
Konnen enfòmasyon sou Dwa Ou pou imigran yo nan CASA
Twous Preparasyon nan Sant Resous Legal pou Imigran
Pwojè Asistans Entènasyonal pou Refijye yo (IRAP) bay èd legal gratis pou kèk refijye ak moun deplase.
- IRAP ede kèk moun jwenn sèvis epi prepare aplikasyon pou refijye oswa viza.
- IRAP pa fè pati okenn gouvènman, OIM, oswa UNHCR.
- IRAP pa ka bay estati refijye oswa viza, epi li pa ka akselere pwosesis yo.
- IRAP pa ka bay èd finansye, jwenn oswa peye pou lojman, oswa jwenn travay.
- Tout èd IRAP yo gratis. Pesonn ki afilye ak IRAP pa gen dwa mande ou lajan oswa okenn lòt sèvis.
IRAP deside ede moun ki baze sou bezwen yo ak kalifikasyon yo pou estati imigrasyon. IRAP pa deside ede moun ki baze sou okenn lòt kritè sosyal, politik, oswa relijye.
Sit entènèt sa a bay enfòmasyon jeneral sou pwosesis legal ki disponib pou kèk refijye. Li pa fèt kòm konsèy legal pou aplikasyon endividyèl yo.
Egzijans yo ka chanje. Toujou tcheke egzijans aktyèl yo ak gouvènman an oswa ajans ki deside sou demann ou an.
Si w nan yon ijans ki gen rapò ak refijye, nou rekòmande pou w kontakte biwo UNHCR nan peyi kote w ap viv la.
Commentaires
0 commentaire
Vous devez vous connecter pour laisser un commentaire.