Tab kontni
Dènye fwa yo te fè mizajou nan atik sa a se te nan dat 25 Septanm 2026
Rezime
Atik sa a prezante enfòmasyon detansyon imigrasyon nan Etazini, sitou si w ap eseye pase nan fwontyè Etazini-Meksik pou vini nan Etazini.
Si ou deja nan Etazini kòm yon refijye epi ou gen enkyetid pou Ranfòsman Imigrasyon ak Ladwàn (ICE) mete ou an gadavi, ou kapab jwenn resous IRAP sou sa la a.
Ki ajans Imigrasyon Etazini ki kapab mete moun an gadavi?
Depatman Sekirite Teritwa (DHS) Etazini se yon pati nan gouvènman an. Yo gen de ajans ki ka mete moun an gadavi anba lwa sou imigrasyon nan Etazini:
- Ranfòsman Imigrasyon ak Ladwàn (ICE): responsab pou aplike lwa yo sou imigrasyon nan Etazini. ICE kapab arete epi kenbe moun an gadavi pou yon sèten kantite tan nan Etazini si moun yo pa gen pèmisyon kòrèk pou yo nan peyi a oswa si yo pa t swiv règ pou antre nan Etazini.
- Pwoteksyon Ladwàn ak Fwontyè (CBP): responsab pou kite moun antre nan Etazini nan pò antre yo epi pou asire moun yo swiv lalwa nan pò antre sa yo. CBP kapab kenbe nenpòt moun ki vini nan pò antre yo nan Etazini. CBP ap kenbe moun k ap eseye antre nan Etazini nan de kote, la hielera ak la perrera, men lòt kote ta ka kenbe imigran yo pou plis tan.
Èske y ap mete mwen an gadavi nan fwontyè Etazini-Meksik?
You kapab kenbe nenpòt moun lè moun nan ap apwoche fwontyè Etazini. Ou gen plis chans pou yo mete ou an gadavi si ou:
1) te anba depòtasyon nan Etazini anvan;
2) gen yon istwa kriminèl nan nenpòt peyi; epi/oswa
3) eseye antre nan Etazini san pèmisyon.
Men kèk nan bagay ki ka afekte kantite tan y ap mete ou an gadavi:
- Kalite ajans ki mete ou an gadavi (ICE oswa CBP)
- Si ou kalifye pou soulajman nan imigrasyon
- Si ou gen yon istwa imigrasyon nan Etazini
- Si ou gen yon istwa kriminèl nan Etazini
Kisa k ap pase nan detansyon imigrasyon?
Detansyon nan CBP
Pifò moun yo mete an gadavi ap anba depòtasyon byen vit dapre yon pwosesis ki rele “retrè ekspeditif.” Sa rive souvan nan sant detansyon CBP. Si ou nan pwosesis depòtasyon rapid (“retrè ekspeditif”) epi ou fè ofisyèl Etazini yo konnen ou gen laperèz pou retounen nan peyi kote ou te soti a, w ap gen pou fè yon “Entèvyou konsènan Laperèz Kredib” oswa yon “Entèvyou konsènan Laperèz Rezonab.” Sa se yon entèvyou kote yo pral poze ou kesyon sou rezon ki fè ou te kite peyi kote ou te soti a epi yon ofisye ap deside si ou kapab kontinye ak aplike pou azil politik.
Si ou toupre fwontyè a epi CBP mete ou an gadavi, kisa ou kapab fè?
- Yo kapab refize ou antre nan Etazini, pou fè sa y ap retounen ou nan peyi kote ou soti a oswa y ap depòte ou nan yon lòt peyi
- Kenbe ou jiskaske yo fè Entèvyou konsènan Laperèz Kredib.
- Voye ba ou yon sant detansyon Ranfòsman Imigrasyon ak Ladwàn (ICE).
Kisa k ap pase nan sant detansyon CBP yo?
- Li kapab difisil anpil.
- Pa gen ase entimite, swen medikal, ak beny nan douch.
- CBP ka pa gen kabann, epi ou ka gen pou dòmi sou planche a.
- Y ap pran byen ou posede tankou telefòn ak dokiman. Pou rezon sa a, moun yo ka mete an gadavi nan CBP/ICE ta dwe sonje pakè nimewo telefòn ak kopi imèl dokiman enpòtan moun yo fè konfyans davans.
- Ou ka gen dwa pou pale avèk avoka ak fanmi ou, men li ka difisil anpil pou jwenn telefòn.
- Ou ka pa ka jwenn dokiman dosye ou oswa menm yon plim ak papye.
Detansyon nan ICE
Si yo voye ou nan yon sant detansyon ICE, kisa ICE kapab fè?
- Depòte ou, sa ki kapab pran kèk jou, mwa oswa ane.
- Libere ou pou travay sou ka ou deyò sant detansyon an oswa kenbe ou jiskaske yon tribinal pran yon desizyon final nan dosye.
Kisa k ap pase nan sant detansyon ICE yo?
- Li kapab difisil anpil.
- Y ap pran byen ou posede tankou telefòn ak dokiman. Pou rezon sa a, moun yo ka mete an gadavi nan CBP/ICE ta dwe sonje pakè nimewo telefòn ak kopi imèl dokiman enpòtan moun yo fè konfyans davans.
- Ou gen dwa pou mande swen fizik, swen dan, ak swen medikal, men souvan moun yo resevwa swen ki pa konvnab.
- Ou gen dwa pou pale avèk avoka ak fanmi ou. W ap gen pou peye pou koutfil ou fè yo nan detansyon an. Ou kapab fè koutfil gratis pou rele avoka yo nan pwogram espesyal.
- Ou kapab travay sou aplikasyon imigrasyon ou nan detansyon an epitou ou kapab jwenn aksè nan yon bibliyotèk legal anplas.
Kijan pou moun yo mete an gadavi yo rele fanmi yo?
Moun yo mete an gadavi yo kapab fè koutfil andedan sant detansyon an, men y ap bezwen peye pou sa. Okenn moun deyò sant detansyon an pa kapab rele sant lan pou pale dirèkteman avèk manm fanmi yo. Men, moun ki deyò sant detansyon an kapab kite mesaj pou moun ki an gadavi yo. Pou jwenn plis enfòmasyon klike sou lyen sa a.
ENPÒTAN: Ofisyèl gouvènman Etazini anrejistre ak revize koutfil nan telefòn oswa nan videyo.
Lè yo jwenn yon moun nan sistèm nan, sa ap montre non ak adrès sant detansyon kote moun nan ye.
Kijan pou moun yo mete an gadavi yo pale avèk yon avoka?
Chak moun gen dwa pou pale avèk yon avoka poukont li lè li an gadavi. Men gouvènman Etazini pa pral yon avoka ni peye pou youn.
- Nan sant CBP yo, ou kapab kontakte avoka yo nan telefòn sèlman.
- Nan sant detansyon ICE yo, ou kapab kontakte yon avoka nan telefòn oswa nan yon vizit fas-a-fas.
Kijan pou moun yo jwenn yon avoka pandan yo an gadavi?
Li difisil anpil pou jwenn yon avoka lè ou an gadavi. Men, pale avèk yon avoka se pi bon fason pou yon moun konnen posiblite li yo sou fason pou li soti nan gadavi a.
Nan sant detansyon CBP yo, li pi difisil pou jwenn yon avoka paske li difisil pou pale avèk nenpòt moun ki deyò sant detansyon an, epitou entèvyou avèk ofisye imigrasyon yo fèt byen vit - menm nan kèk èdtan. Ou kapab eseye jwenn yon avoka nan fason ki endike anba yo:
- Nan sant detansyon CBP yo ta dwe gen yon lis avoka gratis nan chak kabin telefòn.
- Manm fanmi yo ta dwe gade lis sa a pou yo jwenn sèvis legal itil ki kapab ede yon moun ki an gadavi.
Nan sant detansyon ICE yo, gen founisè sèvis legal gratis ki bay enfòmasyon ak èd souvan sou fason pou mande liberasyon nan detansyon ICE. Moun ki gen pwòp avoka yo p ap kapab resevwa èd avèk founisè sèvis legal gratis sa yo men gen kèk lòt sèvis ki disponib pou yo. Nan ICE, ou kapab jwenn avoka yo depi ou itilize:
- Lis EOIR ki gen Founisè Sèvis Legal Gratis: Ki disponib la a, OSWA konpoze 2150# andedan sant detansyon an. Sa a se yon lis òganizasyon n on-komèsyal ki bay yon “Pwogram Oryantasyon Legal LOP)” nan chak sant detansyon epi ki kapab bay enfòmasyon legal, resous, ak reponn kesyon.
- Anyè Nasyonal Sèvis Legal Imigrasyon: Disponib la a. Sa a se yon lis òganizasyon non-komèsyal ki bay sèvis legal nan afè imigrasyon pou gratis oswa pri ki ba.
- Lis Avoka Imigrasyon Advocacy Project pou Moun k ap Chèche Jwenn Azil Politik: Disponib la a. Sa a se yon lis avoka imigrasyon ki nan peyi a.
Kijan mwen kapab vin konnen si zanmi oswa manm fanmi mwen an gadavi nan imigrasyon?
Lè w ap eseye jwenn yon moun ki te ka an gadavi, itilize Sistèm Lokalizatè ICE sou entènèt la a. Pou fè rechèch la:
- Antre Nimewo Etranje yon moun (9 chif nimewo Idantifikasyon imigrasyon) ak peyi kote moun nan fèt. *Si nimewo etranje moun nan gen 8 chif ladan, ajoute yon zewo nan kòmansman an.
- Antre enfòmasyon pèsonèl moun nan tankou prenon ak non fanmi li paske yo nan dokiman li ki asosye avèk imigrasyon, ak peyi kote moun nan fèt. *Si sa pa bay bon rezilta, eseye eple non moun nan yon fason diferan.
- Si de posiblite anwo yo pa bay bon rezilta epi ou pa jwenn dosye, tanpri kontakte Liy Rapòtaj ak Enfòmasyon ERO ICE nan nimewo 1-888-351-4024.
- Ou kapab jwenn moun yo mete an gadavi nan CBP pandan plis pase 48 èdtan nan sistèm sa a apati mwa Jwen 2024.
Fason pou mande èd
Oumenm oswa manm fanmi ou ka vle mande yon avoka imigrasyon pou ede ou avèk pwosesis sa a. Men yon ti kantite resous:
Èd nan men IRAP
- Enfòmasyon sou kijan pou mande èd nan men IRAP disponib isit la.
- Si w nan peyi Jòdani, ou ka mande èd IRAP Jòdani lè w itilize fòmilè sa a. Si fòmilè a fèmen, ou ka tcheke ankò pita.
Èd nan lòt òganizasyon yo
- Gen yon lis founisè sèvis legal nan afè imigrasyon nan Etazini ki disponib la a. Avoka sa yo pa afilye avèk IRAP.
- Gen yon lis avoka prive nan afè imigrasyon nan Etazini ki disponib la a. Tanpri sonje avoka prive yo nan afè imigrasyon ka reklame yon frè pou peye pou sèvis yo. Avoka sa yo pa afilye avèk IRAP.
Commentaires
0 commentaire
Vous devez vous connecter pour laisser un commentaire.