Tab kontni
Dènye fwa yo te fè mizajou nan atik sa a se te nan dat 14 Jiyè 2026
Rezime
Sitwayen Ameriken (USC) yo oswa Rezidan Pèmanan Legal yo (LPR, oswa “moun ki gen grinkat”) yo kapab ede sèten manm fanmi yo imigre nan Etazini depi yo itilize yon fòm ki rele “petisyon nan Fòm I-130.” Sa rele “imigrasyon ki baze sou fanmi” tou.
Sa a se yon gid pou USC ak LPR ki ta renmen prezante yon fòm I-130 pou yon manm fanmi. Si ou se yon refijye oswa yon azile, ou ka kalifye pou kèk lòt chwa pou reyinifikasyon fanmi. Ou kapab jwenn enfòmasyon sou chwa sa yo la a.
Dènye enfòmasyon sou Entèdiksyon Vwayaj
Gen anpil entèdiksyon vwayaj ki anplas nan moman an epi ki afekte posiblite kèk moun pou yo vwayaje nan Etazini, menmsi yo jwenn apwobasyon pou yon viza nan pwosesis ki dekri anba a. Entèdiksyon vwayaj yo pa ta dwe afekte premye etap pwosesis imigrasyon sa a, men yo ka konsène ou si ou nan yon etap pi avanse nan pwosesis la. Gen plis enfòmasyon ki disponib sou entèdiksyon vwayaj pandan ane 2025 ak pòz sou viza imigran la a.
Kisa pwosesis imigrasyon ki baze sou fanmi ye?
Petisyon nan USCIS
Premye etap nan pwosesis sa a rele prezantasyon Fòm I-130 nan Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS). Sa rele fè petisyon pou manm fanmi ou. Ou se moun ki fè petisyon an. Ou dwe ajoute dokiman ki pwouve ou se yon USC oswa LPR. Ou dwe pwouve relasyon ou tou avèk manm fanmi ou vle pou vini nan Etazini. Moun sa a rele benefisyè.
Lè w ap ranpli fòm nan, ou ta dwe bay enfòmasyon sou oumenm pou chak kesyon ki konsène moun ki fè petisyon an.
Aplikasyon pou Rezidans Pèmanan
Depi yo apwouve petisyon I-130 ou, manm fanmi ou ap bezwen aplike pou kondisyon rezidan pèmanan nan Etazini.
Si manm fanmi ou ap viv deyò Etazini, l ap fè sa nan yon pwosesis ki rele “pwosesis konsilè.” Sa vle di manm fanmi ou pral aplike pou yon viza imigran nan yon Anbasad oswa Konsila Etazini. Y ap rele li aplikan pou viza.
Si manm fanmi ou ap viv nan Etazini, li kapab aplike pou yon grinkat nan yon pwosesis ki rele “Ajisteman kondisyon.” Y ap rele li aplikan pou ajisteman.
Gid sa a dekri sèlman etap pwosesis Petisyon nan USCIS.
Pou kimoun mwen kapab fè yon petisyon?
Si ou se yon LPR, ou kapab fè yon petisyon pou madanm oswa mari ou oswa pou yon pitit ou ki gen nenpòt laj epi ki pa marye.
Si ou se yon USC, ou kapab fè yon petisyon pou madanm oswa mari ou oswa pou yon pitit ou ki gen nenpòt laj epi ki pa marye. Si ou gen plis pase laj 21 ane, ou kapab fè petisyon pou sè ak frè ou yo ak pou paran ou yo tou.
Ki kote pou mwen kòmanse?
Ou dwe ranpli yon Fòm I-130, ki disponib la a. Gen de fason pou prezante Fòm I-130 ou: 1) pa-lapòs; oswa 2) sou entènèt nan sitwèb USCIS. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou toulède chwa yo la a.
Si ou se yon LPR, w ap fè yon petisyon pou manm fanmi ou. Si manm fanmi ou gen pitit ki pa marye epi ki poko gen laj 21 ane, ou pa bezwen fè yon petisyon apa. Men, si w ap fè petisyon pou madanm oswa mari ou ak pou pitit ou yo anmenmtan, ou kapab fè petisyon yo apa si ou vle pou imigrasyon travay sou yo apa.
Si ou se yon USC, epi w ap aplike pou yon adilt oswa pou timoun ki marye oswa pou sè ak frè ou yo, ou pa bezwen fè yon petisyon apa pou madanm oswa mari yo ak pou timoun ki pa marye yo epi ki poko gen laj 21 ane.
Si ou se yon USC ki aplike pou paran ou, pitit ki pa marye epi ki poko gen laj 21 ane, oswa pou madanm oswa mari ou, ou dwe fè yon petisyon apa pou chak moun.
Nou rekòmande pou prezante yon lèt kouvèti ki endike dokiman w ap bay yo. Lèt kouvèti a ap ede USCIS wè si ou satisfè tout egzijans yo.
Lè ou prezante fòm nan pa-lapòs, ou dwe prezante li avèk siyati orijinal ou, ki ekri alamen oswa yon eskanografi oswa yon fotokopi yon siyati ki ekri alamen. USCIS p ap aksepte yon siyati ki tape ni yon siyati elektwonik. Si ou voye yon eskanografi oswa yon kopi siyati orijinal ou ba USCIS, ou dwe konsève kopi orijinal fòm siyen ou paske ou ka gen pou montre li ba USCIS pidevan.
Ki kantite lajan l ap koute mwen pou fè yon petisyon pou manm fanmi mwen?
Gen yon frè aplikasyon pou peye pou petisyon I-130. Apati mwa Me 2025, gen diferan frè aplikasyon pou peye selon si w ap voye fòm ou nan mwayen elektwonik oswa pa-lapòs. Si ou voye Fòm I-130 ou pa-lapòs, ou dwe peye yon frè $675.00. Si ou voye Fòm I-130 sou entènèt, ou dwe peye yon frè $625.00.
Pou prezantasyon yo pou fòm nan pa-lapòs, ou dwe peye frè sa a avèk yon kat kredi, yon kat debi, oswa yon kat pre-peye epi ou dwe ajoute Fòm G-1450, ki disponib la a. Ou kapab fè yon peman tou dirèkteman nan yon kont labank Etazini depi ou ranpli Fòm G-1650, ki disponib la a. Ou pa kapab peye avèk lajan kach, epi ou pa kapab peye avèk chèk ni avèk mònè-òdè ankò sof si ou kalifye pou yon egzanpsyon. Frè a ak fason pou peye li kapab chanje, poutèt tcheke sitwèb USCIS sa a ki endike frè pou peye yo anvan ou aplike.
Pou prezantasyon fòm yo sou entènèt, sistèm entènèt USCIS pral gide ou nan pwosesis pou peye frè ou yo avèk yon kat kredi, yon kat debi oswa yon kat pre-peye. Sistèm nan pral mennen ou otomatikman nan yon sitwèb ki gen sekirite, pay.gov, pou peye frè ou yo sou entènèt. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou fason pou voye frè pou peye yo ale la a.
Ki lòt dokiman mwen dwe prezante avèk petisyon I-130?
PREMYÈMAN: Ou dwe pwouve ou se yon Sitwayen Ameriken (USC) oswa yon Rezidan Pèmanan Legal (LPR).
Fòm I-130 pral mande ou, moun ki fè petisyon an, pou voye dokiman pou pwouve kondisyon ou nan Etazini.
Pou pwouve ou se yon USC, ou dwe voye YOUN nan dokiman sa yo ansanm avèk fòm I-130 ou:
- Yon kopi batistè ou ki montre ou te fèt nan Etazini
- Yon kopi sètifika natiralizasyon ou
- Yon kopi sètifika sitwayènte ou
- Yon kopi Rapò Konsila konsènan Nesans ou nan Peyi Etranje (CRBA)
- Yon kopi paspò ameriken ou ki pa ekspire, oswa
- Deklarasyon orijinal yon fonksyonè konsila ki verifye ou se yon sitwayen Etazini ki gen yon paspò valab.
Pou pwouve ou se yon LPR, ou ta dwe prezante yon kopi devan ak dèyè Grinkat ou. Si ou poko gen grinkat ou, ou kapab voye kopi paspò ou ki gen paj ki gen foto ou sou li ak paj ki montre dat antre ou nan Etazini kòm yon LPR. Ou kapab voye yon kopi I-94 ou tou.
DEZYÈMAN: Ou dwe pwouve relasyon ou avèk manm fanmi ou.
Fòm I-130 pral mande ou, moun ki fè petisyon an, pou voye dokiman pou pwouve relasyon ou avèk benefisyè a. Pa voye dokiman orijinal yo ba USCIS. Ou ta dwe toujou voye kopi dokiman yo.
Si dokiman an pa nan lang Anglè, ou ta dwe voye yon tradiksyon dokiman an nan lang Anglè tou. Tradiksyon an dwe gen ladan yon deklarasyon tradiktè a pou deklare li konpetan nan toulède lang yo.
Si ou vle antre madanm oswa mari ou nan peyi a:
- Ajoute yon kopi sètifika maryaj ou.
- Si ou te marye anvan, ajoute kopi dokiman ki montre ansyen maryaj ou yo te fini. Anjeneral, dokiman sa yo se papye divòs oswa sètifika lanmò.
- Ajoute dokiman ki montre sa a se yon vrè maryaj epi se pa pou rezon imigrasyon. Kòm egzanp:
- Ou kapab ajoute batistè pitit ou yo ki montre oumenm ak madanm oswa mari ou se paran yo.
- Ou kapab ajoute yon dokiman yon bank ki gen non nou yo nan menm kont lan.
- Ou kapab voye yon kontra lwaye tou ki montre toulède non nou.
- Ou kapab ajoute lèt moun ki konnen ou oswa madanm oswa mari ou ak maryaj nou byen. Moun yo pa bezwen se sitwayen ameriken.
- Yo ta dwe ekri prenon ak non fanmi yo, adrès yo epi dat ak kote yo te fèt.
- Yo ta dwe dekri fason yo konnen kichòy sou relasyon nou, tankou patisipasyon nan maryaj nou oswa pase tan avèk nou kòm de moun ki marye.
- Si li posib, moun sa yo ta dwe mande yon notè pou siyen ak sele lèt sa a anvan yo voye li ba ou.
Si ou vle antre pitit ou nan peyi a:
- Si ou se manman an, ajoute yon kopi batistè a ki montre non ou ak non timoun nan.
- Si ou se papa a, ajoute yon batistè ki montre non ou ak non manman timoun nan. Epitou ajoute yon sètifika maryaj ki montre ou te marye avèk manman an lè timoun nan te fèt oswa anvan timoun nan te vin gen laj 18 tan. Si ou pa t marye, li Enstwiksyon USCIS konsènan Fòm I-130 pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou pwouve relasyon ou.
Si ou vle antre sè oswa frè ou nan peyi a:
- Ajoute kopi toulède batistè nou yo ki montre nou te gen omwen yon paran an komen.
- Si nou te gen manman diferan men menm papa a, ajoute tou yon kopi sètifika maryaj papa ou avèk nenpòt manman oswa toulède manman yo. Si papa ou te divòse avèk youn nan manman yo, ajoute yon sètifika divòs ki pwouve sa. Si papa ou pa t marye avèk okenn nan manman yo, li Enstwiksyon USCIS konsènan Fòm I-130 pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou pwouve relasyon ou.
Si ou vle antre manman ou nan peyi a:
- Voye batistè ou avèk non manman ou ladan.
Si ou vle antre papa ou nan peyi a:
- Ajoute yon batistè ki montre non toulède paran ou yo.
- Epitou ajoute yon sètifika maryaj ki montre papa ou ak manman ou te marye. Si paran ou yo pa t marye, li Enstwiksyon USCIS konsènan Fòm I-130 pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou pwouve relasyon ou.
Si ou vle antre boparan ou nan peyi a:
- Ajoute yon sètifika maryaj.
- Epitou ajoute yon sètifika maryaj ant paran byolojik ou ak boparan ou. Yo dwe te marye anvan ou te vin gen laj 18 tan.
- Epitou ajoute dokiman ki montre sa, si okenn ladan yo pa t marye lontan, maryaj sa yo te fini. Anjeneral, dokiman sa yo se papye divòs oswa sètifika lanmò.
Si ou vle antre yon paran ki te adopte ou nan peyi a:
- Ajoute dokiman ki montre paran ou te adopte ou legalman.
- Epitou ajoute yon dokiman ki montre ou t ap viv legalman avèk paran adoptif ou yo pandan omwen 2 ane anvan oswa apre adopsyon an.
Kisa pou mwen fè si mwen pa gen yon dokiman ki obligatwa?
Gen yon ti kantite posiblite si ou pa gen dokiman obligatwa yo:
- Si ou pa gen dokiman sa yo, ou ta dwe eseye jwenn yo. Paregzanp, ou kapab ale nan yon anbasad pou mande kopi yo oswa ou kapab mande fanmi ou oswa zanmi ou yo.
- Wè si gen yon lòt dokiman akseptab ou kapab itilize alaplas dokiman obligatwa a. Depatman-Deta Etazini bay lis lòt kalite fòm dokiman sou sitwèb sa a.
- Chèche jwenn yon lèt nan yon biwo gouvènman oswa nan yon anbasad ki deklare ou pa kapab jwenn dokiman an. Ou ta dwe toujou eseye jwenn lòt dokiman tankou:
- Yon dosye relijye: Yon kopi yon dokiman yon òganizasyon relijye tankou yon legliz, moske, tanp, oswa sinagòg. Dokiman sa a ta dwe montre te gen yon seremoni relijye (tankou yon batèm) nan de mwa apre akouchman an. Dokiman an dwe gen ladan dat nesans lan ak kote ou te fèt, dat seremoni relijye a, ak non paran yo.
- Yon dosye lekòl: Kopi yon lèt yon otorite edikasyon, tankou yon lekòl. Dokiman an ta dwe montre dat timoun nan te antre lekòl la, dat nesans timoun nan oswa laj li nan moman an, kote timoun nan te fèt, ak non paran yo.
- Yon dosye resansman: Dosye gouvènman ki montre non, kote moun ki endike a te fèt, dat nesans li, oswa laj li.
- Chèche jwenn de oswa plis lèt moun ki te vivan nan moman evènman ou dwe pwouve a epi mande yo pou ekri deklarasyon sou sa.
- Moun yo dwe gen “konesans pèsonèl” sou evènman an. Paregzanp, yon tonton ki te ale nan maryaj paran ou yo oswa yon fanmsaj ki te ede akouche ou, oswa yon bon zanmi ki konnen relasyon ou avèk mari ou.
- Moun ki ekri lèt yo pa bezwen se sitwayen ameriken.
- De oswa plis moun dwe ekri prenon ak non fanmi yo, adrès yo, dat ak kote yo fèt, sa yo konnen sou evènman an, epi eksplike fason yo konnen sa.
- Si li posib, moun sa yo ta dwe mande yon notè pou siyen ak sele lèt sa a anvan yo voye li ba ou.
Ki kote pou mwen voye petisyon I-130 ak dokiman yo?
Adrès pou aplike a depannde kote w ap viv. Tcheke sitwèb sa a pou wè kote pou voye Fòm I-130 ou. Ou kapab voye fòm nan sou entènèt tou. Gen enstwiksyon pou aplike sou entènèt la a.
Anvan ou voye fòm I-130 ak dokiman sipò yo,. Sonje pou fè yon kopi gwoup dokiman yo okonplè pou konsève pou pwòp dosye ou yo. Menmsi ou gen orijinal dokiman yo, ou ta dwe toujou gen yon kopi tout prezantasyon final ou fè a. Ou ka bezwen li pidevan.
Apre mwen aplike I-130, kisa k ap pase answit?
Apre ou ranpli fòm I-130 epi ou voye fòm nan, dokiman sipò yo, ak frè aplikasyon an ba USCIS, USCIS ap voye ba ou, moun ki fè petisyon an, avi ak lèt yo pa-lapòs. Pafwa y ap voye ba ou nan imèl tou. Li enpòtan pou konsève tout lèt yo.
USCIS ap voye ba ou anvan yon I-797 Avi pou Aksyon.” Fòm sa a ap endike yo te resevwa petisyon I-130 ou. Lèt sa a enpòtan paske:
- L ap fè ou konnen ki sant sèvis USCIS k ap travay sou fòm I-130 ou. Sitwèb USCIS sa a bay dèle pou USCIS travay sou fòm ou.
- L ap ba ou nimewo resi a pou dosye ou. Nimewo sa a gen twa lèt ladan tankou EAC, WAC, LIN, SRC, NBC, MSC oswa IOE. Li gen 10 chif apre lèt sa yo. Ou kapab itilize nimewo sa a pou:
- L ap ba ou dat priyoritè pou dosye ou. Sa enpòtan paske l ap fè ou konnen lè yon viza pral disponib pou manm fanmi ou. Ou kapab gade kantite tan pou tann pou viza yo sou sitwèb Depatman-Deta sa a depi ou klike sou dènye Bilten Viza a.
Pafwa, USCIS pral voye yon lèt ba ou pou mande ou, moun ki fè petisyon an, pou voye plis dokiman ba yo. Sa rele yon Demann pou bay Prèv (“RFE”). RFE pral fè ou konnen ki dokiman ki manke epi l ap ba ou yon dat ou dwe voye dokiman an. Anjeneral, y ap ba ou ant 90 ak 120 jou. USCIS ka sijere ou pou fè yon tès ADN tou. Tès sa a se yon tès san oumenm ak manm fanmi ou, benefisyè a, ap fè. Tès la kapab pwouve oumenm ak manm fanmi ou asosye nan san. Tès la dwe fèt nan sèten laboratwa. ou kapab jwenn yon lis laboratwa ADN sa yo depi ou ale sou sitwèb sa a.
Èske li posib pou akselere yon I-130?
Wi, ou kapab mande USCIS pou akselere (ba ou pi vit) adjidikasyon (desizyon) yon demann I-130 apre ou te resevwa yon resi ki endike USCIS te resevwa aplikasyon ou.
Kijan pou mwen konnen si mwen kapab jwenn pwosesis la pi vit?
Pou jwenn pwosesis la pi vit ou bezwen omwen youn nan rezon sa yo:
- Ijans ak rezon imanitè ijan
- Pèt finansye grav yon konpayi oswa yon moun.
- Rezon sa a p ap konte si moun ki fè petisyon an oswa aplikan yo pa t:
- Aplike pou demann avantaj oswa demann ekspeditif nan yon entèval tan rezonab, oswa
- Reponn pou nenpòt demann pou plis prèv nan yon entèval tan rezonab;
- Rezon sa a p ap konte si moun ki fè petisyon an oswa aplikan yo pa t:
- Yon erè USCIS fè aklè
- Yon rezon enpòtan dapre enterè gouvènman Etazini (tankou ka ijan yo pou Depatman Defans DHS oswa lòt enterè pou sekirite piblik oswa sekirite nasyonal).
Kijan pou mwen mande pwosesis rapid?
Pou mande yon pwosesis rapid, ou kapab:
- Rele Sant Kontak USCIS nan nimewo 1-800-375-5283, oswa
- Itilize fonksyon konvèsasyon “Ask Emma” chat feature sou sitwèb USCIS, nan uscis.gov. Ou kapab jwenn aksè nan zouti sa a depi ou klike sou ikòn “Ask Emma” ki anlè adwat paj-ekran an.
Pou kapab aplike pou demann ou, ou dwe gen yon nimewo resi. USCIS p ap kapab voye yon demann sèvis san yon nimewo resi. Ou kapab jwenn nimewo resi a nan dokiman I-797C USCIS te voye pou fè ou konnen yo te resevwa aplikasyon ou.
Apre ou rele oswa fè konvèsasyon avèk yon ajan pou mande pwosesis ekspeditif, Sant Kontak USCIS pral voye demann sèvis la nan biwo ki responsab petisyon ou. Biwo sa a ka mande ou lòt enfòmasyon oswa lòt dokiman apre koutfil ou. Yo ka fè sa nan imèl oswa nan telefòn.
Èske desizyon yon pwosesis rapid pral afekte aplikasyon oswa petisyon orijinal la?
Yon desizyon sou pwosesis ekspeditif pa pral afekte si aplikasyon oswa petisyon orijinal ou jwenn oswa pa jwenn apwobasyon oswa refi.
Lè yo akòde ou demann pou akselere petisyon ou, lè sa a USCIS pral pran yon desizyon pi vit pase nòmal. Y ap revize demann yo sou yon baz ka-pa-ka epitou USCIS kapab rejte oswa fasilite yon demann ekspeditif.
Pou jwenn plis enfòmasyon, gade Manyèl Règleman USCIS, Volim 1, Pati A, Sèvis Piblik Chapit 5, Demann pou Akselere Aplikasyon oswa Petisyon.
Kisa pou mwen fè si mwen panse gen yon enfòmasyon ki pa bon avèk dosye mwen?
ENPÒTAN: Tanpri sonje depi mwa Avril 2025, te gen rapò ki endike operasyon Biwo Medyatè a poze. Sa vle di Biwo Medyatè ka pa revize demann yo nan moman sa a. Gouvènman an pa t fè okenn anons ofisyèl sou chanjman sa a, epitou paj-ekran prezantasyon sou entènèt pou Biwo Medyatè a toujou disponib. Ou kapab toujou eseye prezante demann ou yo nan Biwo Medyatè a epi wè si ou resevwa yon repons, men nou rekòmande pou ou eseye kontakte reprezantan Kongrè ou tou pou jwenn asistans. Si ou chwazi pou toujou kontakte Biwo Medyatè, gen kèk enfòmasyon enpòtan anba a pou sa.
Biwo Medyatè Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon ede rezoud pwoblèm moun avèk USCIS. Yo pa yon pati nan USCIS, poutèt sa yo pa kapab bay apwobasyon ni refi pou dosye yo. Men, yo kapab kominike avèk USCIS pou ede ou si:
- Ou pa t resevwa yon avi oswa desizyon USCIS men sistèm USCIS endike yo te voye youn ba ou
- Benefisyè a ka “vin arisk pou pa satisfè kondisyon yo nan yon ti tan akòz laj li (anjeneral sa vle di lè yon timoun pral vin gen laj 21 ane epi li p ap kapab rete sou petisyon paran li)
- Gen kèk erè nan dokiman ou yo
- Dosye ou gen yon reta 60 jou apre kantite tan nòmal pou yo travay sou li
- Gen fichye ki pèdi ak/oswa pwoblèm pou transfere fichye yo
- Ou panse USCIS te fè yon erè grav.
Pou jwenn èd, ou kapab prezante yon demann pou jwenn asistans avèk dosye ou sou entènèt. Ou kapab telechaje fòm nan tou, ki disponib la a, epi pou voye li ale nan imèl cisombudsman@hq.dhs.gov. Pafwa li pi fasil pou louvri fòm nan avèk navigatè Internet Explorer Microsoft. Pa tache dokiman ki pi gwo pase 5 mega-oktè. Pou jwenn enstwiksyon pi detaye, gade sitwèb Biwo Medyatè a la a.
Ou kapab mande manm Kongrè ou tou pou ba ou asistans. Gid IRAP sou fason pou mande yon manm Kongrè pou ede ou la a.
Kisa k ap pase apre yo apwouve I-130 mwen?
Yon petisyon I-130 ki apwouve se premye etap nan pwosesis imigrasyon ki baze sou fanmi. Gid sa a konsène premye etap sa a sèlman. Kantite tan rès pwosesis la ap pran pral depannde kalite relasyon ou avèk fanmi ou.
Pou kèk relasyon, yon viza ap disponib touswit epi manm fanmi ou kapab kòmanse pwosesis aplikasyon pou viza a imedyatman apre yo apwouve petisyon an. Pou lòt relasyon yo, yon kantite viza limite ap disponib chak ane, epi manm fanmi ou ap gen pou tann – pafwa pou kèk ane – anvan yo kapab kòmanse pwosesis regilye aplikasyon pou viza a. Enfòmasyon sou kantite tan pou tann pou viza a disponib sou bilten viza Depatman-Deta.
Lè yon viza disponib, pwochen etap yo ap depannde kote manm fanmi ou ap viv. Si manm fanmi ou nan Etazini deja, li kapab ajiste kondisyon li an rezidan pèmanan legal touswit. Gen enfòmasyon sou fason pou ajiste kondisyon an rezidans pèmanan legal ki disponib sou sitwèb USCIS. Si manm fanmi ou ap viv deyò Etazini, li kapab aplike pou yon viza imigran pou vini nan Etazini kòm yon rezidan. Gen plis enfòmasyon sou pwosesis aplikasyon pou viza ki disponib sou sitwèb Depatman-Deta.
Mande èd
Ou menm oswa yon fanmi w ka vle mande yon avoka imigrasyon èd pou pwosesis sa a. Men kèk resous:
Èd nan men IRAP
- Enfòmasyon sou kijan pou mande èd nan men IRAP disponib isit la.
- Si w nan peyi Jòdani, ou ka mande èd IRAP Jòdani lè w itilize fòmilè sa a. Si fòmilè a fèmen, ou ka tcheke ankò pita.
Èd ki soti nan lòt òganizasyon
- Yon lis founisè sèvis legal imigrasyon gratis Ozetazini disponib isit la. Avoka sa yo pa afilye ak IRAP.
- Yon lis avoka imigrasyon prive Ozetazini disponib isit la. Tanpri sonje ke avoka imigrasyon prive yo ka fè peye pou sèvis yo. Avoka sa yo pa afilye ak IRAP.
Pwojè Asistans Entènasyonal pou Refijye yo (IRAP) bay èd legal gratis pou kèk refijye ak moun deplase.
- IRAP ede kèk moun jwenn sèvis epi prepare aplikasyon pou refijye oswa viza.
- IRAP pa fè pati okenn gouvènman, OIM, oswa UNHCR.
- IRAP pa ka bay estati refijye oswa viza, epi li pa ka akselere pwosesis yo.
- IRAP pa ka bay èd finansye, jwenn oswa peye pou lojman, oswa jwenn travay.
- Tout èd IRAP yo gratis. Pesonn ki afilye ak IRAP pa gen dwa mande ou lajan oswa okenn lòt sèvis.
IRAP deside ede moun ki baze sou bezwen yo ak kalifikasyon yo pou estati imigrasyon. IRAP pa deside ede moun ki baze sou okenn lòt kritè sosyal, politik, oswa relijye.
Sit entènèt sa a bay enfòmasyon jeneral sou pwosesis legal ki disponib pou kèk refijye. Li pa fèt kòm konsèy legal pou aplikasyon endividyèl yo.
Egzijans yo ka chanje. Toujou tcheke egzijans aktyèl yo ak gouvènman an oswa ajans ki deside sou demann ou an.
Si w nan yon ijans ki gen rapò ak refijye, nou rekòmande pou w kontakte biwo UNHCR nan peyi kote w ap viv la.
Atik sa a ap mete ajou. Tanpri tounen pita.
Commentaires
0 commentaire
Vous devez vous connecter pour laisser un commentaire.