Tab kontni
Atik sa a te mete ajou pou dènye fwa nan dat 20 Out 2026
Gid sa a bay enfòmasyon sou kominike ak yon moun ki di li travay pou IRAP, oswa ki di li reprezante IRAP.
Tout Ed IRAP yo Gratis.
- Nou pa janm mande lajan oswa lòt sèvis pou ba ou èd legal.
- Okenn moun ki afilye ak IRAP pa gen dwa mande w lajan oswa okenn lòt sèvis.
- Nou pa janm chaje lajan pou aplike pou yon travay.
- Nou pa janm fè yon lotri oswa ofri pri oswa lajan.
- Nou pap janm mande w non itilizatè oswa modpas ou.
Ou pa dwe peye pèsonn:
- Pou mete ou an kontak ak IRAP.
- Pou jwenn okenn fòm èd nan men IRAP.
- Pou jwenn okenn fòm èd nan men UNHCR.
- Pou aplike pou okenn djòb nan IRAP.
IRAP pap janm kominike atravè chèn ofisyèl yo.
- Nou pral sèlman voye imel ba ou soti nan adès imel ki fini ak @refugeerights.org.
- IRAP opere de sit entènèt. Sa yo se sèl sit entènèt IRAP ap opere:
- iraplegalinfo.org
- refugeerights.org
- Kont ofisyèl medya sosyal IRAP yo se:
- Facebook Chatbot
- X/Twitter: @IRAP
- Bluesky: @irap.bsky.social
- Instagram ofisyèl IRAP: @RefugeeAssistance
Ou ka rapòte fwod.
Si ou kwè yon moun ki kontakte ou e ki di li se yon estaf IRAP, men ki pa estaf IRAP, voye yon imel bay fraudalert@refugeerights.org. Adrès imel sa a se sèlman pou resevwa rapò sou fwod. IRAP pap itilize imel sa a pou konsidere demann èd legal.
Pwojè Asistans Entènasyonal pou Refijye yo (IRAP) bay èd legal gratis pou kèk refijye ak moun deplase.
- IRAP ede kèk moun jwenn sèvis epi prepare aplikasyon pou refijye oswa viza.
- IRAP pa fè pati okenn gouvènman, OIM, oswa UNHCR.
- IRAP pa ka bay estati refijye oswa viza, epi li pa ka akselere pwosesis yo.
- IRAP pa ka bay èd finansye, jwenn oswa peye pou lojman, oswa jwenn travay.
- Tout èd IRAP yo gratis. Pesonn ki afilye ak IRAP pa gen dwa mande ou lajan oswa okenn lòt sèvis.
IRAP deside ede moun ki baze sou bezwen yo ak kalifikasyon yo pou estati imigrasyon. IRAP pa deside ede moun ki baze sou okenn lòt kritè sosyal, politik, oswa relijye.
Sit entènèt sa a bay enfòmasyon jeneral sou pwosesis legal ki disponib pou kèk refijye. Li pa fèt kòm konsèy legal pou aplikasyon endividyèl yo.
Egzijans yo ka chanje. Toujou tcheke egzijans aktyèl yo ak gouvènman an oswa ajans ki deside sou demann ou an.
Si w nan yon ijans ki gen rapò ak refijye, nou rekòmande pou w kontakte biwo UNHCR nan peyi kote w ap viv la.
Commentaires
0 commentaire
Vous devez vous connecter pour laisser un commentaire.