Tab kontni
Dènye fwa yo te fè mizajou nan atik sa a se te nan dat 14 Jiyè 2026
Rezime
Kèk moun ki nan Etazini kapab aplike pou gen manm fanmi yo vin jwenn yo nan Etazini. Gid sa a bay lis aplikasyon posib yo pou reyinifikasyon fanmi. Li pa kouvri chak pwogram pou aplikasyon imigrasyon ki baze sou fanmi.
Anjeneral elijiblite pou pwogram reyinifikasyon fanmi depannde:
- Sitiyasyon legal moun nan ki nan Etazini.
- Relasyon ant moun nan ki nan Etazini ak manm fanmi li.
Li enpòtan tou pou konprann:
- Tout pwogram yo egzije prèv dokiman ak lòt prèv ki montre moun nan ki nan Etazini kalifye pou aplike pou reyini avèk manm fanmi li.
- Kèk pwogram gen sèten dèle oswa frè pou peye. Kèk moun kapab aplike nan plis pase yon pwogram pou ede menm manm fanmi an.
- Nan anpil sitiyasyon, pa gen pwogram enpòtan pou ede plis manm fanmi delwen.
Pou chak pwogram, gid sa a konekte avèk lòt atik pou jwenn plis enfòmasyon.
Manm fanmi sitwayen Etazini ak rezidan pèmanan legal nan Etazini
Sitwayen Etazini ak rezidan pèmanan legal (moun ki gen grinkat) kapab aplike pou kèk manm fanmi yo imigre nan Etazini. Nan kèk sitiyasyon, manm fanmi yo pral gen pou rete tann anpil ane anvan yo kapab imigre nan Etazini,
Rezidan pèmanan legal yo (LPR) rele moun ki gen grinkat tou. Si ou se yon moun ki gen grinkat, ou kapab aplike pou madanm oswa mari ou ak pitit selibatè ou yo pou yo vini nan Etazini.
Sitwayen Etazini yo kapab aplike pou madanm oswa mari yo ak pitit yo ki gen nenpòt laj oswa eta sivil. Si ou se yon sitwayen Etazini ki gen plis pase laj 21 ane, ou kapab aplike pou frè ak sè ou yo ak paran ou yo tou.
Ou kapab ranpli yon fòm ki rele I-130 pou kòmanse pwosesis aplikasyon sa a. Gen plis enfòmasyon sou pwosesis I-130 la a.
Finalman, si ou se yon sitwayen Etazini, ou kapab aplike tou pou fiyanse ou vini nan Etazini anvan nou marye. Ou kapab ranpli yon fòm ki rele I-129F pou kòmanse pwosesis sa a. Gen plis enfòmasyon sou pwosesis viza fiyanse la a.
Manm fanmi refijye ak azile ki nan Etazini
Azile yo
Si ou se yon moun ki gen kondisyon azil politik ou apwouve nan Etazini, ou kapab aplike pou reyini avèk madanm oswa mari ou. Ou kapab aplike tou pou reyini avèk pitit ou yo, selon laj ak eta sivil pitit ou yo. Ou kapab fè sa depi ou ranpli yon fòm ki rele I-730. Gen yon dèle dezan pou aplike pou pwogram sa a. Gen plis enfòmasyon sou pwosesis I-730 la a.
Refijye yo
Si ou re-enstale nan Etazini kòm yon refijye, ou kapab aplike pou reyini avèk madanm oswa mari ou ak pitit selibatè ou yo ki poko gen laj 21 ane depi ou ranpli yon Fòm I-730. Men, nan mwa Janvye 2025, Prezidan Trump te pibliye yon lòd pou mete yon pòz sou Pwogram Admisyon Refijye yo nan Etazini (USRAP). Pòz sa a pral afekte dosye I-730 ou pou manm fanmi ou. Gen plis enfòmasyon sou pwosesis I-730 la a, ak plis enfòmasyon sou pòz konsènan re-enstalasyon nan moman an la a.
Gen yon lòt pwogram tou pou manm fanmi moun ki gen kondisyon refijye oswa azil politik ak Afgan ak Irakyen (SIV, ki rele pwogram reyinifikasyon fanmi “Priority 3”. Men, nan mwa Janvye 2025, Prezidan Trump te pibliye yon lòd pou mete yon pòz sou Pwogram Admisyon Refijye yo nan Etazini (USRAP). Pwogram Priority 3 pa aksepte nouvo aplikasyon nan moman sa a. Gen plis enfòmasyon sou pwosesis Priority 3 la a, ak plis enfòmasyon sou pòz konsènan re-enstalasyon nan moman an la a.
Manm fanmi Irakyen ak Afgan SIV ki nan Etazini
Si ou se yon moun ki gen Viza Imigran Espesyal Irakyen ak Afgan (SIV) nan Etazini, ou kapab aplike pou madanm oswa mari ou ak pitit ou yo nan kèk sitiyasyon pou yo vin jwenn ou. Sa rele “swiv pou vin jwenn” SIV. Pou kounye a, gouvènman an mete yon pòz sou bay viza pou aplikan SIV afgan yo. Gen plis enfòmasyon nan gid IRAP sa a pou manm fanmi benefisyè SIV yo.
Sèten pwogram reyinifikasyon fanmi pou refijye yo
Anvan sa, gouvènman Etazini te pèmèt kèk moun vin jwenn manm fanmi yo nan Etazini avèk sèten pwogram re-enstalasyon refijye Etazini. men, nan mwa Janvye 2025, Prezidan Trump te pibliye yon lòd pou mete yon pòz sou Pwogram Admisyon Refijye yo nan Etazini (USRAP), epi gouvènman an pa aksepte ni travay sou nouvo aplikasyon nan pwogram sa yo. Gen plis enfòmasyon sou pòz sou re-enstalasyon refijye la a.
Kèk nan pwogram espesyal sa yo dekri an plis detay anba a.
Refijye Siryen ak Irakyen ki gen manm fanmi yo nan Etazini
Anvan sa, yon sitwayen Irakyen oswa Siryen ki gen yon I-130 apwouve (jan sa dekri anwo a) kapab aplike tou pou kondisyon refijye nan Etazini avèk yon pwogram espesyal. Men, nan mwa Janvye 2025, Prezidan Trump te pibliye yon lòd pou mete yon pòz sou Pwogram Admisyon Refijye yo nan Etazini (USRAP). Pwogram Aksè Dirèk pou Irakyen ak Siryen se yon pati nan USRAP, epi poutèt sa pwogram sa yo gen yon pòz sou yo tou. Sa vle di nan moman sa a gouvènman Etazini pa aksepte nouvo aplikasyon nan pwogram sa a.
Gen plis enfòmasyon sou pòz sou re-enstalasyon refijye la a.
Minorite relijye Irakyen ki gen manm fanmi yo nan Etazini
Moun k ap viv legalman nan Etazini te konn kapab ede manm fanmi minorite relijye Iranyen yo aplike pou re-enstalasyon refijye anba Pwogram Lautenberg. Men, nan mwa Janvye 2025, Prezidan Trump te pibliye yon lòd pou mete yon pòz sou Pwogram Admisyon Refijye yo nan Etazini (USRAP). Pwogram Lautenberg se yon pati nan USRAP, epi li pa aksepte nouvo aplikasyon nan moman sa a. Gen plis enfòmasyon sou pwosesis I-730 la a, ak plis enfòmasyon sou pòz konsènan re-enstalasyon nan moman an la a.
Moun ki nan El Salvador, Gwatemala, ak Ondiras ki gen manm fanmi yo nan Etazini
Pwogram Central American Minors (CAM) de te yon chemen legal pou timoun ak lòt manm fanmi ki anba pèsekisyon oswa danje nan . El Salvador, Gwatemala, ak Ondiras pou reyini avèk paran k ap viv legalman nan Etazini. Men, nan mwa Janvye 2025, Prezidan Trump te pibliye yon lòd pou mete yon pòz sou Pwogram Admisyon Refijye yo nan Etazini (USRAP). Pwogram CAM se yon pati nan USRAP, epi li pa aksepte nouvo aplikasyon nan moman sa a. Gen plis enfòmasyon sou Pwogram CAM la a, ak plis enfòmasyon sou pòz konsènan re-enstalasyon nan moman an la a.
Mande èd
Ou menm oswa yon fanmi w ka vle mande yon avoka imigrasyon èd pou pwosesis sa a. Men kèk resous:
Èd nan men IRAP
- Enfòmasyon sou kijan pou mande èd nan men IRAP disponib isit la.
- Si w nan peyi Jòdani, ou ka mande èd IRAP Jòdani lè w itilize fòmilè sa a. Si fòmilè a fèmen, ou ka tcheke ankò pita.
Èd ki soti nan lòt òganizasyon
- Yon lis founisè sèvis legal imigrasyon gratis Ozetazini disponib isit la. Avoka sa yo pa afilye ak IRAP.
- Yon lis avoka imigrasyon prive Ozetazini disponib isit la. Tanpri sonje ke avoka imigrasyon prive yo ka fè peye pou sèvis yo. Avoka sa yo pa afilye ak IRAP.
Pwojè Asistans Entènasyonal pou Refijye yo (IRAP) bay èd legal gratis pou kèk refijye ak moun deplase.
- IRAP ede kèk moun jwenn sèvis epi prepare aplikasyon pou refijye oswa viza.
- IRAP pa fè pati okenn gouvènman, OIM, oswa UNHCR.
- IRAP pa ka bay estati refijye oswa viza, epi li pa ka akselere pwosesis yo.
- IRAP pa ka bay èd finansye, jwenn oswa peye pou lojman, oswa jwenn travay.
- Tout èd IRAP yo gratis. Pesonn ki afilye ak IRAP pa gen dwa mande ou lajan oswa okenn lòt sèvis.
IRAP deside ede moun ki baze sou bezwen yo ak kalifikasyon yo pou estati imigrasyon. IRAP pa deside ede moun ki baze sou okenn lòt kritè sosyal, politik, oswa relijye.
Sit entènèt sa a bay enfòmasyon jeneral sou pwosesis legal ki disponib pou kèk refijye. Li pa fèt kòm konsèy legal pou aplikasyon endividyèl yo.
Egzijans yo ka chanje. Toujou tcheke egzijans aktyèl yo ak gouvènman an oswa ajans ki deside sou demann ou an.
Si w nan yon ijans ki gen rapò ak refijye, nou rekòmande pou w kontakte biwo UNHCR nan peyi kote w ap viv la.
Commentaires
0 commentaire
Vous devez vous connecter pour laisser un commentaire.