Tab kontni
Dènye fwa yo te fè mizajou nan atik sa a se te nan dat 7 Oktòb 2026
Rezime
Atik sa a eksplike fason yon moun ki deyò Etazini kapab imigre nan Etazini akòz frè/sè li ki se sitwayen ameriken. Sa rele “imigrasyon ki baze sou fanmi.” ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou imigrasyon ki baze sou fanmi la a, ak lòt kalite enfòmasyon sou reyinifikasyon fanmi nan Etazini la a.
Dènye enfòmasyon sou Entèdiksyon Vwayaj
Pou kounye a gen anpil “entèdiksyon vwayaj” anplas ki afekte posiblite kèk moun pou resevwa yon viza oswa pou yo vwayaje nan Etazini. Entèdiksyon vwayaj yo pa ta dwe afekte premye etap pwosesis imigrasyon ki dekri anba a, men yo ka gen konsekans sou ou si ou pi avanse nan pwosesis la. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou dènye entèdiksyon vwayaj yo la a.
Frè/sè mwen se yon sitwayen ameriken. Èske li kapab ede mwen imigre nan Etazini?
Sitwayen ameriken yo kapab aplike pou sèten manm fanmi yo imigre nan Etazini. Si ou gen yon frè/sè ki gen plis pase laj 21 ane epi ki se yon sitwayen ameriken, li kapab prezante yon aplikasyon pou kòmanse pwosesis pou antre ou nan Etazini.
Kisa pwosesis imigrasyon ki baze sou fanmi ye?
Pwosesis pou imigre nan Etazini dapre relasyon ou avèk yon sitwayen ameriken gen ladan de etap diferan.
Premyèman, sitwayen ameriken an dwe prezante yon aplikasyon ki rele “Fòm I-130” nan Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS). Gouvènman Etazini rele sa yon “petisyon.” Petisyon an dwe gen ladan dokiman pou pwouve frè/sè ou se yon sitwayen ameriken, ak dokiman pou pwouve nou se frè/sè.
Dezyèman, apre USCIS apwouve petisyon an, ou dwe aplike pou yon viza imigran nan Depatman-Deta (DOS) Etazini. Lè DOS apwouve viza ou, ou kapab vwayaje nan Etazini. Lè ou rive, ou pral vin yon “Rezidan Pèmanan Legal” (LPR), oswa yon moun ki gen grinkat.
Konbyen tan l ap pran pou mwen jwenn apwobasyon pou vwayaje nan Etazini nan pwosesis sa a?
L ap pran anpil ane pou imigre nan Etazini akòz yon frè/sè ou ki se yon sitwayen ameriken. Se paske pas gen ase viza ki disponib pou kategori sa a chak ane,, epitou se paske gen anpil lòt moun ki aplike. Paregzanp: nan mwa Oktòb 2026, viza ki baze sou frè/sè disponib pou moun ki te kòmanse pwosesis aplikasyon an nan mwa Oktòb 2011. Sa vle di moun yo t ap tann pandan apeprè 15 ane pou resevwa viza yo.
Kijan pou nou prezante petisyon nan USCIS (Fòm I-130)?
fòm I-130 pral mande enfòmasyon sou “moun ki fè petisyon an” ak “benefisyè a.” Frè/sè ou ki se sitwayen ameriken se moun ki fè petisyon an. Ou se benefisyè a. Li fè petisyon (demann)pou yo ba ou pèmisyon pou vin jwenn li nan Etazini.
Moun ki fè petisyon an responsab pou ranpli ak prezante fòm I-130 lan ak tout dokiman asosye yo ba USCIS. Li dwe ranpli yon Fòm I-130, ki disponib la a. Gen de fason pou prezante fòm I-130 lan: 1) pa-lapòs; oswa 2) sou entènèt. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou toulède chwa yo la a.
Men sa ki pral genyen nan fason pou prepare ak fason pou prezante yon fòm I-130:
- Fason pou ranpli fòm I-130 avèk atansyon ak fason pou siyen li annakò avèk enstwiksyon fòm nan.
- Fason pou bay prèv ak dokiman obligatwa yo pou jwenn plis detay).
- Fason pou peye frè aplikasyon an. Si ou ranpli aplikasyon ou sou papye, frè pou peye ap apèn pi plis pase si ou prezante fòm aplikasyon ou sou entènèt. Ou ta dwe ale sou sitwèb USCIS, Kalkile Frè pou peye yo, pou jwenn dènye enfòmasyon sou frè pou peye pou Fòm I-130.
Nou rekòmande pou prezante yon lèt kouvèti ki endike dokiman w ap bay yo. Lèt kouvèti a ap ede USCIS wè si ou satisfè tout egzijans yo.
Ki kantite lajan l ap koute mwen pou fè yon petisyon I-130?
Frè/sè ou dwe peye yon frè aplikasyon pou petisyon I-130. Gen diferan frè aplikasyon pou peye selon si l ap voye fòm li nan mwayen elektwonik oswa pa-lapòs. Apati mwa Oktòb 2026, frè pou peye a se $675 pou aplikasyon sou papye, ak $625 pou aplikasyon sou entènèt. Pafwa USCIS chanje frè pou peye yo ak enstwiksyon yo sou fason pou peye yo, konsa frè/sè ou ta dwe tcheke sitwèb USCIS sa a pou li jwenn kid ki pi ajou a anvan li aplike.
Ki dokiman ki dwe prezante avèk aplikasyon I-130?
PREMYÈMAN: Frè/sè ou dwe pwouve li se yon Sitwayen Ameriken (USC).
Fòm I-130 pral mande frè/sè ou, moun ki fè petisyon an, pou prezante dokiman pou pwouve sitwayènte ameriken li.
Pou pwouve ou se yon USC, ou dwe voye YOUN nan dokiman sa yo ansanm avèk fòm I-130 lan:
- Yon kopi batistè li ki montre ou te fèt nan Etazini
- Yon kopi sètifika natiralizasyon li
- Yon kopi sètifika sitwayènte li
- Yon kopi Rapò Konsila konsènan Nesans li nan Peyi Etranje (CRBA)
- Yon kopi paspò ameriken li ki pa ekspire, oswa
- Deklarasyon orijinal yon fonksyonè konsila ki verifye ou se yon sitwayen Etazini ki gen yon paspò valab.
DEZYÈMAN: Frè/sè ou dwe pwouve relasyon frè/sè avèk ou.
Fòm I-130 pral mande frè/sè ou, moun ki fè petisyon an, pou pwouve nou se frè/sè. Dokiman sa yo ta dwe gen ladan yo:
- Kopi toulède batistè nou yo ki montre nou te gen omwen yon paran an komen.
- Si ou gen menm papa men manman ki diferan: kopi nenpòt sètifika maryaj ki disponib ant papa ou ak chak manman, ak sètifika divòs si nenpòt nan paran ou yo te divòse anvan youn te marye avèk lòt.
- Si papa ou pa t marye avèk okenn nan manman nou yo, oswa si oumenm ak frè/sè ou asosye nan adopsyon oswa yon boparan: dokiman siplemantè jan sa dekri nan enstwiksyon sou I-130 pou pwouve relasyon ou.
Si nenpòt dokiman pa nan lang Anglè, frè/sè ou ta dwe voye yon tradiksyon dokiman an nan lang Anglè tou. Tradiksyon an dwe gen ladan yon deklarasyon tradiktè a pou deklare li konpetan nan toulède lang yo.
Kisa pou nou fè si nou pa gen yon dokiman ki obligatwa?
Si ou pa gen dokiman sa yo, ou gen yon ti kantite posiblite:
- Ou ta dwe eseye jwenn yo. Paregzanp, oumenm oswa frè/sè ou kapab ale nan yon anbasad pou mande kopi yo oswa ou kapab mande fanmi ou oswa zanmi ou yo pou ede ou.
- Ou kapab wè si USCIS pral aksepte yon dokiman diferan pito. Depatman-Deta bay lis lòt kalite fòm dokiman sou sitwèb sa a.
- Ou kapab chèche jwenn yon lèt nan yon biwo gouvènman oswa nan yon anbasad ki deklare ou pa kapab jwenn dokiman an.
- Ou ta dwe toujou eseye jwenn lòt dokiman tankou:
- Yon dosye relijye: Yon kopi yon dokiman yon òganizasyon relijye tankou yon legliz, moske, tanp, oswa sinagòg. Dokiman sa a ta dwe montre te gen yon seremoni relijye (tankou yon batèm) nan de mwa apre akouchman an. Dokiman an dwe gen ladan dat nesans lan ak kote ou te fèt, dat seremoni relijye a, ak non paran yo.
- Yon dosye lekòl: Kopi yon lèt yon otorite edikasyon, tankou yon lekòl. Dokiman an ta dwe montre dat timoun nan te antre lekòl la, dat nesans timoun nan oswa laj li nan moman an, kote timoun nan te fèt, ak non paran yo.
- Yon dosye resansman: Dosye gouvènman ki montre non, kote moun ki endike a te fèt, dat nesans li, oswa laj li.
- Ou kapab jwenn de oswa plis deklarasyon ekri moun ki te vivan nan moman evènman ou bezwen pwouve a (nesans, maryaj, divòs oswa lanmò), epi ki gen konesans pèsonèl sou sa. Paregzanp, yon tonton ki te ale nan maryaj paran ou yo oswa yon granmè ki te an vizit lè ou te fèt.
- Moun sa yo pa bezwen se sitwayen ameriken ni ap viv nan Etazini, men yo dwe kapab bay yon eksplikasyon detaye sou sa yo konnen ak fason yo konnen li.
- Deklarasyon yo dwe swiv gid siplemantè ki eksplike nan Enstwiksyon sou I-130.
Kisa k ap pase apre mwen prezantasyon fòm I-130 lan?
Apre frè/sè ou prezante fòm nan ak lòt dokiman obligatwa yo, USCIS pral voye ba frè/sè ou, moun ki fè petisyon an, avi ak lèt nan lapòs. Pafwa y ap voye yo ba moun ki fè petisyon an tou. Li enpòtan anpil pou konsève tout kominikasyon sa yo.
Premye dokiman yo resevwa pral pètèt rele yon “avi resepsyon.” Dokiman sa a ap konfime USCIS te resevwa aplikasyon an. Li pral gen yon nimewo dosye (ki rele yon “nimewo resepsyon”) ak yon bagay ki rele yon “dat priyoritè.” Sa a se yon dat enpòtan pou swiv paske li pral ede detèmine lè ou kapab finalman aplike pou yon viza. Nou eksplike sa an plis detay anba a.
Pafwa, USCIS pral voye yon lèt pou mande frè/sè ou, moun ki fè petisyon an, pou voye plis dokiman ba yo. Sa rele yon Demann pou bay Prèv (“RFE”). RFE pral fè li konnen sa ki manke a epi l ap bay yon dat limit pou voye yo. USCIS ka sijere ou ak frè/sè ou pou nou fè yon tès ADN tou. Tès sa a se yon tès san ki kapab pwouve oumenm ak frè/sè ou asosye toutbon. Li enpòtan anpil pou ou reponn anvan dat limit ki endike a, oswa yo kapab bay refi pou dosye ou poutèt nou pa bay repons pou demann lan.
USCIS kapab pran yon tan long pou pran yon desizyon sou yon petisyon I-130. Pafwa yo kapab pran senk ane oswa plis.
Apre yo apwouve I-130, kijan pou mwen aplike pou yon viza imigran?
Apre yo apwouve petisyon I-130 lan, pwochen etap la se pou ou aplike pou yon viza imigran nan yon anbasad oswa konsila Etazini. Men, ou pa kapab aplike pou yon viza jiskaske yon viza disponib pou ou – sa ki vle di se “okazyon” ou pou resevwa yon viza. Sa kapab pran yon tan ki long anpil. Pou kounye a, kantite tan pou tann pou frè/sè yo kapab pran 15 ane oswa plis.
Kilè moman an pral rive pou mwen aplike pou yon viza?
Kantite tan ou pou tann yon viza nan kategori sa a baze sou dat frè/sè ou te prezante petisyon I-130 lan. Jan sa endike anwo a, avi yo pou resepsyon fòm I-130 lan pral endike yon bagay ki rele “dat priyoritè.” Anjeneral, sa a swe dat USCIS te resevwa petisyon an.
depatman-Deta gen yon sitwèb “bilten viza” ki eksplike lè ou kapab aplike pou yon viza dapre dat priyoritè ou. Yo fè mizajou nan bilten viza sa a chak mwa. Ou ta dwe eseye tcheke bilten viza a omwen chak kèk mwa apre yo apwouve aplikasyon I-130 ou. Men bilten viza a kapab gen konfizyon pou li. Pou jwenn enfòmasyon ki pi enpòtan pou ou:
- Gade tablo ki make DAT POU RANPLI APLIKASYON POU VIZA FANMI SIPÒTE (oswa “Tablo B”).
- Nan Tablo B, chèche ranje ki make F4, ki se kategori viza pou frè/sè sitwayen ameriken yo. Ou pral wè diferan dat yo ki endike nan ranje sa a.
- Si ou nan peyi Lachin, Lend, Meksik oswa Filipin, ou dwe gade dat ki endike a pou peyi patikilye ou. Pou tout lòt moun, ou ta dwe gade dat nan kolòn ki make “Tout Zòn Faktirasyon Eksepte Sa ki Endike yo.”
Ou kapab aplike pou viza ou lè dat priyoritè ou se menm oswa anvan dat ki endike nan Tablo B.
Egzanp: Sè Jane te prezante yon aplikasyon I-130 pou J ane nan dat 15 Oktòb 2011. Dat sa a se sa ki endike kòm “dat priyoritè sou avi resepsyon aplikasyon I-130 lan. Jane ak sè li fèt nan peyi Kenya. Yo wè bilten viza (anba a) pou kategori F4 endike dat 1ye Novanm 2011. Sa vle di Jane kapab avanse kounye a avèk pwosesis aplikasyon pou viza a.
Lè yon viza disponib, Sant Nasyonal Viza (NVC) pral voye yon imèl ba ou, benefisyè a konsènan I-130 ki apwouve a. Pafwa, NVC pral voye yon imèl tou ba moun ki fè petisyon an. Imèl NVC voye a pral gen ladan yon nimewo dosye pou viza a ak yon “nimewo bòdwo.” L ap ba ou enstwiksyon yo tou pou pwochen etap yo pou aplike pou viza ou.
Si bilten viza a montre se okazyon ou pou aplike pou yon viza men ou potko resevwa yon imèl NVC, ou ta dwe kontakte NVC pou mande èd.
Kisa ki konsène nan aplikasyon pou yon viza imigran?
Pou pwosesis aplikasyon pou viza a, n ap rele ou “aplikan prensipal” la. Pou fè pwosesis sa a, ou pral bezwen:
- Kreye yon kont sou entènèt avèk enstwiksyon ou jwenn yo nan lèt NVC ou.
- Peye frè aplikasyon pou viza a nan yon kont labank Etazini.
- Prezante yon Fòm I-864 “Afidavit Sipò.” Sa a se yon dokiman frè/sè ou siyen ki pwomèt pou sipòte ou sou plan finansye lè ou rive nan Etazini. Si li pa gen ase lajan pou reyalize pwomès sa a, li ka bezwen jwenn yon sipòtè siplemantè pou ede li.
- Prezante dokiman finansye sipòtè ou.
- Ranpli yon fòm aplikasyon pou viza ki rele DS-260.
- Rasanble epi prezante kopi tout dokiman obligatwa yo , tankou batistè ak sètifika maryaj.
- Pwograme yon entèvyou epi patisipe ladan nan yon anbasad oswa konsila.
- Fè egzamen medikal yo.
Kisa pou mwen fè si mwen pa pare pou aplike pou yon viza?
Anjeneral, ou dwe aplike pou yon viza nan yon ane apre lè ou resevwa yon avi ki endike viza ou disponib. Si ou pa aplike nan yon ane, yo kapab anile petisyon I-130 apwouve ou. Sa kapab fèt tou si ou poze pwosesis la epi si ou sispann kominike sou dosye ou pandan plis pase yon ane. Si yo anile petisyon ou, w ap pèdi dat priyoritè ou. Wou pral bezwen kòmanse pwosesis la nèt ankò apati kòmansman egzat la avèk yon nouvo I-130.
Pou rezon sa a, li enpòtan anpil pou ou reponn lèt NVC lè ou resevwa li epi pou swiv enstwiksyon yo deprè. Si ou gen kèk sikonstans pèsonèl ki depase kontwòl ou ki fè li difisil pou aplike oswa pou vwayaje touswit, ou dwe kominike avèk NVC ak/oswa anbasad oswa konsila ki responsab aplikasyon ou pou fè yo konnen sa. Ou ka jwenn pèmisyon pou retade sèten etap pwosesis la toutotan ou rete an kontak.
Èske pitit mwen yo ak madanm/mari mwen kapab vin jwenn mwen nan Etazini?
Ou gen pèmisyon pou mennen madanm/mari ou ak pitit ou yo ki pa marye ki poko gen laj 21 ane avèk ou lè w ap imigre dapre pwosesis sa a. Ou pral bezwen ranpli yon fòmilè aplikasyon DS-260 apa pou chak moun pou yo kapab resevwa pwòp viza yo.
Kisa pou mwen fè si pitit mwen potko gen laj 21 ane lè mwen te voye fòm I-130, men li vin gen plis pase laj 21 ane kounye a?
Gouvènman Etazini rekonèt kèk timoun pral vin gen laj 21 ane anvan yo kapab resevwa yon viza. Poutèt sa, Kongrè a te adopte yon lwa ki rele Lwa konsènan Pwoteksyon Kondisyon Timoun (CSPA). CSPA ap pèmèt ou toujou ajoute kèk timoun nan aplikasyon menm apre lè yo vin gen laj 21 ane. Dapre CSPA, gen yon fòmil espesyal ki sèvi pou detèmine “Laj CSPA” pitit ou, ki pa menm bagay avèk vrè laj li. Pou dosye imigrasyon fanmi ki baze sou frè/sè, fòmil lan se:
Laj timoun nan Lè viza a vin disponib - tan ki Annatant = Laj CSPA
Laj pitit ou nan moman disponiblite viza a se laj li nan premye jou mwa a lè Bilten Viza a fè konnen yon viza disponib pou ou nan tablo Dat Aksyon Final” (Tablo A nan Bilten Viza). Tan annatant se kantite tan ant lè ou te ranpli aplikasyon I-130 ak lè yo te apwouve li.
Si Laj CSPA pitit ou anba 21 ane, li kapab toujou resevwa yon viza pou vini avèk ou nan Etazini – menmsi vrè laj li se plis pase 21 ane. Men, li dwe rete san li pa marye kèlkeswa laj li.
Egzanp: Sè Jane te ranpli yon I-130 pou Jane nan dat 15 Oktòb 2011. Yo te apwouve aplikasyon an nan dat 15 Desanm 2015. Jane te resevwa yon avi ki te fè li konnen yon viza finalman disponib pou li. Nan moman premye prezantasyon I-130 lan, pitit fi Jane Mary te yon jèn timoun. Kounye a Mary se yon adilt, epi Jane vle konnen si Mary toujou kapab vini avèk li.
Annakò avèk Bilten Viza, yon viza te vin disponib pou premye fwa pou Jane nan mwa Septanm 2026. Nan dat 1ye Septanm 2026, pitit fi Jane Mary te vin gen laj 24 ane ak 2 mwa. Sa a se laj li nan moman disponiblite viza a. Selon diferans ant dat aplikasyon an ak dat apwobasyon an li te pran USCIS 4 ane ak 2 mwa pou apwouve aplikasyon I-130 lan. Sa a se tan annatant li. Pou kalkile Laj CSPA Mary, nou dwe soustrè “tan annatant” li nan “ laj li nan moman disponiblite viza a. 24 ane ak 2 mwa - 4 ane ak 2 mwa = 20 ane.
Paske Laj CSPA Mary rete a 20 ane, li kapab toujou resevwa yon viza toutotan li rete san li pa marye epi li aplike pou viza li nan yon ane apre lè viza a te vin disponib.
Fason pou mande èd
Oumenm oswa manm fanmi ou ka vle mande yon avoka pou ede ou avèk pwosesis sa a. Men kèk resous pou mande èd nan IRAP ak nan lòt òganizasyon ki pa afilye avèk IRAP.
Fason pou mande èd nan IRAP
Fason pou mande èd nan lòt òganizasyon yo
- Gen yon lis founisè sèvis legal nan afè imigrasyon nan Etazini ki disponib la a. Avoka sa yo pa afilye avèk IRAP.
- Gen yon lis avoka prive nan afè imigrasyon nan Etazini ki disponib la a. Tanpri sonje avoka prive yo nan afè imigrasyon ka reklame yon frè pou peye pou sèvis yo. Avoka sa yo pa afilye avèk IRAP.
Pwojè Asistans Entènasyonal pou Refijye yo (IRAP) bay èd legal gratis pou kèk refijye ak moun deplase.
- IRAP ede kèk moun jwenn sèvis epi prepare aplikasyon pou refijye oswa viza.
- IRAP pa fè pati okenn gouvènman, OIM, oswa UNHCR.
- IRAP pa ka bay estati refijye oswa viza, epi li pa ka akselere pwosesis yo.
- IRAP pa ka bay èd finansye, jwenn oswa peye pou lojman, oswa jwenn travay.
- Tout èd IRAP yo gratis. Pesonn ki afilye ak IRAP pa gen dwa mande ou lajan oswa okenn lòt sèvis.
IRAP deside ede moun ki baze sou bezwen yo ak kalifikasyon yo pou estati imigrasyon. IRAP pa deside ede moun ki baze sou okenn lòt kritè sosyal, politik, oswa relijye.
Sit entènèt sa a bay enfòmasyon jeneral sou pwosesis legal ki disponib pou kèk refijye. Li pa fèt kòm konsèy legal pou aplikasyon endividyèl yo.
Egzijans yo ka chanje. Toujou tcheke egzijans aktyèl yo ak gouvènman an oswa ajans ki deside sou demann ou an.
Si w nan yon ijans ki gen rapò ak refijye, nou rekòmande pou w kontakte biwo UNHCR nan peyi kote w ap viv la.
Commentaires
0 commentaire
Vous devez vous connecter pour laisser un commentaire.