Tab kontni
Dènye mizajou atik sa a te fèt nan dat 20 me 2025.
Rezime
Sitwayen ameriken (USCs) ansanm ak rezidan pèmanan legal (LPRs, oswa “moun ki gen kat vèt”) kapab ede kèk pwòch yo imigre Etazini lè yo soumèt yon fòmilè ke yo rele petisyon I-130. Sa se yon gid pou USCs ansanm ak LPRs yo ki ta renmen soumèt yon I-130 pou pwòch yo.
Ou kapab elijib pou lòt opsyon reyinifikasyon familial refijye ansanm ak demandè azil. Jwenn enfòmasyon sou pwogram I-730 la la, pwogram P-3 a la epi Aksè Dirèk Pwogram Pou Siryen ansanm ak Irakyen la.
Kijan pwosesis la ye?
Pwosesis la kòmanse lè ou soumèt fòmilè I-130 la. Ou sipoze ajoute lòt dokiman ki pwouve ou se yon USC oswa yon LPR. Epi tou ou dwe pwouve relasyon ou ansanm avèk pwòch la ou vle ede vini Etazini an. Yo rele sa fè petisyon pou pwòch ou. Ou menm se petisyonè a.
Lè ou ap soumèt fòmilè a, ou dwe bay enfòmasyon sou tèt ou pou chak kesyon ki poze sou petisyonè a.
Pou kiyès mwen ka fè yon petisyon?
Si ou se yon LPR, ou ka aplike pou konjwen ou ansanm ak pou timoun ou nenpòt laj la (men se sèlman si yo poko marye). Si ou se yon USC, ou ka aplike pou konjwen, pou timoun ou nenpòt ki laj yo (yo te mèt marye oswa selibatè), epi si ou gen plis pase 21 lane, pou frè ak sè ou ansanm avèk paran ou tou. Pwòch ou oswa moun ou ap fè petisyon pou li a menm li se benefisyè a.
Ki kote pou mwen kòmanse?
Ou dwe soumèt yon Fòmilè I-130, ki disponib la. Fòmilè a mande enfòmasyon biyografik sou ou ansanm ak sou manm fanmiy ou.
Si ou se yon LPR, ou pral soumèt yon petisyon pou pwòch ou. Si yo gen timoun ki poko marye ki gen mwens pase 21 lane, ou pa bezwen soumèt yon lòt petisyon separeman. Men poutan, si ou ap fè petisyon an pou konjwen ou ansanm ak timoun ou nan menm moman an, ou ka fè petisyon yo separeman si ou vle pou yo trete chak pou kò yo.
Si ou se yon USC, ou ap soumèt pou pitit ou ki granmoun oswa ki marye oswa pou frè ak sè ou, ou pap bezwen soumèt yon petisyon separeman pou mari yo oswa pou timoun yo genyen ki gen mwens pase 21 lane. Si ou se yon USC ki ap soumèt pou paran ou, timoun mwens pase 21 lane ki pa marye, oswa konjwen, ou dwe soumèt yon petisyon pou chak endividi yo separeman. Nou konseye pou ta voye yon lèt kouvèti ki di dokiman ou ap voye ale yo. Sa ap ede USCIS wè ke ou reponn ak tout egzijans yo.
Lè ou voye fòmilè a ale, ou dwe voye li ale ansanm ak siyati original ou oswa kopi siyati ou alamen ke ou eskane. USCIS pap aksepte siyati ki tape oswa siyati elektronik. Ou dwe konsève original la epi ou ka genyen pou pwodui li bay USCIS alavni.
Gen de fason pou soumèt Fòmilè I-130 ou a: 1) nan lapòs; oubyen 2) sou entènèt sou sit entènèt USCIS la. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou toude opsyon yo la.
Konbyen Sa Koute?
Apati me 2025, gen diferan frè pou ranpli dosye selon si ou soumèt fòmilè ou a elektwonikman oswa nan lapòs. Si ou soumèt Fòmilè I-130 ou a nan lapòs, ou dwe peye yon frè $675.00. Si ou soumèt Fòmilè I-130 ou a sou entènèt, ou dwe peye yon frè $625.00.
Frè sa a sipoze ale sou fòm chèk oswa chèk direksyon ki soti nan yon bank ki baze Etazini oswa peye ak yon kat kredi. Chèk la oswa chèk direksyon an dwe adrese avèk “U.S Department of Homeland Security”. Non depatman an dwe ekri konsa egzakteman. Ou pap ka peye kach. Pou peye avèk kat kredi, ou dwe voye fòmile G-1450 la, li disponib la. Frè a ansanm ak fason pou peye li ka chanje, alòs avan ou soumèt, tcheke sitwèb USCIS ki liste frè yo.
Sepandan, nan Janvye 2023, USCIS pa egzije pyès frè depozisyon pou sitwayen ameriken ki ap aplike pou nasyonal Afgan ki se konjwen, timoun ki gen mwens pase 21 lane epi ki pa marye , oswa paran. Moun ki ap soumèt la ka ekri “I-130 for Afghan National with Immidiate Avialable Visa – Fee Exempt” anlè nan tèt lèt kouvèti a. Egzanpsyon frè sa a aplikab jiska 30 Septanm 2023.
Ki lòt bagay mwen dwe voye ale ansanm ak Petisyon I-130 la?
PREMYE BAGAY: Ou dwe pwouve Estati ou genyen Etazini.
Fòmilè I-130 la pral mande ou menm, petisyonè a, pou ou pwouve estati ou Etazini. Pou ou pwouve ke ou se yon USC ou dwe voye YOUN nan dokiman sa yo ansanm ak fòmilè I-130 ou a:
- Yon kopi batistè ou ki montre ou te fèt Etazini
- Yon kopi sètifika natiralizasyon ou
- Yon kopi sètifika sitwayènte ou
- Yon kopi fòmilè FS-240, Rapò Konsila Sou Nesans Aletranje
- Yon kopi paspò Ameriken ki pa ekspire, oswa
- Yon deklarasyon orijinal ki soti bò kote yon ofisye konsila Ameriken ki verifye ke ou se yon sitwayen Ameriken ki gen yon paspò valid.
Pou prouve ou se yon LPR, voye yon kopi devan ansanm ak do kat vèt ou a ale. Si ou poko genyen kat vèt ou a, ou ka voye kopi paspò ki gen Lladan paj ki genyen foto ou sou li a epi paj ki montre ou te antre etazini antanke LPR. Ou ka voye yon kopi I-94 la tou.
DEZYÈM BAGAY: Ou dwe pwouve relasyon ou genyen ak pwòch ou a
Fòmilè I-130 la ap mande ou menm, petisyonè a, pou pwouve relasyon ou genyen ak pwòch ou a, benefisyè a. Pa VOYE dokiman orijinal bay USCIS. Ou dwe toujou voye kopi dokiman ou yo.
Si dokiman yo pa an Anglè, voye tradiksyon dokiman yo an Anglè tou.Tradiksyon an dwe gen ladan li yon deklarasyon tradiktè a ki fè konnen li alèz nan tou de lang yo.
Si ou vle antre mari ou oswa madanm ou Etazini:
- Voye yon kopi ak maryaj ou.
- Si ou te gentan marye avan sa, voye dokiman ki montre ke ansyen maryaj ou a tèmine. Kòm dabitid dokiman sa yo se ak divòs oswa ak desè.
- Voye dokiman ki montre ke se yon maryaj ki vrè epi li pa pou objektif imigrasyon. Pa egzanp:
o Ou ka voye batistè pitit ou ki montre ou menm ansanm ak konjwen an se paran.
o Ou ka voye yon dokiman ki soti nan yon bank pou montre non nou tou de a sou yon menm kont bank.
o Ou ka voye yon kontra lwaye ki montre non nou tou de a.
- Ou ka voye lèt ki soti bò kote moun ki konnen ou menm oswa konjwen ou ansanm ak maryaj ou a byen. Yo pa oblije sitwayen Ameriken.
o Yo dwe ekri non konplè yo, adrès, dat avèk lye nesans yo.
o Yo dwe dekri kòman yo fè konnen relasyon ou a, tankou yo te ale nan maryaj la oswa yo pase tan avèk ou antanke koup.
o Si sa posib, moun sa yo ka fè yon notè siyen epi mete so sou lèt sa a avan yo voye li ba ou.
Si ou vle antre pitit gason ou oswa pitit fi ou:
- Si ou se manman, voye yon kopi batistè a ki montre non ou ansanm ak non timoun nan.
- Si ou se papa, voye yon batistè ansanm ak non manman timoun nan. Epi tou voye yon ak maryaj ki montre ou te marye ak manman an lè timoun nan te fèt oswa avan timoun nan te gen 18 lane. Si ou pat marye, al li enstriksyon I-130 USCIS yo pou plis enfòmasyon sou kòman pou pwouve relasyon an.
Si ou vle antre frè ou oswa sè ou:
- Voye kopi batistè nou tou de a pou montre nou gen pou piti yon paran an komen.
- Si nou pa gen menm manman men nou gen papa, voye yon kopi ak maryaj papa nou ak tou de oswa youn nan manman yo. Si papa a te divòse ak youn nan manman yo, voye yon ak divòs ki montre sa. Si papa nou pat marye ak pyès nan manman yo, al li enstriksyon I-130 USCIS yo pou plis enfòmasyon sou kòman pou pwouve relasyon nou.
Si ou vle antre manman ou:
- Voye batistè ou avèk non manman ou sou li.
Si ou vle antre papa ou:
- Voye yon batistè ki gen non tou de paran ou yo sou li.
- Epi voye yon ak maryaj ki montre ke manman ak papa ou te marye. Si paran ou pat marye, al li enstriksyon I-130 USCIS yo pou plis enfòmasyon sou kòman ou ka montre relasyon nou.
Si ou vle antre bòpè oswa bèlmè ou:
- Voye batistè ou.
- Epi voye ak maryaj ant paran natirèl ou ansanm ak bòpè oswa bèlmè a. Yo sipoze marye avan ou te gen 18 lane.
- Epi tou voye dokiman ki montre ke, si nenpòt nan yo te marye avan yo te ansanm, maryaj sa a te fini. Kòm dabitid sa yo ka ak divòs oswa ak desè.
Si ou vle antre yon paran ki te adopte ou:
- Voye dokiman ki montre paran ou a te adopte ou legalman.
- Epi tou voye yon dokiman ki montre ou te viv avèk paran adoptif ou a pandan de lane legalman avan oswa aprè adopsyon an.
E si mwen pa gen kèk nan dokiman sa yo:
Gen kèk opsyon si ou pa genyen dokiman yo egzije yo:
- Si ou pa genyen dokiman sa yo, ou dwe eseye chache genyen yo. Pa egzanp, ale nan yon anbasad epi mande kopi yo.
- Gade si gen yon lòt dokiman akseptab ou ka itilize nan plas dokiman yo egzije a. Depatman Deta Ameriken liste kalite dokiman altènatif yo sou sit sa a.
- Pran yon lèt nan yon biwo gouvènmantal oswa yon anbasad ki di ou pa ka jwenn dokiman an. Ou dwe eseye jwenn lòt dokiman tankou:
o Yon dosye relijye: kopi yon dokiman ki soti nan yon òganizasyon relijye tankou legliz, moske, tanp, oswa sinagog. Li dwe montre te gen yon seremoni relijye (tankou yon batèm) nan espas de mwa aprè nesans ou. Li dwe gen ladan li dat ak lye nesans ou, dat seremoni relijye a, ansanm avèk non paran yo.
o Yon dosye lekòl: Kopi yon lèt ki soti bò kote yon otorite nan zafè ledikasyon, tankou yon lekòl. Li dwe montre dat timoun nan te antre lekòl la, dat nesans timoun oswa laj li te genyen lè sa a, lye nesans li, ansanm ak non paran yo.
o Yon dosye resansman: Dosye gouvènmantal ki montre non, lye nesans, dat nesans, ak laj moun ki nan lis la.
- Jwenn de lòt lèt bò kote moun ki te vivan nan epòk evènman sa a ou ap eseye pwouve a.
o Yo dwe fè “konesans pèsonèl” ak evènman sa a. Pa egzanp, yon tonton ki te ale nan maryaj paran ou oswa yon fanmsaj ki te akouche ou, oswa yon bon zanmi ki te konnen relasyon ou menm ansanm ak mari ou.
o De lèt sa a yo pa oblije soti bò kote yon sitwayen ameriken.
o De moun yo oswa plis dwe ekri non konplè yo, adrès, dat ak lye nesans yo, sa yo konnen sou evènman an, epi eksplike kòman yo fè konnen sa.
o Si sa posib, yo sipoze fè yon notè siyen epi mete so sou lèt sa a avan yo voye li ba ou.
Ki Kote pou mwen Voye Fòmilè I-130 la ansanm ak Dokiman yo?
Kote pou soumèt fòmilè I-130 la depann de kote ou ap viv. Tcheke sit entènèt sa a pou wè ki kote pou voye Fòmilè I-130 ou a. Ou ka voye li ale anliy tou.
Avan ou voye fòmilè I-130 la ansanm ak dokiman pou sipòte li yo ale, asire ou ke ou fè yon kopi tout pakè a pou kenbe li pou pwòp dosye pa ou. Menm si ou genyen orijinal dokiman yo, ou dwe toujou genyen yon kopi tout sa ou fin voye ale yo. Ou ka gen bezwen li alavni.
Kisa ki pral pase aprè ou fin soumèt I-130 la?
Aprè ou fin konplete fòmilè I-130 la epi voye fòmilè a ale, dokiman pou sipòte li yo, ansanm ak frè pou soumèt la bay USCIS, USCIS pral voye bay ou menm, petisyonè a, avi ansanm ak lèt pa lapòs. Dèfwa yo ap voye yo pa kourye elektwonik tou. Li empòtan pou konsève tout lèt yo.
Premyeman USCIS pral voye yon “I-797, avi pou aksyon”. Li di ke yo te resevwa petisyon I-130 ou a. Lèt sa a empòtan paske:
- Li di ki sant sèvis USCIS ki ap travay sou I-130 ou a. Sit entènèt USCIS sa a bay delè pwosesis USCIS yo.
- Li ba ou nimewo resi dosye ou a. Nimewo sa a genyen twa lèt swa EAC, WAC, LIN, SRC, NBC, MSC oswa IOE. Li genyen 10 chif aprè lèt sa yo. Ou ka itilize nimewo sa pou:
o Swiv dosye ou a sou sit entènèt USCIS sa a.
o Chanje adrès ou sou sit entènèt USCIS la.
- Li ba ou yon dat priyorite pou dosye ou a. Sa empòtan paske li di ou kilè ap genyen yon viza disponib pou pwòch ou a. Ou ka al gade tan datant sou sit entènèt sa a ki pou Depatman Deta.
Dèfwa USCIS ka voye yon lèt ki mande pou ou menm, petisyonè a, voye plis prèv ba yo. Yo rele la Demand Prèv (“RFE”). RFE a ap di ou ki dokiman ki manke epi ba ou yon dat limit pou voye dokiman sa a ale. Kòm dabitid yo bay ant 90 a 120 jou. USCIS ka sijere pou fè yon tès ADN tou. Se yon tès san ou menm ansanm ak pwòch ou a, benefisyè a, ap fè. Tès la ka pwouve ou menm ak pwòch la nou gen menm san. Li dwe fèt nan yon laboratwa espesifik. Ou ka jwenn yon lis laboratwa ADN sa yo lè ou alesou sit wèb sa a.
Eske li posib pou akselere yon I-130, Petisyon pou Pwòch Etranje?
Wi, ou ka mande USC pou li akselere jijman yon demand I-130 aprè ou fin resevwa avi resepsyon an.
Kòman mwen ap fè konnen si mwen elijib pou pwosesis akselere a?
Fòk ou satisfè youn oswa plis nan kritè sa yo pou pwosesis akselere a:
- Ijans ansanm ak rezon imanitè ijan;
- Gwo pèt finansye pou yon konpayi oswa yon moun, depi nesesite pou aksyon ijan sa a se pa rezilta echèk petisyonè a oswa aplikan an pou:
o Fè demand avantaj oswa demand pou akselere dosye a nan yon espas tan rezonab, oswa
o Reponn nenpòt demand pou plis prèv nan yon kantite tan rezonab;
- Erè USCIS ki klè; oswa
- Enterè konvenkan gouvènman Ameriken an (tankou ka ijan pou Depatman Defans DHS, oswa lòt sekirite piblik oswa enterè sekirite nasyonalite).
Kòman mwen ka mande yon pwosesis akselere?
Pou mande yon pwosesis akselere, ou ka:
- Rele sant kontak USCIS la nan 1-800-375-5283, oswa
- Itilize “Ask Emma” ki se karakteristik tchat ki sou sit entènèt USCIS la sou uscis.gov. Ou ka aksede ak zouti sa a lè ou klike sou ikòn “Ask Emma” a anlè adwat paj la.
Pou rive konplete demand ou a, ou dwe genyen nimewo resi a. USCIS pap ka voye yon demand sèvis san nimewo resi a. Ou ka jwenn nimewo resi a sou dokiman I-797C a ke USCIS te voye ba ou pou te fè ou konnen yo resevwa aplikasyon ou a.
Aprè ou fin pale oswa ekri ak yon ajan pou mande pwosesis akselere a, sant kontak USCIS la pral voye demand sèvis la bay biwo ki anchaje petisyon ou a. Biwo sa a ka mande plis enfòmasyon oswa dokimantasyon aprè apèl ou a. Yo ka fè sa swa pa imèl oswa pa telefòn.
Eske desizyon sou pwosesis akselere a pral afekte petisyon an kesyon an?
Yon desizyon konsènan pwosesis akselere a pap detèmine si aplikasyon ki an kesyon an ap apwouve oswa refize.
Depi yo akòde ou demand ou a pou akselere petisyon ou a, USCIS pral pran yon desizyon pi rapid pase tan nòmal pwosesis la. Yo ap revize tout demand yo sou yon baz ka pa ka epi USCIS gen diskresyon pou li swa refize oubyen akòde yon demand pou akselere.
Pou plis enfòmasyon, al gade Manyèl Règ USCIS, Volim 1, Pati A, Sèvis Piblik, Chapit 5, Demand Pou Akselere Aplikasyon oswa Petisyon.
E si mwen panse gen yon bagay ki pa kòrèk?
ENPÒTAN: Tanpri sonje depi avril 2025, te gen rapò ki fè konnen operasyon Biwo Medyatè an te pran yon poz. Sa vle di Biwo Medyatè an pwobableman p ap egzamine demann yo pou kounye a. Gouvènman an pa fè okenn anons ofisyèl sou chanjman sa a, epi paj soumisyon anliy pou Biwo Medyatè an toujou disponib. Ou ka toujou eseye soumèt demann ou yo bay Biwo Medyatè an epi wè si ou resevwa yon repons, men nou rekòmande pou ou eseye kontakte reprezantan Kongrè ou a tou pou asistans. Si ou chwazi toujou kontakte Biwo Medyatè an, anba a gen kèk enfòmasyon ki enpòtan.
Biwo Sitwayènte ak Sèvis Imigrasyon Ombudsman nan ede rezoud pwoblèm avèk USCIS. Yo pa fè pati USCIS, alòs yo paka apwouve oubyen refize dosye. Sepandan, yo ka kominike ak USCIS pou ede ou si:
- Ou pa te resevwa yon avi oswa yon desizyon bò kote USCIS men sistèm USCIS la di yo te voye youn;
- Benefisyè ka “depase laj” pou li elijib nan yon ti tan (tipikman sa vle di yon ti moun sou wout pou li genyen 21 lane epi li pap an mezi pou li rete sou petisyon paran li);
- Gen erè nan dokiman ou yo;
- Dosye ou a an reta 60 jou plis pase tan pwosesis nòmal la;
- Gen fichye ki pèdi epi/oswa pwoblèm pou transfere fichye yo; oswa
- Ou panse USCIS te fè yon gwo erè.
Pou jwenn èd, ou ka voye yon demand èd dosye a anliy. Ou ka telechaje fòmilè a tou, ki li menm disponib la, epi voye li ale pa imèl nan cicombudsman@hq.dhs.gov. Dèfwa li pi fasil pou ouvri fòmilè a nan navigate Microsoft’s Internet Explore la. Pa atache dokiman ki pi lou pase 5 megabay. Pou enstriksyon ki plis detaye, ale gade sit entènèt biwo Ombudsman nan la.
Ou ka mande manm Kongrè ou a pou li ede ou. Gid IRAP la sou demand èd nan men yon manm Kongrè a la.
Kisa Ki Pase Aprè yon Petisyon Apwouve?
Yon petisyon I-130 ki apwouve se premye etap nan pwosesis imigrasyon sou baz fanmi an. Gid sa a limite ak premye etap la. Kantite tan rès pwosesis la pran pral depann de ki tip relasyon familial. Pou kèk relasyon, gen yon viza ki disponib imedyatman epi pwòch ou a ka kòmanse pwosesis aplikasyon viza a kon petisyon I-130 la apwouve. Pou lòt relasyon, gen yon kantite viza limite ki disponib chak ane, epi pwòch ou yo ap oblije tann – dèfwa pou plizyè ane – avan yo ka kòmanse pwosesis aplikasyon viza a. Enfòmasyon sou tan datant pou viza a disponib sou bilten viza Depatman Deta.
Lè gen yon viza disponib, pwochen etap la depann de kote pwòch ou a ap viv. Si pwòch ou a deja Etazini, yo ka an mezi pou ajiste estati yo pou yo vin rezidan pèmanan legal imedyatman. Enfòmasyon sou ajisteman estati a pou vin rezidan pèmanan legal la disponib sou sit USCIS la. Si pwòch ou a andeyò Etazini, yo ka aplike pou yon viza imigran pou yo vini Etazini kòm rezidan pèmanan. Plis enfòmasyon sou aplikasyon viza imigran an disponib sou sit entènèt Depatman Deta.
Si fanmi w lan se yon sitwayen afgan nan Afganistan, ale nan paj Reyinifikasyon Fanmi Afganistan Depatman Deta a pou plis enfòmasyon. Tanpri sonje apati 28 janvye 2025, gouvènman ameriken an te sispann vòl asistans pou depa ki soti Afganistan yo.
Mande èd
Ou menm oswa pwòch ou ka vle mande yon avoka imigrasyon èd avèk pwosesis la. Men kèk resous:
- Enfòmasyon pou mande èd bò kote IRAP isi a.
- Si ou nan peyi Jòdani, ou ka mande IRAP ki nan Jòdani an èd ou lè ou ranpli fòmilè sa a. Si fòmilè a fèmen, ou ka eseye pita.
- Gen yon lis founisè sèvis legal imigrasyon gratis nan Etazini ki disponib la.
- Yon lis avoka imigrasyon prive nan Etazini disponib la.
Pwojè Asistans Entènasyonal pou Refijye yo (IRAP) bay èd legal gratis pou kèk refijye ak moun deplase.
- IRAP ede kèk moun jwenn sèvis epi prepare aplikasyon pou refijye oswa viza.
- IRAP pa fè pati okenn gouvènman, OIM, oswa UNHCR.
- IRAP pa ka bay estati refijye oswa viza, epi li pa ka akselere pwosesis yo.
- IRAP pa ka bay èd finansye, jwenn oswa peye pou lojman, oswa jwenn travay.
- Tout èd IRAP yo gratis. Pesonn ki afilye ak IRAP pa gen dwa mande ou lajan oswa okenn lòt sèvis.
IRAP deside ede moun ki baze sou bezwen yo ak kalifikasyon yo pou estati imigrasyon. IRAP pa deside ede moun ki baze sou okenn lòt kritè sosyal, politik, oswa relijye.
Sit entènèt sa a bay enfòmasyon jeneral sou pwosesis legal ki disponib pou kèk refijye. Li pa fèt kòm konsèy legal pou aplikasyon endividyèl yo.
Egzijans yo ka chanje. Toujou tcheke egzijans aktyèl yo ak gouvènman an oswa ajans ki deside sou demann ou an.
Si w nan yon ijans ki gen rapò ak refijye, nou rekòmande pou w kontakte biwo UNHCR nan peyi kote w ap viv la.
Atik sa a ap mete ajou. Tanpri tounen pita.
Commentaires
0 commentaire
Vous devez vous connecter pour laisser un commentaire.