Tab kontni
Yo te fè dènye mizajou nan atik sa a nan jou ki te 4 Out 2026
Rezime
Gid sa a la pou moun ki gen kondisyon refijye ak azil politik nan Etazini epi ki vle reyini avèk madanm oswa mari yo, pitit yo, oswa paran yo. Gid sa a gen ladan enfòmasyon sou de pwogram: I-730 Follow-to-Join ak Priority 3 (P-3) Family Reunification. Tanpri asire ou li toulède gid yo paske de pwogram yo gen egzijans diferan.
Enfòmasyon sa yo soti nan gid gouvènman Etazini ki disponib sou reyinifikasyon fanmi. Ou ka kalifye pou lòt chwa konsènan reyinifikasyon fanmi. Enfòmasyon pou moun ki aplike pou SIV la a.
Refijye ak Azile I-730 Follow-to-Join yo
Si ou te jwenn admisyon nan Etazini kòm yon refijye nan dènye de ane yo oswa si yo te akòde ou azil politik nan Etazini nan dènye de ane yo, ou ka aplike pou madanm oswa mari ou ak timoun minè ou ki pa marye pou vin jwenn ou nan Etazini avèk yon bagay ki rele Fòm I-730. Sa rele “fè petisyon” pou manm fanmi ou. Ou se petisyonè a.
Lè w ap ranpli fòm nan, ou ta dwe bay enfòmasyon sou tèt ou pou chak kesyon fòm nan poze sou petisyonè a. Manm fanmi ou se benefisyè a.
Pwosesis I-730 ap pèmèt ou mennen madanm/oswa mari ou ak pitit ou nan Etazini kòm “derive” ou yo. Sa vle di yo pral resevwa menm kondisyon avèk ou (refijye oswa azile) dapre dosye orijinal ou.
Dènye Enfòmasyon Enpòtan pou Refijye Follow-to-Join yo
Nan mwa Janvye 2025, Prezidan Trump te bay yon lòd pou poze Pwogram Admisyon Refijye yo nan Etazini (USRAP). Dosye I-730 ki sou non manm fanmi refijye yo konsène nan pòz sa a Ou kapab toujou prezante nouvo petisyon, epitou dèle dezan an toujou anvigè pou ka sa yo. Men, ka ou ka jwenn gwo dèle paske gouvènman an p ap travay sou ka sa yo ni pran desizyon sou yo pou kounye a. Gen plis enfòmasyon sou pòz konsènan re-enstalasyon ki la a.
Dènye Enfòmasyon Enpòtan pou Azile Follow-to-Join yo
Nan mwa Jwen 2025, gouvènman Etazini te anonse yon entèdiksyon vwayaj ki ka anpeche moun nan sèten peyi resevwa viza ak antre nan Etazini. Menmsi gouvènman an te deklare anvan entèdiksyon sa a aplike pou azile follow-to-join yo, nan dat 29 Jiyè 2026, yon tribinal federal nan Eta AA v. te deside gouvènman an pa kapab aplike entèdiksyon vwayaj pou azile follow-to-join yo. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou pwosè sa a la a.
Kimoun ki kalifye pou pwosesis refijye/azile follow-to-join?
Ou dwe se aplikan prensipal la sou dosye refijye ou oswa azil politik ou pou aplike pou fanmi ou reyini avèk ou nan pwosesis sa a. Si ou te resevwa kondisyon refijye oswa azil politik paske oumenm te madanm oswa mari oswa pitit yon aplikan prensipal, ou pa kapab ranpli yon petisyon nan Fòm I-730 sou non nenpòt lòt manm fanmi.
Petisyon pou madanm oswa mari ou:
- Ou dwe te marye avèk madanm oswa mari ou nan moman ou te jwenn admisyon nan Etazini kòm yon refijye oswa kòm yon moun yo akòde azil politik.
- Ou dwe toujou marye avèk madanm, oswa mari ou lè ou ranpli fòm I-730 ak lè ou te jwenn admisyon nan Etazini.
Petisyon pou pitit ou:
- Pitit ou pa dwe gen laj 21 ane epi li pa dwe marye. Men:
- Si ou te re-enstale kòm yon refijye, laj pitit ou “vin fiks” nan dat entèvyou ou avèk Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS) pou re-enstalasyon refijye. Si pitit ou potko gen laj 21 ane nan dat sa a, ou kapab toujou ranpli yon fòm I-730 pou li menmsi li gen plis pase laj 21 ane kounye a, toutotan li pa marye.
- Si ou se yon azile, laj pitit ou “vin fiks” nan dat ou te ranpli Fòm I-589 pou aplike pou azil politik. Si pitit ou potko gen laj 21 ane nan dat sa a, ou kapab toujou ranpli yon fòm I-730 pou li menmsi li gen plis pase laj 21 ane kounye a, toutotan li pa marye.
- Relasyon ou avèk pitit ou te dwe egziste anvan ou te jwenn admisyon ou nan Etazini kòm yon refijye oswa kòm yon moun yo akòde azil politik.
- Yon “paran” kapab vle di yon boparan oswa paran adoptif nan kèk sikonstans. Enstwiksyon pou Fòm I-730 disponib la a.
- Nòt: Pitit ou dwe te fèt oswa konsevwa (sètadi manman an te deja ansent) anvan ou te vwayaje nan Etazini kòm yon refijye oswa anvan yo te akòde ou azil politik.
- Relasyon ou avèk pitit ou dwe toujou egziste lè ou fè yon petisyon pou pitit ou vin jwenn ou ak lè pitit ou jwenn admisyon nan Etazini.
Madanm oswa mari yo ak timoun yo pa bezwen montre yo te anba pèsekisyon nan peyi yo pou yo kalifye pou pwogram sa a. Lòt egzijans pou madanm oswa mari ou ak pitit ou ka aplike tou. Sitwèb USCIS’ pou Refijye ak Azile yo bay plis enfòmasyon.
Kijan m ap kòmanse pwosesis aplikasyon an?
Ou ta dwe prezante:
- Fòm I-730, Petisyon pou Manm Fanmi Refijye ak Azile.
- Si ou te re-enstale kòm yon refijye, mete yon Fòm I-590 ki ranpli avèk detay benefisyè a (benefisyè a pa bezwen ranpli Pati 5 oswa 8 ni siyen Fòm I-590).
- Prèv kondisyon ou kòm yon refijye oswa azile (paregzanp, dokiman I-94, kopi desizyon azil politik ou, oswa Kat Rezidans Pèmanan Legal ou).
- Dènye foto klè madanm oswa mari ou oswa pitit ou.
- Prèv relasyon ou avèk madanm oswa mari ou oswa avèk pitit ou.
Pa gen frè pou peye pou prezante fòm I-730. Ou dwe ranpli li nan dezan apre lè ou te rive kòm yon refijye oswa apre lè yo te akòde ou azil politik. Men, si ou deja pase dèle dezan pou ranpli fòm nan, ou kapab toujou prezante yon petisyon I-730 avèk yon rezon ki lakòz ou ranpli li anreta. USCIS ka deside ou konsidere aplikasyon anreta ou pou
“rezon imanitè.”
Prèv Relasyon Ou avèk Manm Fanmi Ou
Si ou vle mennen mari oswa madanm ou nan Etazini epi ou marye avèk li legalman:
- Mete yon kopi sètifika maryaj ou.
- Si ou te marye anvan, mete kopi dokiman ki montre ansyen maryaj ou yo te fini. Anjeneral, dokiman sa yo se divòs oswa sètifika lanmò.
- Mete dokiman ki montre sa se yon vrè maryaj epi ou pa t marye pou objektif imigrasyon. Kòm yon ti kantite egzanp:
- Ou kapab mete batistè pitit ou yo ki montre oumenm ak madanm oswa mari ou se paran yo.
- Ou kapab mete yon dokiman labank ki gen toulède non ou yo sou menm kont lan.
- Ou kapab mete yon kontra lwaye ki montre toulède non ou yo.
- Ou kapab mete foto lavi ou ansanm ou te separe.
- Ou kapab mete lèt moun ki konnen ou oswa madanm oswa mari ou ak maryaj ou byen. Moun sa yo pa bezwen se sitwayen Etazini pou sa.
- Yo ta dwe ekri prenon ak non fanmi yo, adrès yo, epi dat nesans yo ak kote yo te fèt.
- Yo ta dwe dekri fason yo konnen relasyon ou, tankou patisipasyon nan maryaj ou oswa pase tan avèk ou kòm yon koup.
- Si li posib, moun sa yo ta dwe mande yon notè pou siyen ak sele lèt sa a anvan yo voye li ba ou.
Si ou vle mennen pitit fi oswa pitit gason ou nan peyi a:
- Si ou se manman an, mete yon kopi batistè a ki montre non ou ak non pitit ou.
- Si ou se papa a, mete yon kopi batistè a, ki montre non ou ak non manman timoun nan. Epitou mete yon kopi sètifika maryaj ki montre ou te marye avèk manman an lè timoun nan te fèt oswa anvan timoun nan te vin gen laj 18 ane. Si ou pa t marye avèk manman timoun nan, li enstwiksyon USCIS I-730 pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou pwouve relasyon ou.
- Si ou se yon boparan, mete yon kopi batistè bofis oswa bèlfi ou. Epitou prezante yon kopi sètifika maryaj la avèk paran natirèl bofis la oswa bèlfi a.
- Si ou se paran adoptif la, mete yon kopi sètifye dekrè adopsyon an. Epitou prezante prèv ki montre ou t ap viv avèk timoun nan pandan omwen dezan. Si ou te gen responsablite legal, prezante yon kopi sètifye lòd responsablite a.
Ou ta dwe prezante plis dokiman si oumenm oswa madanm oswa mari ou te janm marye anvan oswa si oumenm, oswa manm fanmi ou te chanje non nou legalman.
Si ou pa gen dokiman sa yo, ka gen lòt dokiman ou kapab prezante alaplas yo. Li enstwiksyon USCIS I-730 pou jwenn plis enfòmasyon.
Ki kote pou mwen voye fòm I-730 lan ak dokiman sipò yo?
Adrès kòrèk aplikasyon pou Fòm I-730 depannde kote w ap viv. Tcheke sitwèb sa a pou jwenn kote pou voye Fòm I-730 ou anba onglè “Where to File”.
Anvan ou voye fòm I-730 ak dokiman sipò li yo, sonje pou fè yon kopi gwoup dokiman yo nèt pou konsève pou dosye ou. Menmsi ou gen orijinal dokiman yo, ou ta dwe toujou gen yon kopi prezantasyon final ou fè a okonplè. Ou ka bezwen li pidevan.
Kisa k ap pase apre mwen voye aplikasyon an?
Depi USCIS resevwa Fòm I-730 lan, USCIS pral voye ba ou yon avi resepsyon, ki rele yon Avi pou Aksyon I-797C. Avi sa a ap endike yo te resevwa I-730. Lèt sa enpòtan paske:
- L ap fè ou konnen sant sèvis USCIS ap travay sou fòm I-730 lan.
- L ap ba ou nimewo resi a pou dosye ou. Nimewo sa a gen twa lèt ladan tankou EAC, WAC, LIN, SRC, NBC, MSC oswa IOE. Li gen 10 chif apre lèt sa yo. Ou kapab itilize nimewo sa a pou:
Li kapab pran anpil mwa oswa menm ane pou resevwa yon desizyon sou Fòm I-730 ou. Nan kèk ka, madanm oswa mari ou ka bezwen fè yon entèvyou anvan yo kapab apwouve petisyon an. Nan tout ka yo, madanm oswa mari ou pral fè entèvyou anvan yo kapab bay dokiman vwayaj la.
Si madanm oswa mari ou andedan Etazini deja, oumenm ak madanm oswa mari ou pral fè entèvyou avèk USCIS anvan yo kapab apwouve petisyon an. Nan kèk ka, USCIS ka mande yon entèvyou avèk ou si madanm oswa mari ou deyò Etazini.
USCIS pral voye ba ou yon avi ekri konsènan desizyon pou ou I-730 ou. Pafwa, USCIS pral voye ba ou yon lèt pou mande ou, petisyonè a, pou voye plis prèv ba yo. Sa rele yon Demann pou bay Prèv (“RFE”). RFE a pral fè ou konnen ki dokiman ki manke epi l ap ba ou yon dat pou genyen pou voye dokiman an. Anjeneral, y ap ba ou 90 a 120 jou.
Si ou aplike pou pitit ou, USCIS ka sijere ou tou pou fè yon tès ADN. Se yon tès san oumenm ak pitit ou dwe fè. Tès la kapab pwouve oumenm ak pitit ou asosye nan san. Si USCIS mande yon tès ADN, y ap voye yon RFE ba ou apre ou ranpli fòm aplikasyon I-730 pou eksplike ou fason pou fè tès la. Ou dwe fè tès ADN ou nan sèten laboratwa. Ou kapab jwenn yon lis laboratwa ADN yo depi ou ale sou sitwèb sa a.
Si yo jwenn madanm oswa mari ou oswa pitit ou pa kalifye, USCIS pral voye yon lèt ba ou. Lèt sa a rele yon Avi pou fè konnen Entansyon pou Refi (“NOID”). Lèt la pral ba ou yon opòtinite pou reponn anvan yo pran yon desizyon final. Ou pa kapab konteste desizyon yo pran sou yon Fòm I-730.
Si yo apwouve I-730 ou epi benefisyè a fè tchèk sekirite ak egzamen medikal obligatwa yo, y ap jwenn pèmisyon pou vwayaje nan Etazini. Si ou gen kondisyon azile, manm fanmi apwouve ou yo pral gen pou rezève vwayaj yo poukont yo. Si ou gen kondisyon refijye, se Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (IOM) ki pral rezève vwayaj la pou manm fanmi apwouve ou yo, epi y ap kapab resevwa menm kalite avantaj refijye nan ajans re-entegrasyon jan sa te fèt pou ou lè ou te re-enstale.
Pwogram Re-Inifikasyon Fanmi ki gen Priyorite 3
Pwogram Reyinifikasyon Fanmi Priyorite 3 ta ka rele tou:
- Pwogram P-3.
- Pwogram Afidavit Relasyon.
- Pwogram AOR.
Dènye enfòmasyon pou Aplikan Priyorite 3
Nan mwa Janvye 2025, Prezidan Trump te bay yon lòd pou poze Pwogram Admisyon Refijye yo nan Etazini (USRAP). Gouvènman Etazini pa aksepte nouvo aplikasyon pou pwogram Priyorite 3 nan moman sa a. Gen plis enfòmasyon sou pòz konsènan re-enstalasyon ki la a. Enfòmasyon anba yo enpòtan sèlman lè gouvènman an kòmanse aksepte aplikasyon sa yo ankò.
Kimoun ki kalifye pou pwogram Priyorite 3?
Moun ki te re-enstale kòm refijye, SIV Afgan oswa Irakyen, oswa moun yo te akòde azil politik nan Etazini kapab ede sèten manm fanmi pou yo vini nan Etazini kòm refijye tou. Ou kapab aplike si ou toujou gen kondisyon yon refijye oswa azile, oswa si ou se yon rezidan pèmanan legal (LPR, oswa moun ki gen grinkat), oswa sitwayen Etazini.
Ou kapab aplike pou:
- Mari oswa madanm ou.
- Pitit ou ki pa marye epi ki poko gen laj 21 ane.
- Paran ou yo.
- Nan sikonstans eksepsyonèl, lòt manm fanmi ou k ap viv nan menm kay avèk yon moun ki endike anwo a.
Manm fanmi sa yo dwe se refijye. Sa vle di yo dwe deyò peyi kote yo soti a epitou yo dwe dokiman kondisyon refijye yo.
Nan tan pase, pwogram sa a te la sèlman pou refijye ak moun k ap chèche jwenn azil politik. Depi mwa Avril 2021, moun ki te vini nan Etazini kòm Afgan ak Irakyen ki gen SIV kapab aplike tou pou manm fanmi yo. Pwogram sa a te la anvan sèlman tou pou manm fanmi sèten nasyonalite. Pa gen restriksyon selon nasyonalite kounye a.
Anpil moun ki kapab kalifye pou pwogram P-3 kalifye tou pou pwogram I-730. Gen plis enfòmasyon sou pwosesis sa a ki anwo nan paj sa a.
Kijan pou mwen ede fanmi mwen aplike pou pwogram P-3?
Pou kòmanse pwogram P-3, manm fanmi ki nan Etazini dwe ranpli yon dokiman ki rele Afidavit Relasyon (AOR). Moun yo pa kapab prezante dokiman sa a poukont yo. Yon ajans lokal pou re-enstalasyon dwe prepare epi voye fòm sa a ba gouvènman an. IRAP pa yon ajans pou re-enstalasyon epi yo pa kapab prepare ni ranpli fòm AOR yo.
Pou kòmanse pwosesis aplikasyon an, ou ta dwe kontakte yon ajans pou re-enstalasyon. Yon ajans pou re-enstalasyon se yon òganizasyon ki travay avèk gouvènman an pou ede refijye yo lè yo fèk rive nan Etazini. Si ou te vini nan Etazini kòm yon refijye, ou ka toujou konnen fason pou kontakte ajans ki te ede ou lè ou te fèk rive nan Etazini.
Ou kapab jwenn yon ajans pou re-enstalasyon lokal depi ou ale sou sitwèb sa a. Klike sou eta ou pou jwenn lis ajans yo ki nan eta ou. Jwenn ajans ki pi pre ou a oswa ki pi pre ou yo. Kontakte ajans lan avèk nimewo telefòn ou ki endike sou sitwèb la.
Lè ou rele ajans pou re-enstalasyon an, fè ajans pou re-enstalasyon an konnen ou se yon refijye, azile, oswa benefisyè SIV Afgan oswa Irakyen. Fè yo konnen ou vle reyini avèk yon manm fanmi ou epi ou vle jwenn èd pou ranpli yon Afidavit Relasyon.
Ki lòt enfòmasyon mwen ta dwe konnen konsènan pwosesis Aplikasyon pou P-3?
Ou dwe ranpli Fòm AOR nan senk ane apre admisyon ou nan Etazini kòm yon refijye oswa SIV, oswa nan senk ane lè yo te akòde ou kondisyon azil politik.
Pwosesis aplikasyon an kapab pran anpil ane. Anjeneral pou relasyon paran/pitit, pwosesis P-3 egzije pou fè tès ADN.
Gen plis enfòmasyon ki disponib sou pwogram Priyorite 3 nan Depatman-Deta. Gen plis enfòmasyon ki disponib tou sou pwogram Priyorite 3 nan USCIS.
Fason pou mande èd
Oumenm oswa manm fanmi ou ka vle mande yon avoka imigrasyon èd avèk pwosesis sa a. Men kèk resous:
- Enfòmasyon sou fason pou mande èd nan IRAP endike la a.
- Si ou nan peyi Jòdani, ou kapab mande èd IRAP Jordan avèk fòm sa a. Si fòm nan fèmen, ou kapab tcheke li ankò nan yon lòt dat.
- Yon lis founisè sèvis legal gratis nan afè imigrasyon nan Etazini disponib la a.
- Yon lis avoka prive imigrasyon nan Etazini disponib la a.
Pwojè Asistans Entènasyonal pou Refijye yo (IRAP) bay èd legal gratis pou kèk refijye ak moun deplase.
- IRAP ede kèk moun jwenn sèvis epi prepare aplikasyon pou refijye oswa viza.
- IRAP pa fè pati okenn gouvènman, OIM, oswa UNHCR.
- IRAP pa ka bay estati refijye oswa viza, epi li pa ka akselere pwosesis yo.
- IRAP pa ka bay èd finansye, jwenn oswa peye pou lojman, oswa jwenn travay.
- Tout èd IRAP yo gratis. Pesonn ki afilye ak IRAP pa gen dwa mande ou lajan oswa okenn lòt sèvis.
IRAP deside ede moun ki baze sou bezwen yo ak kalifikasyon yo pou estati imigrasyon. IRAP pa deside ede moun ki baze sou okenn lòt kritè sosyal, politik, oswa relijye.
Sit entènèt sa a bay enfòmasyon jeneral sou pwosesis legal ki disponib pou kèk refijye. Li pa fèt kòm konsèy legal pou aplikasyon endividyèl yo.
Egzijans yo ka chanje. Toujou tcheke egzijans aktyèl yo ak gouvènman an oswa ajans ki deside sou demann ou an.
Si w nan yon ijans ki gen rapò ak refijye, nou rekòmande pou w kontakte biwo UNHCR nan peyi kote w ap viv la.
Commentaires
0 commentaire
Vous devez vous connecter pour laisser un commentaire.