Tab kontni
Dènye mizajou atik sa a te fèt nan dat 20 me 2025
Rezime
Gen kèk moun Ozetazini ki ka aplike pou fanmi yo vin jwenn yo Ozetazini. Gid sa a bay lis kèk nan aplikasyon pou reyinifikasyon fanmi yo. Li pa kouvri tout pwogram pou aplikasyon ki baze sou fanmi yo.
Elijibilite pou pwogram reyinifikasyon fanmi yo jeneralman depann sou:
- Sitiyasyon legal moun nan Ozetazini.
- Relasyon ki genyen ant yon moun ki Ozetazini ak yon fanmi li.
Li enpòtan tou pou konprann:
- Tout pwogram yo mande dokiman ak lòt prèv pou pwouve moun nan Ozetazini kalifye pou aplike pou reyini ak fanmi li.
- Gen kèk pwogram ki gen dat limit oubyen frè presi. Gen kèk moun ki ta ka aplike nan plis pase yon pwogram pou ede menm fanmi an.
- Nan anpil sitiyasyon, pa gen okenn pwogram ki apwopriye pou ede fanmi ki pi lwen yo.
Pou chak pwogram, gid sa a gen lyen ki mennen nan lòt atik pou plis enfòmasyon.
Sitwayen ameriken ak rezidan pèmanan legal Ozetazini
Sitwayen ameriken ak rezidan pèmanan legal yo ka aplike pou kèk fanmi yo demenaje Ozetazini. Nan kèk sitiyasyon, fanmi yo ap oblije tann plizyè ane anvan yo ka demenaje Ozetazini.
Rezidan pèmanan legal (LPR) yo ki rele tou moun ki gen kat vèt yo. Yo ka aplike pou konjwen yo ak pitit yo ki pa marye pou yo vin Ozetazini.
Sitwayen ameriken yo ka aplike pou konjwen yo ak pitit yo nenpòt laj oswa sitiyasyon matrimonyal. Sitwayen ameriken ki gen plis pase 21 lane kapab aplike tou pou frè ak sè yo ak paran yo.
Moun yo ranpli yon fòmilè yo rele I-130 pou yo kòmanse pwosesis aplikasyon sa a. Plis enfòmasyon sou pwosesis I-130 la disponib la.
Finalman, sitwayen ameriken yo kapab tou aplike pou fiyanse yo demenaje Ozetazini, anvan yo marye. Yo ranpli yon fòmilè yo rele I-129F pou kòmanse pwosesis sa a. Plis enfòmasyon sou pwosesis viza fiyanse a disponib la.
Sitwayen ameriken ak rezidan pèmanan legal ki gen fanmi siryen ak irakyen
Anvan sa, yon sitwayen irakyen oswa siryen ki te gen yon I-130 ki apwouve (jan sa dekri pi wo a) te kapab aplike tou pou estati refijye Ozetazini. Sepandan, an janvye 2025, Prezidan Trump te pase yon dekrè pou mete yon poz sou Pwogram Admisyon Refijye yo Etazini (USRAP) a. Pwogram Aksè Dirèk pou irakyen ak siryen yo fè pati USRAP, kidonk yo sou poz tou. Sa vle di kounye a gouvènman ameriken an pa aksepte nouvo aplikasyon nan pwogram sa a.
Plis enfòmasyon sou poz reyentegrasyon refijye yo disponib la.
Sitwayen ameriken ak rezidan pèmanan legal ki gen fanmi Kolonbyen, Kiben, Ekwatoryen, Gwatemaltèk, Ayisyen, oswa Salvadorèy
Sitwayen ameriken ak rezidan pèmanan legal ki gen fanmi Kolonbyen, Kiben, Ekwatoryen, Gwatemaltèk, Ayisyen, oswa Salvadorèy te kapab mennen fanmi yo atravè pwosesis Admisyon Kondisyonèl pou Reyinifikasyon Fanmi an (FRP) anvan. Sepandan, gouvènman ameriken an te sispann aksepte aplikasyon FRP yo an janvye 2025.. Sitwayen ameriken yo ak rezidan pèmanan legal yo ka toujou kontinye fè petisyon pou fanmi ki soti nan peyi sa yo atravè Fòmilè I-130 yo. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis I-130 la la.
Refijye ak moun ki resevwa azil Ozetazini
Moun ki gen estati azil ki apwouve Ozetazini ka aplike pou reyini ak konjwen yo. Yo kapab aplike tou pou reyini ak pitit yo, sa depann laj ak sitiyasyon matrimonyal timoun yo. Yo ka fè sa apati yon fòmilè yo rele I-730 la. Gen yon dat limit dezan pou aplike pou pwogram sa a. Plis enfòmasyon sou pwosesis I-730 la disponib la..
Menm jan ak moun ki resevwa azil, moun ki te reyentegre kòm refijye Ozetazini ka aplike pou reyini ak konjwen yo ak pitit yo ki poko marye ki gen 21 lane atravè yon Fòmilè I-730. Sepandan, an janvye 2025, Prezidan Trump te pase yon dekrè pou mete yon poz sou Pwogram Admisyon Refijye yo Etazini (USRAP) a. Dosye I-730 yo nan non fanmi refijye ki te reyentegre yo afekte ak poz sa a.. Plis enfòmasyon sou pwosesis I-730 la disponib la., e plis enfòmasyon sou poz reyentegrasyon aktyèl lan la.
Genyen tou yon lòt pwogram pou manm fanmi moun ki gen estati refijye oswa azil, ansanm ak SIV Afgan ak Irak yo, yo rele pwogram reyinifikasyon fanmi "Priyorite 3". Sepandan, an janvye 2025, Prezidan Trump te pase yon dekrè pou mete yon poz sou Pwogram Admisyon Refijye yo Etazini (USRAP) a. Pwogram Priyorite 3 la pa aksepte nouvo aplikasyon kounye a.. Plis enfòmasyon sou pwosesis Priyorite 3 a disponib la., e plis enfòmasyon sou poz reyentegrasyon aktyèl lan la.
SIV Irak ak Afgan yo Ozetazini
Benefisyè Viza Espesyal Imigran (SIV) pou Irak ak Afganistan yo Ozetazini ka aplike pou konjwen yo ak pitit yo nan sèten sitiyasyon pou yo vin jwenn yo. Sa yo rele "swivi pou vin jwenn" SIV la. Plis enfòmasyon nan gid IRAP sa a pou fanmi benefisyè SIV yo.
Moun Afgan ki te benefisye admisyon sou kondisyon epi ki te separe ak konjwen yo ak pitit yo
Depatman Deta a gen yon Sit entènèt pou Reyinifikasyon Fanmi Afgan an. Sit entènèt la gen yon fòmilè pou Afgan yo te evakye Ozetazini e ki te jwenn admisyon sou kondisyon epi ki toujou nan peryòd adimsyon sou kondisyon yo oubyen yo te jwenn estati pwoteksyon tanporè pou mande reyinifikasyon fanmi. Fòmilè an rele DS-4317 epi li disponib la.
Minorite relijye Iranyen ki gen fanmi Ozetazini
Moun ki ap viv legalman Ozetazini te kapab ede fanmi yo ki fè pati minorite relijye Iranyen an aplike pou reyentegrasyon anba Pwogram Lautenberg la. Sepandan, an janvye 2025, Prezidan Trump te pase yon dekrè pou mete yon poz sou Pwogram Admisyon Refijye yo Etazini (USRAP) a. Pwogram Lautenberg la fè pati USRAP, epi li pa aksepte nouvo aplikasyon pou kounye a. Plis enfòmasyon sou Pwogram Lautenberg la disponib, la, e plis enfòmasyon sou poz reyentegrasyon aktyèl lan la.
Moun ki soti El Salvador, Gwatemala, ak Ondiras ki gen fanmi Ozetazini
Pwogram Minè Amerik Santral (CAM) la se yon chemen legal pou timoun ak lòt manm fanmi ki fè fas ak pèsekisyon oswa danje nan El Salvador, Gwatemala ak Ondiras pou yo reyini ak paran ki legalman prezan Ozetazini. Sepandan, an janvye 2025, Prezidan Trump te pase yon dekrè pou mete yon poz sou Pwogram Admisyon Refijye yo Etazini (USRAP) a. Pwogram CAM lan fè pati USRAP, epi li pa aksepte nouvo aplikasyon pou kounye a. Plis enfòmasyon sou Pwogram CAM lan disponib la, e plis enfòmasyon sou poz reyentegrasyon aktyèl lan la.
Pwojè Asistans Entènasyonal pou Refijye yo (IRAP) bay èd legal gratis pou kèk refijye ak moun deplase.
- IRAP ede kèk moun jwenn sèvis epi prepare aplikasyon pou refijye oswa viza.
- IRAP pa fè pati okenn gouvènman, OIM, oswa UNHCR.
- IRAP pa ka bay estati refijye oswa viza, epi li pa ka akselere pwosesis yo.
- IRAP pa ka bay èd finansye, jwenn oswa peye pou lojman, oswa jwenn travay.
- Tout èd IRAP yo gratis. Pesonn ki afilye ak IRAP pa gen dwa mande ou lajan oswa okenn lòt sèvis.
IRAP deside ede moun ki baze sou bezwen yo ak kalifikasyon yo pou estati imigrasyon. IRAP pa deside ede moun ki baze sou okenn lòt kritè sosyal, politik, oswa relijye.
Sit entènèt sa a bay enfòmasyon jeneral sou pwosesis legal ki disponib pou kèk refijye. Li pa fèt kòm konsèy legal pou aplikasyon endividyèl yo.
Egzijans yo ka chanje. Toujou tcheke egzijans aktyèl yo ak gouvènman an oswa ajans ki deside sou demann ou an.
Si w nan yon ijans ki gen rapò ak refijye, nou rekòmande pou w kontakte biwo UNHCR nan peyi kote w ap viv la.
Commentaires
0 commentaire
Vous devez vous connecter pour laisser un commentaire.